Press Releases

Discours-Dialogue de S.E. Jean-Bertrand Aristide,
Président de la République,
avec les ouvriers du Parc industriel SONAPI
à l’occasion du deuxième anniversaire de sa réélection

SONAPI, 7 février 2003


PWOPO ENTWODIKSYON PREZIDAN ARISTIDE :

Sè m ak frè m yo bonswa !

(OUVRIYE YO REPONN POU DI : BONSWA !)

Èske vwa a rive dèyè a ?

(OUVRIYE YO REPONN POU DI : WI !)

Alò, si vwa a rive dèyè a, m ap mande moun ki dèyè si yo tande m pou yo leve men yo anlè pou m wè si yo tande. Moun ki dèyè, dèyè nèt yo.

(MEN MOUN KI DÈYÈ NÈT YO LEVE BYEN WO)

Etandone nou plizyè milye, sèljan pou moun ki dèyè yo kapab tande paske nou plizyè milye, se moun ki devan m ap mande fè silans.

Yon sèl nou fèb,
Ansanm nou fò,
Ansanm ansanm,

(PREZIDAN ARISTIDE AK YO DI : NOU SE LAVALAS !)

Yon sèl nou fèb,
Ansanm nou fò,
Ansanm ansanm,

(ANKÒ YON FWA PREZIDAN ARISTIDE AK OUVRIYE YO DI : NOU SE LAVALAS !)

Petèt sa pou nou fè kòm Lavalas la desann, nou pral pale deyò. Èske nou prefere al pale deyò paske la a deja twò piti ?

Èske nou prefere n al pale deyò paske la a deja twò piti ?

Nou dakò pou n al deyò ?

(YO DI : WI !)

Èske nou vle n al pale deyò ?

(YO KONTINYE REPONN POU DI : WI !)

Moun ki ta renmen n al pale deyò ; leve men pou m wè ?

(MAJORITE ; MAJORITE MEN ANLÈ)

Trè byen ! dakò, Donk m pral sòti deyò, m ap tann nou deyò pou nou kapab pale deyò. Paske la a deja twò piti.

(OUVRIYE YO AP KRIYE SALÈ MINIMÒM)

Nou pral sou salè minimòm nan toutalè. Dakò, nou pral deyò paske la a twò piti. Epi apre sa, m ap pale nou sou salè minimòm nan, n ap pale sou 7 fevriye, n ap pale sou reyalite peyi a. Dakò, oke, nou pral deyò, epi apre sa n ap pale deyò. Dakò ? Oke, nou pral deyò, ansuit, na pale deyò.

(NAN MOMAN SA A OUVRIYE YO AP MANIFESTE KONTANTMAN, JWA, YO, Y AP DI : ARISTIDE PEYI A SE POU OU…)

1, 2, 3, 4, 5 ! Alò, 1, ede m konte, ede m konte, Oke, dakò,

(MOUN YO KONTINYE AP MANIFESTE JWA YO)

Yon lòt fwa ankò, m salye nou,
Yon fwa, 2 fwa, 3 fwa, 4 fwa, 5 fwa !

(OUVRIYE YO K T AP KONTE AK PREZIDAN ARISTIDE, APRE 5 FWA ! YO KRIYE WE !)

Alò, n ap rekòmanse ansanm,

(MOUN YO KONTINYE AP MANIFESTE JWA AK KONTANTMAN YO)

Jodi a se ki dat ?

(YO REPONN POU DI : 7 FEVRIYE !)

Jodi a se ki dat ?

(YO REPONN POU DI : 7 FEVRIYE !)

Jodi a se ki dat ?

(POU YON 3èm FWA OUVRIYE YO, REPONN POU DI : 7 FEVRIYE !)

Nan okazyon 7 fevriye a, olye m salye nou 7 fwa, M ap salye nou :

(PREZIDAN ARISTIDE AK OUVRIYE YO AP, REPETE ANSANM : YON FWA, 2 FWA, 3 FWA, 4 FWA, 5 FWA !)

(APRE 5 FWA a OUVRIYE YO KRIYE WE !)

Si m kontan salye nou, se : ni Premyè Dam nan, ni Minis ki akonpanye m, ni premye Minis lan avèk rès Gouvènman an ki fè youn avè m non sèlman pou salye nou, men pou salye tout peyi a, yon fwa, 2 fwa,

(OUVRIYE YO KONTINYE KONTE AK PREZIDAN ARISTIDE : 3 FWA, 4 FWA e 5 FWA !)

Isit la, nou retwouve nou pami ouvriye avèk patwon. E se pou sa m kontan salye yon mannyè byen espesyal tout ouvriye yo, tout patwon san m pa bliye tout chomè. Moun ki la a ki pap travay ki nan chomaj, avèk tout lòt moun nan peyi a ki nan chomaj, mwen pa bliye yo. E moun ki la a ki ap travay, mwen kontan retwouve m nan mitan nou pou ansanm nou fè yon vizit ki kapab bay sewòm non sèlman a noumenm ki la a, men, a rès peyi a tou. Gen yon pawòl enpòtan, se yon gwo pwovèb ki ba nou yon gwo leson. Pwovèb la di : se 2 bon ki fè bonbon. Kòman pwovèb la di ?

(YO REPONN POU DI : SE 2 BON KI FÈ BONBON !)

Se 2 bon ki fè bonbon.
Si gen bon ouvriye, plis bon patwon, n ap gen bonbon travay.

Èske nou bezwen bon ouvriye ?

Wi !

Èske nou bezwen bon patwon ?

(PREZIDAN ARISTIDE AK OUVRIYE YO REPONN POU DI : WI !)

Nou bezwen bon ouvriye avèk bon patwon ki pou ba nou bon jan travay. Lè gen bon jan travay, sa mete kòb nan pòch ouvriye, Sa mete kòb nan pòch patwon. E lè sa atout moun satisfè, tout moun kontan paske tout moun pote sa ki bon nan kè yo, vin mete sou tab la. Pandan m retwouve m nan Pak Endistriyèl, m kontan bay tout patwon yo ; yon akolad patriyotik pandan m ap bay tout ouvriye yo yon akolad patriyotik paske pou nou gen bon, bon travay, fò nou gen bon patwon, plis bon ouvriye. E se pou sa pwovèb la byen di : se 2 bon ki fè ?

(OUVRIYE YO KONTINYE POU DI : BONBON !)

Bonbon !

Kòman pwovèb la di ?

(OUVRIYE YO REPONN : SE 2 BON KI FÈ BONBON !)

Si gen bon ouvriye pa gen bon patwon, èske ap gen bonbon travay ?

(YO REPONN POU DI : NON !)

Si gen bon patwon pa gen bon ouvriye, èske ap gen bonbon travay ?

(PREZIDAN ARISTIDE AK YO REPONN : NON !)

Donk yon lòt fwa ankò, a travè tout peyi a, chak moun ki jwe wòl patwon paske ou gen yon moun k ap travay avè w, m salye w respektyezman e patriyotikman. E, moun k ap travay pou yon lòt moun, m salye w respektyezman e patriyotikman. Paske nou bezwen pou nou tout bon youn avèk lòt pou peyi a kapab genyen bon jan travay ladann. Sa se premye mesaj m bay nan jounen 7 fevriye a. Se 2 bon ki fè bonbon. Fò n gen bon patwon, bon ouvriye pou n ka genyen bonbon tra ?

(PREZIDAN ARISTIDE ANSANM AK OUVRIYE YO KONTINYE POU DI :TRAVAY !)

Alò, lè w genyen 5 bon, li fè w yon bon manda 5 kan.

(MOUN YO MANIFESTE KONTANTMAN YO)

Alò ! pou nou menm ouvriye, pou nou menm chomè k ap chèche travay, Men 2èm mesaj m pote nan Okazyon 7 Fevriye a,
Si gen patwon k ap vin mete travay, youn nan premye kondisyon patwon yo ap egzije, e yo gen rezon, se : lapè !
Se sa nou rele estabilite politik la. Paske kèlkeswa moun ki gen kòb, li vle kreye travay avèk kòb li genyen an, si pa gen lapè, li pap ankouraje kreye travay.

Si pa gen estabilite politik, menm si l gen anpil kòb, li pap entèrese kreye travay. Se pou sa nou menm Leta, nou gen reskonsablite pou n travay pou lapè. Pèp ayisyen avèk Leta ayisyen ansanm, nou gen obligasyon pou n pwoteje lapè a, pou lapè a kapab mache avèk estabilite politik, pou estabilite politik la kapab ankouraje ni ayisyen ki gen kòb, ni etranje ki gen kòb, vin kreye travay an Ayiti pou nou menm Pèp ayisyen kapab jwenn plis travay. Sa a se 2èm mesaj la. E, Dezyèm mesaj la, li enpoòtan anpil,

Pou kisa li enpòtan anpil ?

Paske Leta san ou menm mas Pèp la ; ap pi difisil pou non sèlman li fin mete lapè, men pou l pwoteje lapè a. Se sa k fè Leta avèk Pèp la dwe toujou mache ansanm tankou 50 kòb ak 2 gouden kole, tankou pase pran m, ma pase chèche w. Lè pèp la avèk Leta a fè youn, lè sa a ansanm, nou kenbe lapè a, nou pwoteje lapè a, nou kenbe estabilite politik la ki endispansab pou nou kapab genyen yon peyi kote ayisyen ki gen kòb, plis etranje ki gen kòb kontan kreye travay pou tout moun ki chomè kapab jwenn travay. Nan san sa a, 7 fevriye 1986, kisa k te rive nan peyi a ? 7 Fevriye 1986, kisa k te rive nan peyi a ?

(OUVRIYE YO DI : DIKTATI A TE TONBE, JEAN-CLAUDE ALE !)

Diktati a te tonbe,
7 Fevriye 1991, kisa k te rive nan peyi a ?
Nou te rantre nan Palè Nasyonal.
7 Mwa apre 7 Fevriye 1991, èske te gen Kou Deta nan peyi a ?

(YO REPONN POU DI : WI !)

Èske Kou Deta 7 Fevriye 91 lan te fè dega ?

(YO DI : WI !)

Èske Kou Deta 7 Fevriye 91 lan te fè anpil moun mouri nan peyi a ?

(OUVRIYE YO BYEN FÒ REPONN POU DI : WI !)

Si te gen 3 zan dega, lanmò, nou menm ki te nan mawon, èske lè sa a travay te ogmante nan peyi a ?

(PREZIDAN ARISTIDE AK OUVRIYE YOREPONN POU DI : NON !)

Èske patwon yo te kontan vin met travay ?

(ANKÒ YON FWA PREZIDAN ARISTIDE AK YO REPONN POU DI : NON !)

Gen anpil patwon k te gen izin isit, akoz Kou Deta a,
Kisa yo fè ?
Yo oblije ale lòtbò ?

(PREZIDAN ARISTIDE AK OUVRIYE YO KONTINYE POU DI : Lòtbò dlo)

Èske patwon bezwen Kou Deta pou l kreye travay ?

(PREZIDAN ARISTDE AK OUVRIYE YO DI : NON !)

Èske patwon bezwen ensekirite pou l kreye travay ?

(PREZIDAN ARISTIDE AK YO DI : NON !)

Patwon an sa l bezwen, li bezwen yon peyi ki pa genyen Kou Deta pou l kapab kreye tra ?

(OUVRIYE YO REPONN POU DI : TRAVAY !)

Èske Pèp ayisyen s on Pèp ki parese ?

(OUVRIYE YO DI : NON !)

Èske Pèp ayisyen renmen travay ?

(OUVRIYE YO REPONN POU DI : WI !)

Èske Pèp ayisyen konn travay ?

(YO REPONN POU DI : WI !)

Èske Pèp ayisyen travay di !?

(OUVRIYE YO REPONN POU DI : WI !)

Lè nou a letranje, travay ayisyen fè, fè lonè tout ayisyen. Paske pa g on peyi kote m pase, yo pa ta rekonèt kouraj ayisyen k konn travay, ki renmen travay, ki gen diyite pou l travay pou l kapab fè kòb nan diyite. Paske ayisyen pa renmen vòlè, ayisyen pa renmen fè kalewès pou l al vòlè. Ayisyen renmen travay pou l kapab fè kòb nan diyite. E se sa ki fè fyète nou, se sa ki fè lonè nou, ni lè n a letranje, ni lè nou an Ayiti.

Si anpil Ayisyen pa jwenn travay, èske se paske yo pa vle travay ki fè yo pa travay ? (FOUL LA REPONN : NON)

Ayisyen ki pa jwenn travay, èske yo pa ta renmen travay? (FOUL LA : WI)

Ayisyen ki pa jwenn travay èske yo pa vle travay? (FOUL LA : WI)

Yo vle travay paske yo renmen travay. Gen de fwa w ap gade ki kalite travay yon manman pitit ap fè pou l kapab gen kòb pou l bay pitit li manje, sa fè w kontan. Gen de fwa w ap gade ki travay yon jèn gason fè san l pa kite lawont anpeche l travay di, li fè l paske yon jèn gason ki respekte tèt li, li pa chwazi vòlè, li chwazi travay pou yo kapab respekte l.

Se sa ki fè nou menm jèn yo ki la a, lè w wè manjezon chomaj la fè nou fache, m konprann sa. Lè manjezon chomaj la fè jenès la an kòlè, m konprann sa paske m konprann tout jèn Ayisyen, tout Ayisyen tout bon toujou renmen lapè, sekirite pou moun ki gen kòb kapab mete anpil travay pou tout chomè kapab gen plis chans jwenn travay. Ede m ankouraje tout moun k ap travay e tout moun ki bay travay, san bliye moun ki vle travay avèk yon aplodisman sensè e patriyotik. Ann ale. Byen fò. Byen fò e byen sensè.

(ANPIL APLODISMAN)

Se pou sa tou … m ap rive sou salè minimòm nan. Minis Afè Sosyal la la, Sendikalis yo la, m ap rive sou salè minimòm nan. Anvan m rive sou salè minimòm nan, ban m woule machin nan sou wout lapè a ki endispansab pou nou kapab gen plis travay.

Alò, si gen moun ki te fè koudeta, kisa m mande yo jodia? Nan non tout Ayisyen, mwen mande tout moun ki te patisipe nan koudeta 30 septanm 1991 lan, plis lòt moun ki te patisipe nan lòt koudeta 17 desanm nan, m mande yo pou yo fè meyakoulpa yo pou yo mande pèp Ayisyen padon paske se yon krim koudeta ye.

Tout moun ki te mete kòb, tout moun ki te ankouraje koudeta a, kit se moun lòtbò dlo, kit se moun bò isit, sa ki enpòtan se rekonèt:

Wout koudeta a paka mennen nou nan travay!
Wout koudeta a paka mennen nou nan kreyasyon travay!
Wout koudeta a se yon vye wout pou nou abandone nèt ale e lè konsa, fòk nouvo poutchis k ap aprann fè koudeta respekte manda 5 kan pou yo kapab mache nan wout 5 kan an ki se wout lapè a, ki se wout stabilite politik la, ki se wout kreyasyon travay la.

Si jodia mwen ta envite yo tout di pèp Ayisyen mèsi, se akòz de bonte pèp Ayisyen, se akoz de konpreyansyon pèp Ayisyen, se akoz de grandè pèp Ayisyen. Menm lè pèp Ayisyen wè ki jan koudeta yo fè l mal, men pèp Ayisyen tèlman gran, alye li ta dekouraje, olye li ta bay legen, olye li ta al vòlè, li pito ap mande travay nan la diyite, li pito ap travay di pou li anpeche koudeta tounnen. Bravo pou nou ! nou merite sa, bravo pou nou ! (APLODISMAN)

Eske Ayisyen dwe rayi Ayisyen? (FOUL LA: NON)

Eske Ayisyen dwe gen rayisans nan kè li pou Ayisyen parèy li? (NON)

Eske Ayisyen gen enterè fè vanjans kont Ayisyen? (FOUL LA : NON)

Non. Lavalas la pa mache avèk vanjans. Menm lè Lavalas la viktim souvan, men grandè ki nan kè nou fè nou renmen moun ki pa renmen nou e nou mache byen avè yo pou byen peyi a. Se pou sa, tout moun ki poko konprann, yo ta gen enterè di pèp Ayisyen mèsi pou grandè pèp Ayisyen.

Twazyèm sa pou yo ta fè, se fè yon tèt ansanm avèk tout Ayisyen pou tèt ansanm sa a ede nou rezoud pwoblèm yo chak fwa li nesesè nan konpreyansyon. Pa egzanp : Si jodia, avan m pale de salè minimòm nan m pale de stabilite politik la ki endispansab pou kreyasyon anplwa a, se paske reyalite nou an pwove nou m gen rezon. Reyalite a pwouve, pou gen anpil anpil travay, pou gen mwens chomaj, anpil travay, fòk pa janm gen koudeta, fòk toujou gen respè manda nou menm pèp Ayisyen nou bay pou kenbe peyi a nan disiplin, nan lòd, nan lapè, nan stabilite politik. E kòm se sou wout sa a nou ye, wout sa a mache ak eleksyon, davans, m pral mande nou sensèman pou nou ede m bay tout moun, tout enstitisyon, tout pati politik ki konsène nan fòmasyon KEP a, yon akolad sensè pou jan mwen espere yo pral reyaji pozitivman nan pote kole pou konsèy elektoral la kanpe e travay paske, jodi 7 fevrie a, nan yon dat enpòtan ou tout Ayisyen, prezidan peyi a fè sòti yon arete kote nou siyen pou kreyazyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a. (APLODISMAN FOUL LA)

Chapo pou yo! Mèsi davans pou yo! (APLODISMAN)

(FOUL LA VOYE YON SLOGAN : ELEKSYON WI, KOUDETA NON, NOU PAP MAWON ANKÒ - E YO REDI L PLIZYE FWA)

Eleksyon wi, koudeta non, nou pap mawon ankò. Byen di. Trè byen! Gade zam ki la a, fè yon ti koudèy. Gade zam ki nan men Polisye yo ki la a. Gade zam yo pou mwen. Nou wè zam yo, lè gen koudeta, zam sa yo fè krim. Lè pa gen koudeta, zam sa yo pwoteje tout moun. Se bèl bagay, se sa ki rele lapè, se sa ki rele demokrasi. Se byen sa. (APLODISMAN)

Gade Polisye yo, nou wè Polisye yo, kit se sa ki gen inifòm, kit se sa ki pa gen inifòm, lè gen koudeta yo mal alèz paske yo oblije ale nan direksyon chèf ki fè koudeta a ba yo. Lè pa gen koudeta yo kontan paske yo ale nan direksyon lapè, yo ale nan direksyon pwoteje dwa tout moun, respekte dwa tout moun. Se byen sa.

Alò, salè minimòm. (FOUL LA RELE : WE E E E E E E E E E E E E E E !)

Salè minimòm nan, pou tout moun k ap travay isit la mache avèk… plis de lòt bagay. Youn ladan yo se lasante. Mwen pale avèk plizyè patwon, mwen pale avèk plizyè sendikalis, mwen pale avèk plizyè ouvriye, mwen tande sa Minis Afè Sosyal la rekòmande, m tande rekòmandasyon tout lòt sektè yo, kit se sektè patwonal la, kit se sektè ouvriye yo, kit se pèp la, kit se bòn k ap travay kay moun paske lè yon bòn ap travay kay yon moun, lè yon jeran lakou ap travay kay yon moun, menm si li pap travay isit la, si salè minimòm nan ogmante, bòn nan l ap gen plis chans jwenn plis moun ki prete l kòb san l pa oblije pran yon gwo kout ponya.

Kit se peyizan an ki gen paran l k ap travay, lè salè minimòm nan ogmante, peyizan an tou, li kontan, menm si li pap travay isit la paske l ap genyen yon rale souf.

Salè minimòm nan li bon ni pou moun k ap travay kòm ouvriye, ni pou patwon ki bay travay paske lè kè ouvriye a kontan, li bay plis randman e patwon an genyen plis benefis li fè; e m felisite patwon ki te deja konprann sa e ki te deja manifeste sa nan jan yo boule byen avèk ouvriye yo, nan jan yon antann yo avèk ouvriye yo apati de sa yo kwè ki pi di pase 36 goud ki te egziste a paske 36 goud ki te egziste a li pa egziste ankò pyès.

(FOUL LA MANISFESTE KONTANTMAN PA ANPIL APLODISMAN)

Alò, m si se chif la n ap tann! (FOUL LA REPONN : WI)

M tèlman konnen se chif la n ap tann, si m mande premyè Dam nan èske se pou m bay chif la kounye a oubyen bay chif la alafen, li pral di m alafen paske li konnen si m bay li kounye a nou pap tande rès sa mwen pral di ankò yo. Kidonk se alafen. Eske w dakò pou m bay li alafen.

PREMYÈ DAM NAN: Alafen.

Nou wè, ni li nou mwen, nou youn konnen kijan lòt panse. Alafen. (TOUT MOUN YO RI)

Kidonk, gen dispansè nou bezwen isit la nan Pak Endistriyèl la, pral genyen bon jan dispansè pou, olye nou kouri al pran swen lwen pou nou gen tan jwenn premye swen isit la nan Pak Endistriyèl la.

Dezyèmman: pral genyen bon jan kafeterya isit la, paske lè w mal manje, ou mal travay, ou paka bay randman, kidonk, nou pral fè yon bon jan kafeterya isit la. (MOUN YO POUSE GWO KRI KONTANTMAN)

Kòb pou nou depanse piti akòz de koudeta ekonomik ki egziste a. Lè pa gen koudeta ak zam fann fwa, gen koudeta ekonomik ki bay anbago, e anbago a fè 500 000 000 dola a pa antre. M espere avèk Konsèy Elektoral la ki pral kanpe, eleksyon ki pral fèt nan disiplin, nan lòd, nan sekirite, nan lapè, pral genyen deblokaj ekonomik pou nou pa kontinye soufri anba koudeta ekonomik la.

Tann mwen, si pat gen koudeta ak zam fann fwa, si pat gen koudeta ekonomik, ala chèlbè pèp Ayisyen ta fè, ala banda pèp Ayisyen ta banda. Nou ta gentan gen anpil travay atravè tout peyi a; nou t ap gentan gen anpil wout atravè tout peyi a, nou t ap gentan gen anpil lekòl atravè peyi a, nou t ap gentan gen anpil lopital atravè peyi a. Se pou sa, lè gen moun ki konplis, mwen mande yo pa agase pèp la ki konprann sa nan pran pòz se pa yo menm ki konplis e ki koupab ni nan koudeta ak zam fann fwa ki te fèt, ni nan koudeta ekonomik ki bay blokaj ekonomik ki la a nou rele anbago a. Se pou yo rekonèt sa, fè meyakoulpa, di pèp la padon, di pèp la mèsi, e nou menm nou twò kontan ba yo akolad pou ansanm avè yo, nou retire anbago a, pou lè nou ap pale de travay ki gen pou fèt nan peyi a pou gen plis kòb.

M ap ba nou yon demonstrasyon de transparans, apresa m ap ba nou chif konsènan salè minimòm nan.

Lè nou menm nan Leta a, nan Gouvènman an n ap travay, nou fè posib nou pou travay la konbat koripsyon diktati Duvalier a te kite. Nou fè posib nou pou travay la konbat gaspiyaj. Jiska prezan, nou poko rive elimine tout gaspiyaj, tout koripsyon, men n ap fè travay pou nou kontinye. Se sa ki fè, lè m fè transparans, yè swa, mwen pran dosye m, m ap gade chif yo pou m wè soti 7 fevriye 2002 rive jodia 7 fevriye 2003 konbyen kòb nou depanse, sa te fè m plezi nan yon sans, lè m wè pou tout mizè n ap pase anba anbago a, tout mizè n ap pase pou dekouvri Sen Pyè kouvri Sen Pòl pou nou te kapab mete 300 000 000 goud apa pou bay kredi a 46 000 anplwaye Leta nou peye chak mwa 232 000 000 goud, sa fè m plezi wè nou rive fè sa. Sa fè m plezi wè, menm lè bagay la di, nou rive jwenn 100 000 000 goud pou nou mete apa pou nou te kapab kòmanse fè reparasyon pou viktim yo ak pati politik ki di yo viktim, nou ba yo pi fè nan kòb sa a. Sepandan, se achte nou achte lapè a pou nou kapab fè peyi a genyen lapè ki endispansab pou kreyasyon travay.

Menm jan an tou, sa fè m plezi lè m wè, menm lè wout poko fin ranje paske kòb la bloke, lekòl gen pwoblèm paske kòb la bloke, lopital gen pwoblèm paske kòb la bloke, anpil chomè ap soufri, anpil manman pitit ap soufri paske kòb la bloke.

Sepandan, tande sa m pral di a byen. Sa a se transparans sa m pral di w kounye a pou lè gen moun ki vle fè w pran lalin pou fwomaj pou oumenm pou w kapab koresponn ak vyolans men ak entèlijans avèk yo. Malgre anbago a, di w konbyen kòb, soti 7 fevriye 2002 rive jodia 7 fevriye 2003 nou depanse nan enfrastrikti : Nou depanse :

Pou enfranstrikti pandan 1 nan sa a sèlman : 974 milyon goud.

Pou lojman : 203 milyon goud

Pou edikasyon : 387 milyon goud

Pou jistis : 114 milyon goud…

E m te gen dwa kontinye ap di w konbyen kòb nou depanse nan kòb ki rantre anndan trezò piblik la. Sa se pa lajan ki sot lòtbò dlo. Sa a se lajan nou menm nou ranmanse e nou travay avè l.

Site Solèy : mache nou wè k ap fèt la a nan Site Solèy la, plas piblik nou wè k ap fèt la, wout nou wè ki ge pou travèse Site Solèy, bèl wout nou wè ki soti devan Pon Wouj ki reve kounye a nan Boulva Endistri an atandan nou mennen l Bon Repo pou l al jwenn avèk Sen Mak Gonayiv paske pou Sen Mak Gonayiv, nou klè deja, nou peye kòb, travay la li pral kòmanse, se mobilize y ap mobilize ekipman yo, enbyen m ta di, devan Site Solèy, bèl wout nou wè a, li fè pati de 974 milyon goud nou depanse pou reparasyon ou konstriksyon wout yo.

Pi devan, lè m pral Site Solèy, m vle pou Plas Site Solèy ki an konstriksyon an pi bèl toujou pase plizyè nan lòt plas piblik ki egziste deja yo.

(APLODISMAN FOUL LA)

Mache Site Solèy la fèt, m kontan. Mwen wè l nan televizyon. M ap jofre an atandan pou m al wè l fasafas. M ap jofre e m pral wè l fasafas. Bèl plas la, e dayè, an atandan sonje se gras a moun Site Solèy ki mete lapè nan Site Solèy ki pèmèt enjenyè yo kapab travay pi vit pase avan. M felisite nou.

Li konn 2 zè di maten enjenyè yo anndan Site Solèy ap travay. Se bèl bagay sa. Lè yo di pa gen sekirite, nou di gen sekirite ak sekirite, paske lè w ka travay a 2 zè di maten anndan Site Solèy jan enjenyè yo di l piblikman, sa rele sekirite. E se gras a moun Site Solèy, jèn Site Solèy ki bay tout konkou yo pou lapolis la plis yo menm kapab kreye lapè pou travay la avanse pi vit. Mèsi Site Solèy. Kit se Site Solèy, kit se Lasalin, kit se lòt katye popilè yo kote nou ap travay, lapè a endispansab menm jan avèk peyi a li endispansab.

Bèlè, m konn sa, nou jalou, depi m pa site non yon katye, m santi jalouzi kòmanse fèt. Se pou m pap kontinye site ankò pou ankenn katye pa fè jalouzi.

Alò. Chif konsènan salè minimòm avan m kòmanse. Lè m deplase la a ki kote m prale si nou konnen?

(FOUL LA REPONN : SITE SOLÈY)

Non. Fòk plas Site Solèy la vin anfòm. Fòk rès travay yo fin fèt avan m al wè ak zye m, annatandan, m la ak kèm, annatandan Minouche avèk mwen la avèk kò nou nan Site Solèy. Tout moun ki nan Site Solèy, nou bo nou, e travay la ap kontinye pou nou vin fete avèk nou lè travay la vin pi bèl.

Lè m sot la a nou konn kote m prale? Lè m sot la a, menm jan m te di l nan kòmansman an, se 2 bon ki fè bonbon, fòk gen bon ouvriye plis bon patwon pou ka gen bon bon travay, m konsidere kanpe m fè la a, se nan mitan ouvriye yo ak fiti ouvriye, sa vle di chomè ki pral jwenn travay, si lè m fin bay ouvriye akolad m pa al bay patwon akolad, m ap santi chodyè a bouyi yon sèl bò. Fòk li bouyi toulède bò paske fòk gen 2 bon ki fè bonbon, m pral salye patwon yo, m pral ba yo akolad patriyotik menm jan m ap bay ouvriye yo kounye a akolad patriyotik pa yo. Se responsabilite pa Chef d Eta a pou pwoteje tout Ayisyen san distenksyon. N ap ba yo 5 bon. Olye de 2 bon, 1, 2, 3, 4, 5 bon. 5 bon sa fè 5 kan.

Alò, avan m al salye patwon yo, men kisa ki soti nan antant, nan echanj, nan dyalòg, e m fyè lè m wè Leta atravè Minis Afè Sosyal la chita avèk Sendika yo, patwon yo pou yo te kapab dyaloge. Mwen ankouraje lòt Ayisyen kontinye fòtifye dyalòg sa a. Li pap fasil pou dyalòg la te rive sou antant.

Jiska maten an, m te an poupale tanto pa telefòn, avèk yon patwon ou yon sendika, tanto pa telefòn avèk Minis Afè Sosyal la, pou finalman avèk Premye Minis la, piske nou fè tout bagay nan tèt ansanm pou nou te rive pran yon desizyon.

Minis Afè Sosyal la pral gen pou l kontinye bèl dyalòg sa a jan l fè l deja. Gen sa yo rele komisyon tripatit ki gen 3 gwoup ladan l, li deja voye envitasyon ba yo pou semèn pwochèn nan komisyon sa a chita ansanm, gade kondisyon travay …patwon yo, ouvriye yo ak Leta toujou kreye bon kondisyon chak fwa li nesesè pou tout moun kontan. Sa vle di fòk patwon an kontan, fòk ouvriye a kontan, fòk Leta kontan pou ane pwochèn lè konsa nou gen plis travay pou nan fen mandan 5 kan an nou genyen plis plis plis travay. Se sèten.

Alò, se nan bon espri sa a mwen mande tout patwon ki ta santi li t ap mye pou, olye de chif final la li mwens, m mande yo patriyotikman, konprann mwen, konprann Leta a, konprann sendika yo, konprann ouvriye yo. Se menm jan an tou, m mande tout ouvriye yo ki ta prefere chif ki pral soti a fòk li ta pi wo toujou, fòk mwen jis si m mande patwon yo yon sakrifis patriyotik, fòk mwen mande ouvriye yo yon sakrifis patriyotik tou.

M mande ouvriye yo, satisfè avèk chif sa a menm si w ta renmen l plis paske pi devan, lè gen plis stabilite politik, plis lapè, pou nou genyen plis moun k ap vin mete plis travay, se nòmal n ap genyen yon salè ki monte pi wo paske benefis patwon an pral monte pi wo, tankou salè ouvriye a pral monte pi wo. Sa m mande ouvriye yo toujou. Ouvriye ki deja antann ou avèk patwon pa w la, menm si nou pale de yon salè minimòm k ap monte l monte, l monte; talè n ap jwenn chif la, konprann patwon yo pou nou pa fè yo monte le syèl pa do, men jan yo menm yo pap fè nou monte ma swife pye atè paske dyalòg la l ap ede nou satisfè avèk yon chif.

Piske jodia se 7 fevriye, se 70 goud. (APLODISMAN FOUL LA)

Se sa ki nan kominike Minis Afè Sosyal la pral fè soti kounye a, answit sa pral nan Palman an paske selon lalwa, atik 137, li ap pase nan Palman an. Konsa, mwen di nou kenbe fèm, mwen di tout pèp Ayisyen ki te fè 7 fevriye 1986 ki refè yon lòt 7 frvriye, 7 fevriye 1991, ki refè yon lòt 7 fevriye, 7 fevriye 1996, ki refè yon lòt 7 fevriye 2001, e jodia nou nan 7 fevriye 2003; mwen di nou pou nou fè Ayiti 2003 fwa pi bèl, fòk chak 7 fevriye sa yo vle di sewòm, fòs, vitamin. Sonje sa w genyen kòm fòs, sonje sa w genyen kòm kouraj, sonje sa w genyen kòm fyète pou fristrasyon chomaj la bay, tout fristrasyon koudeta ekonomik ak koudeta zam te bay pa dechaje batri w.

Kenbe fèm!

Youn kenbe men lòt pou patwon avèk ouvriye, peyizan avèk moun lavil, nou tout ansanm kòm Ayisyen ak Ayisyen pou nou fè peyi nou an mache bèl.

Ou di Viv Aristide, m reponn Viv Ayiti!

Viv Ayiti, Viv Ayiti, Viv Ayiti cheri nou an.

Mèsi.

(Source: Bureau de Communication et de Presse de la Présidence, Palais National, Port-au-Princ)

Début de la page

 


| Main Page| |General Information | |Government and Society| |Links on the Web |
| Business and Economy | |Tourism and Travel | |Visa Regulations | |Documentation |

©2003 Copyright Embassy of the Republic of Haiti