Press Releases

Discours de S.E. Jean-Bertrand Aristide,
Président de la République,
à son retour de la Conférence des chefs d’État
et de Gouvernement de la CARICOM

Aéroport international de Port-au-Prince, le 16 février 2003


Excellence, Monsieur le Premier Ministre,
Distingués membres du Cabinet ministériel,
Chers policiers,
Chers compatriotes,

Faudrait-il vous dire bonsoir ou bonjour parce qu’il est minuit moins cinq? Peut-être, pour certains, c’est déjà minuit. Je choisis de vous dire bonsoir. Peut-être, avant de terminer, je vous dirai bonjour. Mais soyez assurés, je ne serai pas trop long.

Jounen an kòmanse bonè pou Minis yo an patikilye avèk mwen piske plizyè nan nou leve vè 3 zè di maten pou nou te kapab ansanm nan aewopò a, e kounye a li vanse minwi, sa vle di se te yon jounen manch long. Yon gwo jounen travay.

M kwè lòt konpratròt pa nou ki Trininad, yo menm tou, yo travay di pou byen peyi a. E chak fwa nou retwouve nou nan fanmi Karayibeyèn nan, sa fè plezi paske sa ede nou kontinye revitalize nou kòm nasyon, kòm pèp, kòm gran pèp. Pa aza, avèk Minis Afè Etranjè a, nou ouvri yon liv epi tit la se: « Reenvante KARIKÒM ». Lè m gade nan tab dè matyè a, m wè deklarasyon de Grandans. Tou swit, nou tout lè de nou tonbe souri, m ale nan paj 205 liv la pou m al wè ki Grandans. Se pat Grandans Jeremi an, se yon Grandans ki chita nan peyi Grenad.

Sou plan jeografik, menm pa koensidans, non yo fè nou prezan lakay yo. Sa raple m ki jan nan prezan istorikman tou, e sesi an pwofondè lè pa egzanp an 91, Trinidad te envite m viv fè yon konferans sou sa yo rele « Jou emansipasyon » gwo jounen libète total kapital pou yo, e après la conférence, je devais me rendre quelque part à environ 6 - 7 kilomètres de kote m t ap fè konferans la.

E yo aliyen elèv lekòl an inifòm 2 bò wout la ki gen ti drapo Trinidad nan men yo, e ki pi bèl sipriz pou mwen e pou tout Ayisyen, lè m tande elèv lekòl yo, sou 2 bò wout la, y ap ajite ti drapo yo epi y ap di : « Dessalines, Toussaint, Christophe. Viv Dessalines, Toussaint, Christophe ». Fòk ou ta di ou an Ayiti.

Ceci en 91, ki te fè m santi rasinn istorik nou yo, yo pwofond. E aswè a ankò, nou te gen okazyon nou menm Ayisyen redekouvri pwofondè rasin Ayisyèn yo anndan reyalite Karayibeyèn nan. Se pa sèlman o nivo jewografik oubyen o nivo istorik nou pwòch. Nou pwòch tou onivo de istwa kontanporèn de reyalite jodia.

Nan youn nan dosye nou t ap trete ansanm nou menm 15 peyi nan KARIKÒM nan ki fòme fanmi Karayibeyèn nan, se te dosye krim. E, nenpòt ki nan nou ki te fè eksperyans delegasyon Ayisyèn nan te fè a ta kapab pwobableman reyaji menm jan an. Lè w koute chak peyi nan Karayib la k ap pale de reyalite krim lakay pa l, de reyalite vyolans, w ap mande w eske w an Ayiti oubyen èske ou pa an Ayiti piske an reyalite tablo a parèt menm jan, diferans la, sèke se pa nou ki gen plis krim lakay nou. Lwen de la.

Lè m koute yo, mwen di yo, piske n ap prepare eleksyon nan ane 2003 an Ayiti, si se nan peyi pa nou genlè fòk nou ta fin rezoud pwoblèm krim sa yo anvan nou al fè eleksyon sinon nou pa t ap janm fè eleksyon tèlman pwoblèm nou di nou gen lakay nou yo, lakay pa m an Ayiti nou gen mwenw. Sa ki verite.

M t ap raple yo tou lè m konpare reyalite Ayiti avèk vil New-York, se yon tablo enpòtan piske vil New-York genyen 39 110 polisye pou yon popilasyon de 8 000 000 Ameriken anviwon nan New-York. Ti blòk popilasyon New-York la li egal enviwon popilasyon peyi d Ayiti. Si nan New-York an plis de 39 110 polisye pou 8 000 000 Ameriken, lè w ajoute anplwaye, teknisyen ki ap akonpanye polisye sa yo, se yon machin ki kapab rive jiska 62 mil moun k ap garanti sekirite pou 8 milyon. Lakay pa nou, nou gen mwens pase 5 000 polisye e nou pa genyen otan de mwayen lojistik ou otan de mwayen finansye, ni onivo tradisyon.

Tou sa pou di nou menm nou ap konbat ensekirite e krim, nan Karayib la, se menm konba a kont ensekite e kont krim, toupatou kote nou remake fòk nou fè plis efò, n ap fè plis efò. Men pandan n ap fè plis efò, sa pou nou pa fè, se souzestime nou, devalorize nou. Fòk rasyonèlman nou kontinye konbat krim, nou kontinye konbat ensekirite, e pwize nan grandè kiltirèl nou, grandè de pèp nou tout sa ki pozitif, tout sa ki bon pou nou ka kontinye mennen konba a kont kèlkeswa krim.

Se avèk lespri sa a mwen vin envite tout pèp Ayisyen, nan wikenn sa a, pou nou ta ranmase yon refleksyon senp men pwofon. Pandan jounen travay nou te genyen avèk KARIKÒM nan, nou abòde avèk plizyè nan yo vizit yo pral fè an konpayi de manm OEA e de manm nan gouvènman Ameriken pou nan kòmansman semèn sa a nou gade èske se pa ta dènye kalfou pou travèse soti nan kriz sa a, tonbe nan deblokaj politik ki pou pase pa òganizasyon eleksyon, pa ogmantasyon sekirite, pa aplikasyon rezolisyon 822 OEA a.

Ma réflexion, elle est simple. Et je la partage avec la nation. Ce ne sont pas ceux-là qui partagent la réalité caraïbéenne avec nous, les 15 pays de la CARICOM ou la réalité hémisphérique, les 34 États membres de l’OEA. Ce ne sont pas eux-même qui vont venir résoudre notre problème. C’est nous, Haïtiens, qui devons nous entendre pour résoudre ce problème en leur compagnie. D’aucuns me diront, èske Ayisyen pou kont li ka rezoud pwoblèm sa a?

Ma réponse, elle est très simple. Nou bezwen CARIKÒM avèk l’OEA pou akonpanye nou, pandanke se nou Ayisyen avèk nou menm Ayisyen ki genyen responsabilite nan wikend sa a, nan kòmansman semèm k ap vini an pou nou fè yon sakrifis patriyotik nou poko fè, asavwa, antann nou patriyotikman pou nou mete KEP a kanpe, pou nou mete machin eleksyon an an mach pou antre tan nou mete men youn avèk lòt, Lapolis avèk popilasyon an, popilasyon an avèk lapolis pou ogmante sekirite ki genyen deja a, toupatou pou genyen plis konfyans, pou tout pati politik pi devan, libe, libè kapbap fè kanpay elektoral nan tout katye popilè, nan tout peyi a, san yo pa gen kè sote, pou tout popilasyon a retwouve l avèk yon Oozisyon, e Fanmi Lavalas, e yon gouvènman ki pap fè fè sakrifis ki pou fèt pou fwa sa a nou soti.

Voici mon message. J’y crois. Ce n’est pas impossible. Tâchons de transcender pour y arriver avec l’espoir que nous ferons briller la fierté Haïtienne au début de cette semaine, en nous donnant la main pour traverser et promouvoir vraiment cette croissance collective, qui passe par le déblocage politique et le déblocage économique. Allons-y ensemble. C’est possible.

Bonne Nuit. (APPLAUDISSEMENTS)


(Source: Bureau de Communication et de Presse de la Présidence, Palais National, Port-au-Prince)

Début de la page

 


| Main Page| |General Information | |Government and Society| |Links on the Web |
| Business and Economy | |Tourism and Travel | |Visa Regulations | |Documentation |

©2003 Copyright Embassy of the Republic of Haiti