DISKOU PREZIDAN REPIBLIK LA
NAN OKAZYON OUVÈTI
SESYON ÒDINÈ PALMAN AN
PALÈ LEJISLATIF

8 JANVYE 2007

Medam, Mesye, Onorab Senatè ak Depite, Konstitisyon an mande m, chak dezyèm lendi janvye, pou m pale ak Nasyon an atravè noumenm, Senatè, Depite ki reprezante l, pou m di kijan m wè sitiyasyon peyi a, men sitou ki pèspektiv pou peyi a.

Ki sitiyasyon peyi a, jodia ? Repons la pa difisil. Li nan tout radyo, nan tout televizyon, Nan tout jounal, nan tout lari a. Tout moun konnen l, tout moun ap repete l.

Pa gen travay : Leta ak sektè prive a met ansanm pa ka kreye ase dyòb jodia pou jèn yo ak popilasyon an anjeneral. Peyi a poko ka pwodui ase kouran pou fè ekonomi an mache. Pa gen ase sant sante ak lopital; pa gen ase doktè ak enfimyè pou bay popilasyon an swen sante. Pa gen ase dlo potab. Jaden yo pa jwenn dlo yo ta bezwen pou pwodui manje an kantite. Lè gen pwodiksyon manje, pa gen ase wout pou pote manje sa a kote pou l ta vann bon pri. Kontrebann ap kraze pwodiksyon nasyonal la pandan l ap anpeche Leta rantre kòb pou l fè envestisman ki pou mennen nan devlopman. Pou met abse sou klou, bandi tout kalite lage ensekirite ki bay tout moun kè plen ak kè sote.

Ebyen Prezidan ! Si w konn pwoblè m yo, Ou konn solisyon yo, li pa difisil ! Si pa gen wout, fè wout. Si pa gen lekòl, fè lekòl. Si pa gen kouran, mete kouran. Si pa gen sant sante ak lopital, men Prezidan, konstwi yo !

Se vre, repons la pa difisil. Se vre, konstwi wout, lekòl, sant sante, bay kouran pa difisil depi w gen mwayen pou sa.

Ebyen Prezidan, kote difikilte a ? Chèche mwayen yo ! Difikilte a se kreye kondisyon pou jwenn mwayen pou bagay sa yo fèt. Se la difikilte a ye.

Poutan, solisyon an nan tout radyo, tout televizyon, tout jounal. Li nan tout lari a, nan tout peyi a. Pèp la ap mande l tout lajounen :

Politisyen, Prezidan, Senatè, Depite, Gouvènman, mete tèt nou ansanm pou fè peyi a mache. Se sa Pèp la ap mande. Li difisil, men li kapab fèt. Li kòmanse fèt.

Fòk noumenm, lidè politik, Prezidan, Premye Minis, Minis, Senatè, Depite, fòk nou louvri zòrèy nou, tande sa Pèp la ap mande nou : Tèt ansanm pou stabilite, Stabilite politik k ap mennen kondisyon pou jwenn mwayen pou envestisman k ap kreye travay, fè wout, lekòl, dispansè, lopital, konbat ensekite.

M prete sèman 14 me 2006. Pandan kanpay la m te di m ap Prezidan tout Ayisyen. M fè yon mwa m ap diskite ak tout Pati Politik ki reprezante nan Palman an pou mete yon Gouvènman tèt ansanm kanpe. Nou fè l. Li pat fasil, men nou fè l ! Se okazyon pou m remèsye tout Pati Politik yo, tout Palmantè yo ki ede pou sa k te paret difisil la kòmanse rive fet.

Si pat gen Gouvènman tèt ansanm sa a, èske Kominote Entènasyonal la ta kapab mete 950 milyon dola vèt aladispozisyon peyi a ? Non. Si pat gen tèt ansanm èske Kominote Entènasyonal la ta kapab anvizaje pou l efase pi fò dèt peyi a genyen ? Non. Jodia, yo pran angajman pou retire plis pase 500 milyon dola dèt kap pèmèt Ayti pa peye anviwon 35 a 40 milyon dola enterè chak ane, kòb kap rete nan men nou pou konstwi lekòl, dispansè, lopital, elatriye. Si pat gen tèt ansanm ant Palman an ak Gouvènman an èske nou ta ka diskite epi vote yon bidjè nan yon mwa sèlman, bagay ki ta dwe pran yon lane? Non.

Fòk tèt ansanm nan kontinye. Fòk li ranfòse. Se sa Pèp Ayisyen an mande.

Sinon, m garanti nou se sant 950 milyon dola a n ap pran. Nou p ap wè ni wout, ni lekòl, ni dispansè, ni lopital.

Si tèt ansanm nan pa kontinye, dèt la ap kontinye peze pi plis toujou sou do peyi a. Li toujou pi fasil pou nou lonje dwèt sou Kominote Entènasyonal la pandan noumenm, antrenou, nou pa fè travay nou. Travay nou se ranfòse tèt ansanm nan. Ann sispann babye malfini lè se manman pou l la ki pa okipe pwoteje pitit li.

M pap janm bouke remèsye, M pap janm bouke felisite tout sektè ki potekole pou tèt ansanm nan kòmanse rive fèt. Se wout devlopman an. Rezilta yo kòmanse la. Tèt ansanm ant klas politik, Tèt ansanm ant Palman an ak Ekzekitif la, se yon premye pa.

Jodia, eleksyon teritoryal dirèk yo fini, menm lè gen ti pwoblèm. Eleksyon endirèk yo pwal fèt. Nan ane 2007 la, se pou Gouvènman tèt ansanm nan, Palman tèt ansanm nan pran baton peleren li pou al kontinye tèt ansanm nan ak Asèk, Kazèk, Majistra,KonsèyDepatmantal,Konsèy Entèdepatmantal yo pou tèt ansanm nan pa kontinye fèt nan Palè ak nan Lachanm sèlman.

Fòk 2007 la se yon ane gason pa kanpe, fanm pa kanpe pou ranfòse tèt ansanm nan nan 4 kwen peyi a. M ap pwopoze pou ane sa a, tout minis yo, ansanm, menm lè a, tout Palmantè yo, ansanm, men lè ak Gouvènman an al nan chak Depatman, Depatman pa Depatman, diskite ak popilasyon an, pou avèk li, sou teren an, teknisyen al idantifye pwoblèm yo ak solisyon pwoblèm yo.

Fòk an 2007 la, Gouvènman an ak Palman an pran teren an pou li. Peyi a pa Pòtoprens.

Si nou fè sa ak entelijans, san demagoji, san fo pwomès, n ap ranfòse tèt ansanm nan tout bon vre. N ap jwenn solisyon nou pa ta ka janm imajine lè n chita nan biwo Pòtoprens. Men, fòk sa fèt san demagoji, san fo pwomès. Tout kò peyi a se pwoblèm, nou pap gen solisyon pou yo tout yon grenn kou. Se pousa, m ap repete l yon fwa ankò, fòk nou fè yon plan sou 1 an, sou 5 an, sou 25 an.

Plan sa a pa ka fèt nan biwo nan Pòtoprens, kit se Palè, kit se Ministè, kit se Palman Fòk Pèp la patisipe nan mete plan 25 an sa a kanpe. Sinon, nou pwal fè yon ekzèsis entelektyèl ki pap makònen ak reyalite a.

Fòk ane 2007 la se yon ane mobilizasyon, konsètasyon ak tout sektè nan sosyete a. Men chemen stabilite a. Men chemen devlopman an, men chemen kontinyte a.

Peyi a bezwen stabilite. Nou kòmanse stabilite a lè nou mete tèt ansanm. Stabilite sa a, se nou k pou fè l. Pèsonn pa ka fè l nan plas nou.

Men, gen yon 2èm gwo sous enstabilite, se dwòg la. Enstabilite sa a, nou pa ka rezoud li pou kont nou. Onorab Senatè, Onorab Depite, Pèp Ayisyen, N ap pèmèt mwen repete mo pou mo sa m te di dezyèm lendi janvye 2001 nan okazyon premye sesyon Palman an :

M ap site :

“Akote kòz entèn ensekirite a, yon lòt gwo kòz ekstèn ki kreye ensekirite anndan peyi a se dwòg. M di kòz ekstèn. Anpil krim k ap fèt anndan peyi a lye ak dwòg, men tout moun konnen Ayiti pa pwodiktè dwòg; Ayiti pa yon gwo konsomatè dwòg menm lè konsomasyon an ap ogmante. Ayiti se viktim peyi k ap konsome dwòg la, prensipalman Lèzetazini.

Se pa entansyon m pou m atake pèsonn. Entansyon nou se di laverite anfas yon reyalite ki se yon gwo danje pou yon sosyete. Sa m ap di la a an piblik, m eksplike ofisyèl Ameriken yo sa an prive, e se diskou sa a m toujou kenbe nan tout fowòm entènasyonal sou dwòg. An nou pa poze pwoblèm dwòg la ni alanvè, ni tètanba, sinon nou pap janm rezoud li. Si gwo peyi konsomatè dwòg yo pa mennen yon politik pou redwi konsomasyon dwòg lakay yo, ap toujou gen pwoblèm dwòg nan peyi pòv yo, swa kòm pwodiktè, swa kòm peyi kote dwòg la pase, e malerezman, viktim tou, de jou an jou kòm konsomatè.

Ekonomi ak mwayen peyi d Ayiti dispoze kòm peyi tranzit dwòg la mil fwa twò fèb parapò a mwayen dwòg dilè, gwo dilè dwòg yo dispoze, kit se nan peyi k ap pwodwi dwòg la, kit se nan peyi k ap konsome dwòg la.

Se yon ipokrizi lè y ap lonje dwèt sou peyi ki viktim demann dwòg k ap konsome nan lòt peyi yo. Se pa nou ki responsab dwòg antre lakay yo, se yo ki responsab dwòg antre lakay nou.

Parapò a fèb mwayen peyi a, epitou lè nou konsidere dega dwòg la ap poze nan peyi a, kote polisye, jij, anplwaye ladwàn, anplwaye imigrasyon e lòt enplike, nou siyen yon akò avèk Etazini pou an menm tan n ap pwoteje lakay nou, pou nou ede yo pwoteje lakay yo tou. Akò sa a ki siyen an 1998 e ke nou fèk ratifye, Onorab Senatè ak Depite, pèmèt de aksyon tèt kole Polis Ayisyèn ak Sèvis Antidwòg Ameriken, ak mwayen sofistike yo genyen tankou avyon, bato, elikoptè, mwayen nou menm nou pa genyen. Kot rezilta Akò sa a? Konbyen bato dwòg ki pran? Konbyen avyon dwòg ki sezi alòske avyon ap ateri klandestinman sou tout teritwa a. Konbyen rezo dwòg yo ede demantle? N ap poze tèt nou kesyon. Tan ke demand dwòg la egziste, dwòg la ap toujou chèche chimen kote pou l pase kanmenm.

M ta santi m konplis dilè dwòg yo, m ta santi m konplis ensekirite a si m ta kite prekosyon diplomatik anpeche m di laverite ». (fen sitasyon an)

Depi lè m te fè diskou sa a, dezyèm lendi janvye 2001, èske jodia, dezyèm lendi janvye 2007 sitiyasyon an chanje ? M pa kwè.

Pèp Ayisyen, se senp, nou mèt fè tout sa nou kapab pou kreye stabilite nan peyi a, nou pap janm rive si pwoblèm dwòg la pa rezoud. Dwòg pa mache ak stabilite, dwòg mache ak enstabilite, dwòg la mache ak ensekirite. Dwòg bezwen yon Leta fèb, yon Leta ki pa kontwole ni lajistis ni lapolis. Dwòg la toujou ap chèche kontwole Enstitisyon sa yo dabò. L ap chèche kowomp Palman , Ekzekitif tou. Dwòg la se yon pwazon vyolan pou stabilite. Anverite, Pèp Aysyen, si pwoblèm dwòg la pa rezoud, pwoblèm stabilite a pap rezoud, pwoblèm ensekirite a pap rezoud, devlopman an pap ka kòmanse. Nou envite san arogans peyi k ap konsome dwòg yo pran mwayen pou gen yon kolaborasyon serye sou kesyon sa a. L ap bon pou nou, l ap bon pou yo. M envite tout sektè anndan peyi a pou yo mobilize sou kesyon dwòg la.

Pou nou rezime :

Batay jodia se batay pou devlopman. Kondisyon devlopman an, se stabilite.

Gen 2 kondisyon pou nou rive kreye stabilite a : Youn se konbat divizyon antrenou, Travay pou tèt ansanm. Sa a, pèsonn pa ka fè l ni pou nou, ni nan plas nou. Nou kòmanse l, an kontinye l ak lisidite, ak imilite, san awogans, ak kouraj ak detèminasyon, san lespri patizan. Jenerasyon k ap vini apre yo va di nou mèsi pou sa.

Dezyèm kondisyon stabilite a se atake toutbon pwazon ki rele trafik dwòg la. Sa a, nou pap janm kapab fè l pou kont nou. Men, si nou mete tèt ansanm, nou ka mande ansanm peyi ki gen mwayen yo ede nou pandan y ap ede tèt yo. Se pousa, avèk imilite, san awogans, m ap mande tout Ayisyen k ap goumen pou stabilite an Ayiti : Òganizasyon Politik, Òganizasyon Sosyopwofesyonel, Òganizasyon Dwa Moun, Legliz yo, pou yo mobilize sou kesyon dwòg la.

M ap mande nan non Pèp Ayisyen an pou Kongrè ak Ekzekitif Ameriken an pran kesyon sa a pi oserye. N ap mande Òganizasyon Entènasyonal yo tankou BID, Bank Mondyal, Inyon Ewopeyèn pou yo panche sou pwoblèm nan. N ap mande Òganizasyon Dwa Moun, Legliz yo Ozetazini pou fè kanpay pou atire atansyon sou gwo danje pou Ayiti ki rele dwòg la.

Mezanmi, nou wè diskou m nan chita sou 2 koze sèlman. Se paske, pou mwen, si pwoblèm sa yo pa regle, peyi a pap fè yon pa.

Se konsa mwen wèl, se konsa mwen di l.

M swete Palman an Bòn Ane ! Bon Travay!

Lapè pou Ayiti, Lapè pou tout Pèp sou latè.

Mèsi.


 

 

 

 


| Main Page| |General Information | |Government and Society| |Links on the Web |
| Business and Economy | |Tourism and Travel | |Visa Regulations | |Documentation |

©2003 Copyright Embassy of the Republic of Haiti