29 mas 1987
Tradiksyon:
Pòl Dejan
(© Éditions Libète, Imprimerie Deschamps, Port-au-Prince, 1996)
Deklarasyon
Pèp Ayisyen deklare: li dakò ak Konstitisyon sa a.
1. Konstitisyon sa a la, pou li asire tout dwa Pèp Ayisyen vin genyen
depi li endepandan, depi an 1804: Dwa pou tout Ayisyen jwenn lavi.
Dwa pou tout Ayisyen viv lib.
Dwa pou tout Ayisyen viv alèz.
Dwa pou sa yo, menm avèk sa Nasyonzini deklare an 1948 sou dwa tout
kretyen vivan genyen sou latè beni. Se dwa yo pa janm kapab wete nan
men pèp Ayisyen.
2. Konstitisyon sa a la, pou peyi d Ayiti kapab mèt tèt li. Pou li
kapab mèt richès li. De kwa pou tout Ayisyen egal ego vre, e pou tout
Ayisyen rive jwenn jistis tout bon vre.
3 Konstitisyon sa a la pou peyi d Ayiti kanpe solid, pou li kanpe
an fòm, nan pami tout nasyon. Pou li pa restavèk oken lòt peyi. Pou
li kenbe tou sa ki fè Ayisyen, se Ayisyen tout bon, ni nan sa yo mete
konfyans yo ladan, ni nan jan yo viv, ni nan fason youn sèvi ak lot.
4. Konstitisyon sa a la pou demokrasi pouse bon rasin nan peyi a.
Pou tout moun gen dwa suiv lide yo lib. Pou direksyon peyi a pa toujou
rete nan men menm moun ak menm gwoup moun tout tan. Pou pèsonn moun
pa janm ka rive rache dwa pèp Ayisyen nan men l.
5. Konstitisyon sa a la, pou pèp Ayisyen mache men nan men, nan tèt
ansanm, nèt ale, san pa gen okenn chire pit: ni sou afè moun lavil
ak moun an pwovens, ni sou afè lang, ni sou sa moun kwè ak sou sa
moun konnen, piske tout moun nan peyi a, fèt pou yo jwenn bon lekòl
pou yo aprann, bon fòmasyon pou yo ogmante konesans yo, bon swen,
bon jan travay, bon jan detant, ak bon jan mwayen pou yo pa malad.
6. Konstitisyon sa a la, pou li pèmèt gwoup endepandan ki nan sèvis
pèp la (*1, gade nòt Pòl Dejan ki parèt anba pajwèb sa a), fè travay
yo korèk, san youn pa nui lòt.
7. Konstitisyon sa a la, pou peyi d Ayiti kapab mache selon prensip
ki respekte tout dwa tout kretyen vivan genyen:
Dwa pou yo viv lib. Dwa pou yo viv alèz. Dwa pou yo toujou kapab di
mo pa yo, nan jan peyi a dwe mache. Dwa pou se pa, ni yon ti ponyen
moun sèlman, ni moun ki chita yon sèl kote nan peyi a sèlman, ki deside
tout bagay, pou tout peyi a.
Premye Pati Konstitisyon an sou:
Repiblik d Ayiti
Drapo, Desen ak Pawòl ki make sou drapo a
Chapit 1
Repiblik d Ayiti
Nimewo 1:
Peyi d Ayiti, se yon repliblik. Yo pa kapab separe tè peyi d Ayiti
ak okenn lòt peyi. Peyi d Ayiti sèl mèt lakay li. Li endepandan. Sitwayen
l yo egal ego. Yo fèt pou yo viv lib, nan tèt ansanm, san youn pa
kraze lòt san oyun pa fè lòt abi.
Nimewo 1-1:
Se vil Pòtoprens, ki kapital peyi d Ayiti. Se la, gouvènman peyi a
chita. Men, si gen ka sikonstans, yo kapab tabli l yon lòt kote.
Nimewo 2:
Koulè drapo peyi d Ayiti, se ble e wouj.
Nimewo 3:
Men ki jan drapo peyi d Ayiti dwe fèt:
Drapo a fèt ak 2 moso twal, menm longè, menm lajè. Moso twal ble a,
anwo. Moso twal wouj la, anba. Tou le 2 moso twal yo kouche.
Nan mitan drapo a, sou yon ti moso twal blan, yon moso twal kare,
y a fè desen yon pye palmis, ak yon bonèt wouj sou tèt pye palmis
la.
Anba fèy palmis la, y a fè desen kèk zam ak kèk enstriman mizik.
Men sa y a ekri, anba, sou ti moso twal blan an:
MEN ANPIL, CHAY PA LOU.
Nimewo 4:
Si yo kapab tanpe yon peyi, men ak ki pawòl yo ta dwe tanpe peyi d
Ayiti, pou rekonèt li tout kote: Tout Ayisyen lib. Tout Ayisyen egal
ego. Tout Ayisyen se frè ak sè.
Nimewo 4-1
Chante ofisyèl peyi a, im nasyonal li, se Ladesalinyèn.
Nimewo 5:
Sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm, se lang kreyòl. Kreyòl ak
franse, se lang ofisyèl Repiblik d Ayiti.
Nimewo 6:
Lajan ki sèvi ann ayiti, se goud. Goud la divize an santim.
Nimewo 7:
Okenn chèf, nan peyi a, pa janm gen dwa pran pòz Bondye l, pou yo
ajenou devan l. Ni yo pa gen dwa mete non, oubyen pòtre okenn moun
ki vivan toujou, sou okenn lajan, sou okenn tenm pou lapòs, sou okenn
papye Leta, sou okenn biwo Leta, sou okenn batisman Leta. Ni yo pa
gen dwa bay okenn ri poute non moun ki vivan toujou.
Nimewo 7-1:
Ata pou moun ki mouri, se sèl lachanm ki gen dwa bay pèmisyon sèvi
ak pòtre yo.
Chapit 2
Tè peyi d Ayiti
Nimewo 8:
Men ki tè ki pou peyi d Ayti e ki fòme Repiblik d Ayiti:
Tout pati il d Ayiti ki a Lwès fwontyè a, ansanm ak tout ti il ak
tout zile ki tout pre pati sa a, kidonk: Lagonav Latòti, Lilavach,
Gwo Kayimit, Ti Kayimit, Lanavaz, Gwòskay, ak tout lòt zile yo jwenn
nan lanmè ki pou peyi d Ayiti
Tè peyi d Ayiti fini sou fwontyè Dominikani, kote solèy leve. Nan
Nò, tè peyi rive jis nan Oseyan Atlantik,. Nan Sid ak nan Lwès, li
rive jis nan lanmè yo rele: lanmè Karayib.
Se peyi d Ayiti tou sèl ki gen dwa lontwole tut dlo lanmè ki nan zòn
tè ki pou peyi d Ayiti.
Se peyi d Ayiti tou sèl ki gen dwa kontwole bout syèl anlè tè ki pou
li, ak bout syèl anlè lamè ki pou li.
Nimewo 8-1:
Okenn lòt peyi pa gen dwa rantre lib, kote ki pou peyi d Ayiti. Yo
pa gen dwa vann okenn peyi etranje, pa yon ti moso tè peyi d Ayiti.
Ni yo pa gen dwa fè, okenn peyi etranje, kado pi piti moso nan tè
peyi d Ayiti. Tout papye, tout kontra, tout deklarasyon, tout regleman
ki ta fè sa, pa vo anyen.
Nimewo 9:
Peyi d Ayiti divize an depatman. Depatman divize ann awondisman. Awondisman
divize an komin. Komin divize an katye ak an seksyon kominal.
Nimewo 9-1:
Se lalwa ki va di konben depatman, konben awondisman, konben komin,
konben katye ak seksyon kominal, ki va nesesè pou peyi a mache kòrèk.
Dezyèm Pati Konstitisyon an
Sou sa ki fè yon moun se Ayisyen
Nimewo 10:
Se lalwa ki deside ki sa ki fè, yon moun se Ayisiyen.
Nimewo 11:
Depi papa yon moun oubyen manman l, te fèt Ayisyen, moun sa a fèt
Ayisyen tou, dèske papa a ak manman an pa te janm mande pou yo pa
ayisyen ankò, lè moun sa a te fèt.
Nimewo 12:
Yon etranje, kapab vin Ayisyen. Men nan ki kondisyon:
Nimewo 12-1:
Yon etranje, ki pase senk (5) ane, youn dèyè lòt, nan peyi d Ayiti,
kapab vin Ayisyen, selon regleman ak lwa peyi a.
Nimewo 12-2:
Yon moun ki vin Ayisyen, san li pa te fèt Ayisyen, gen dwa vote. Men
gen kèk plas Leta, Konstitisyon an ak lwa peyi a, mete la, pou Ayisyen
natif natal sèlman. Pou lòt plas yo, Ayisyen ki pa te fèt Ayisyen,
va tann senk (5) ane, apre yo vin ayisyen, pou yo kapab nonmen yo
ladan, oubyen al nan eleksyon pou sa.
Nimewo 13:
Yon moun vin pa Ayisyen ankò:
1) Lè li vin sitwayen yon lòt peyi, aletranje.
2) Lè li nan yon plas ki mande l fè yon travay politik pou yon gouvènman
etranje.
3) Lè li rete twa (3) ane youn dèyè lot, aletranje, si li pa te fèt
Ayisyen, sòf si li jwenn bon jan pèmisyon pou sa, nan men otorite
ki gen dwa bay pèmisyon sa a. Si yon moun ki pa te fèt Ayisyen, vin
pa Ayisyen ankò, nan kondisyon sa a, li pap janm ka toumen Ayisyen
ankò.
Nimewo 14:
Yon Ayisyen, ki te vin pa Ayisyen ankò, kapab tounen Aiysyen, depi
li fè tou sa lalwa mande yon etranje ki vle vin Ayisyen.
Nimewo 15:
Yon Ayisyen pa janm kapab vin sitwayen yon lòt peyi epi pou l ta rete
sitwayen Ayisyen, an menm tan.
Twazyèm Pati Konstitisyon an
Sou: Sa yon Sitwayen ye,
Ki dwa li genyen. Ki sa li dwe fè
Chapit 1
Ki sa yon sitwayen ye
Nimewo 16:
Yon sitwayen se yon moun ki gen tout dwa sivil li (*2, gade nòt Pòl
Dejan ki parèt anba pajwèb sa a), ansanm ak tout dwa politik li (*2,
gade nòt Pòl Dejan ki parèt anba pajwèb sa a).
Nimewo 16-1:
Se lalwa ki deside, ki lè yon moun kapab sèvi ak dwa sa yo. Ki lè
li pa gen dwa sèvi avèk yo, pandan kèk tan. Ki lè li pèdi yo nèt.
Nimewo 16-2:
Yon moun majè, depi li gen dizuit (18) an.
Nimewo 17:
Tout Aisyen, fi kòm gason, moun marye ak moun ki pa marye, kapab sèvi
ak dwa sivil yo oubyen dwa politik yo (*2, gade nòt Pòl Dejan ki parèt
anba pajwèb sa a), depi yo deja gen dizuit (18) an, e depi yo suiv
tout kondisyon ki nan Konstitisyon an ak nan lwa peyi a pou sa.
Nimewo 18:
Tout Ayisyen egal ego devan lalwa, anwetan sèten avantaj Ayisyen natif
natal yo genyen, depi yo pa te janm pa Ayisyen ankò.
Chapit 2
Prensipal dwa tout moun genyen
Paragraf 1
Tout moun gen dwa viv
Tout moun gen dwa viv an sante
Nimewo 19:
Leta dwe degaje l, tout jan, tout mannyè, pou tout Ayisyen, fi kòm
gason, timoun kou granmoun, jwenn lavi, lasante ak respè tout moun
gen dwa jwenn, lavi, lasante ak respè tout moun gen dwa jwenn, jan
sa pale nan Deklarasyon sou dwa tout kretyen vivan.
Nimewo 20:
Jij pap kondane pèsonn moun a mò, pou okenn kòz.
Nimewo 21:
Men ki lè yon Ayisyen fè krim trayi peyi l:
1) Lè li rantre nan lame yon peyi etranje k ap goumen kont Repliblik
d Ayiti.
2) Lè l ap travay pou yon peyi etranje kap fè lagè ak peyi d Ayiti.
3) Lè li volè byen Leta ki sou kont li, etan li nan yon plas Leta.
4) Lè l pa respekte Konstitisyon an, etan li anchaje fè respekte Konstitisyon
an.
Nimewo 21-1:
Lè yon Ayisyen fè krim trayi peyi li, yo dwe kondane l pou travay
a vi pou Leta, nan travo fòse, san yo pa janm gen dwa fè l gras.
Nimewo 22:
Men ki dwa Leta rekonèt tout sitwayen Ayisyen genyen toujou:
Dwa pou yo jwenn bon kay pou yo rete.
Dwa pou yo jwenn bon mwayen pou yo fè elevasyon timoun e pou yo ogmante
konesans granmoun.
Dwa pou yo jwenn dekwa pou yo kab byen manje.
Dwa pou moun ki nan bezwen jwenn èd nan men Leta.
Nimewo 23:
Leta va degaje l tout jan tout mannyè pou tout sitwayen, nan tout
zòn peyi a, rive jwenn tout sa ki nesesè, pou yo pa vin malad ak tou
sa ki nesesè pou yo refè, si yo vin malad. Se pou sa, Leta dwe mete
lopital, sant sante ak dispansè, tout kote nan peyi a.
Paragraf 2
Chak moun gen dwa lib
Nimewo 24:
Leta anchaje pwoteje libète chak moun.
Nimewo 24-1:
Yo pa gen dwa ni al dèyè yon moun, ni arete l, ni mete l nan prizon,
san se pa pou yon rezon lalwa prevwa, ak jan lalwa di sa dwe fèt.
Nimewo 24-2:
Yo pa gen dwa arete pèsonn ni yo pa gen dwa fèmen pèsonn moun nan
prizon san se pa ak manda yon otorite ekri, selon pouvwa lalwa ba
li, sòf si yo ta bare moun nan, nan men.
Nimewo 24-3:
Men sa ki nesesè, pou yo gen dwa sèvi ak manda sa a:
1) Rezon ki fè yo arete yon moun, oubyen rezon ki fè yo fèmen yon
moun nan prizon, se pou manda a esplike sa klè, ni an kreyòl, ni an
franse. Manda a dwe deklare a dwe deklare tou, ki sa lalwa di sou
jan yo dwe pini zak yo repwoche moun nan.
2) Lemoman yo vin sèvi ak manda a, lalwa mande pou yo avèti moun yo
akize a. E, e pou yo kite yon kopi manda a nan men l.
3)Lalwa mande pou yo fè, moun yo akize a konnen, li gen dwa pran avoka,
depi kòz la konmanse, jistan jijman an fini nèt.
Anwetan ka yon moun yo bare nan men, yo pa gen dwa arete pèsonn moun,
ata ak manda, ant siz è (6 è) di swa et siz è (6 è) di maten. Ni yo
pa gen dwa fouye kay moun, ant siz è (6 è) di swa et siz è (6 è) di
maten.
5) Chak moun reskonsab tèt yo. Yo pa gen dwa arete pèsonn moun nan
plas yon lòt moun.
Nimewo 25:
Yo pa gen dwa fè fòs ak youn moun yo vin pran oubyen yo vle kenbe
nan prizon, san pa gen nesesite pou sa. Yo pa gen dwa fè yon moun
menas, ni yo pa gen dwa maltrete 1, pou fè l pale.
Nimewo 25-1:
Yo pa gen dwa entewoje okenn moun san se pa an prezans avoka l oubyen
an prezans yon temwen moun nan chwazi.
Nimewo 26:
Lè yo arete yon moun, yo pa gen dwa kenbe l nan prizon plis pase karantuit
(48) è d tan depli yo te arete l la, san yo pa mennen l devan yon
jij la va deklare si yo te arete moun nan legal, e li va bay bon rezon
ki fè li deside, se pou yo kenbe moun nan.
Nimewo 26-1:
Si se pou yon kontravansyon, yo va mennen moun yo akize a devan yon
jij de pè, ki va fè yon desizyon yo pa ka chanje.
Si se pou yon fòt oubyen yon krim, moun yo akize a pa bezwen okenn
pèmisyon, pou li mande jijman, devan dwayen yon tribinal ki la pou
sa. Yo rele tribinal sa a: tribinal pou premye jijman. Se dwayen tribinal
sa a, ki gen dwa fè yon desizyon espesyal, tousuit,san li pa chita
sou okenn lòt kòz. Selon komisè gouvènman va fè dwayen tribinal la
konnen, se san dwayen an pa pèdi tan, li va deklare, si daprè lalwa,
yo te gen dwa arete moun nan, e si yo gen dwa kenbel nan prizon.
Nimewo 26-2:
Si yo twouve, yo pa te arete moun nan legal, jij la dwe pase lòd lage
l tousuit. Yo dwe obeyi deszyon jij la san yo pa pèdi tan, menm si
yo te mande pou kòz la ale ann apèl, devan tribinal kasasyon, oubyen
pou yo pa obeyi jijman an.
Nimewo 27:
Dezobeyi lwa ki pwoteje libète chak moun, se zak gwo pounyèt. Moun
yo fè abi sa yo, gen dwa al nan tribinal ki la pou sa, san yo pa mande
okenn pèmisyon. Yo gen dwa mande pinisyon pou tout moun ki fè zak
gwo pounyèt sa yo, ansanm ak moun ki te ede yo fè zak sa yo. Yo te
mèt sa yo te ye. Yo te mèt nan gwo plas Leta.
Nimewo 27-1:
Dapre sa ki nan lwa yo rele lwa penal, lwa sivil, lwa administratif,
moun ki nan plas Leta ak moun ki anplwaye Leta, gen pwòp reskonsabilite
pa yo, lè gen de zak ki fèt kont dwa moun. Nan ka sa yo, Leta gen
reskonsabilite pa l tou. Yo rele sa: reskonsabilite sivil.
Paragraf 3
Moun gen dwa pale lib. Moun gen dwa ekri lib.
Nimewo 28:
Tout Ayisyen gen dwa di sa yo panse, lib, jan yo pito.
Nimewo 28-1:
Jounalis fèt pou yo fè travay yo lib, selon lalwa. Nan travay jounalis
yo, yo pa gen okenn pèmisyon pou yo mande, ni Leta pa gen dwa kontwole
sa y ap di, sòf si lagè deklare, nan peyei a.
Nimewo 28-2:
Yo pa gen dwa fòse yon jounalis pale ki kote li jwenn anfòmasyon.
Men jounalis la fèt pou li kontwole si enfòmasyon l yo korèk, si se
laverite, Li fèt pou l respekte regleman metye jounalil li.
Nimewo 28-3:
Se kòd penal ki okipe tout fòt ak tout abi ki kab fèt nan afè ekri
oubyen pale lib.
Nimewo 29:
Moun gen dwa fè otorite demann pou kichòy yo panse ki merite fèt.
Demann sa yo gen dwa fèt o non yon sitwayen oubyen o non plizyè sitwayen,
men yo pa gen dwa fèt o non yon gwoup.
Nimewo 29-1:
Depi se lachanm yo fè yon demann kon sa, se pou yo suiv tout regleman
ki va pèmèt lachanm fè desizyon sou sa.
Paragraf 4
Moun gen dwa suiv kwayans yo ak relijyon yo, lib
Nimewo 30:
Tout relijyon ak tout kwayans lib. Chak moun lib suiv relijyon pa
yo, ak kwayans pa yo, depi sa yo fè a, pa kontrarye dwa okenn mounm
ni dwa okenn gwoup moun nan peyi a.
Nimewo 30-1:
Yo pa gen dwa fòse pèsonn moun rantre nan okenn asosiyasyon, ni yo
pa gen dwa fòse yo moun etidye kwayans ki pa ale al kwanyans pa li.
Nimewo 30-2:
Se lalwa ki va di nan ki kondisyon sèvis ak seremoni gen dwa fèt nan
peyi a, selon relijyon ak selon kwayans chak moun.
Paragraf 5
Moun gen dwa reyini lib. Moun lib fè assosiyasyon yo vle
Nimewo 31:
Moun gen dwa reyini lib depi zam pa ladan. Moun lib fè asosiyasyon
yo vle, pou tout kòz. Ni pou politik. Ni sou koze lajan. Ni la vi
peyi a. Ni sou richès ki nan sèvo ak nan lide pèp la. Ni pou tout
lòt mouvman ki dèyè la pè.
Nimewo 31-1:
Pati politik ak gwoup politik kapab pèmèt wè volonte pèp la pi klè.
Yo gen dwa fèt, lib. Yo gen dwa travay lib. Yo dwe dakò, ni ak tout
prensip demokrasi, ni ak tout prensip ki fè, peyi d Ayiti, se yon
peyi ki mèt tèt li. Se lalwa ki va di, ni nan ki kondisyon pou yon
pati oubyen yon gwoup politik fèt e pou li mache, ni ki avantaj li
kapab jwenn ak ki avantaj li dwe jwenn nan men Leta.
Nimewo 32-2:
Anvan pou yon reyinyon fèt nan lari oubyen nan wout ki sou kont Leta,
se pou yo avèti lapolis depi davans.
Nimewo 31-3:
Yo pa kapab fòse pèsonn moun rantre nan okenn kalite asosiyasyon.
Paragraf 6
Chak moun gen dwa jwenn bon jan fòmasyon ak bon konesans
Nimewo 32:
Leta dwe degaje l pou tout moun jwenn bon fòmasyon. Leta fèt pou li
kontwole, si yo respekte dwa sa a. Se yon dwa tout moun genyen ni
pou lespri yo an fòm, ni pou yo an fòm. Ni pou yo kapab aprann mache
dwa, nan lavi a. Ni pou yo kapab aplrann byen viv, youn ak lòt. Ni
pou yo kapab aprann travay nan avantaj peyi a. Ni pou yo kapab gen
yon bon metye nan men yo.
Nimewo 32-1:
Bon fòmasyon pou tout sitwayen, sou kont Leta ak moun ki alatèt chak
zòn peyi a. Se pou yo rive mete lekòl gratis pou tout moun. Se pou
yo kontwole si moun k ap fè lekòl yo, alwotè, ni pou lekòl Leta, ni
pou lekòl prive.
Nimewo 32-2:
Premye travay Leta, ak moun ki alatèt chak zòn peyi a, se fè yon jan
pou tout moun rive al lekòl. Se sèl jan yo va kapab mete peyi a sou
wout pwogrè vre. Tout moun ki vle bay konkou nan travay sa a, fèt
pou yo jwenn ankourajman ak avantaj nan men Leta.
Nimewo 32-3:
Tout timoun dwe fè klas primè yo. Lalwa va di ki pinisyon yo prevwa
lè sa pa fèt. Leta dwe bay elèv lekòl primè tout liv ak tou sa ki
nesesè pou yo aprann, gratis.
Nimewo 32-4:
Moutre moun travay tè, moutre moun metye, moutre moun travay ansanm,
ak bon jan teknik, se youn nan gwo wòl Leta ak moun ki ala tèt chak
komin.
Nimewo 32-5:
Yo dwe ankouraje moun ki vle bay timoun fòmasyon, anvan y al lekòl.
Gen fòmasyon yo kab bay nan lekòl timoun piti, oubyen san se pa nan
lekòl.
Nimewo 32-6:
Tout moun ki gen kapasite pou sa, gen dwa rive fè gwo etid, apre etid
segondè, san se pa favè ak moun pa ki fè yo rive jwenn sa.
Nimewo 32-7:
Se pou Leta kontwole si, nan chak zòn peyi a, si nan chak seksyon
kominal, si nan chak komin, si nan chak depatman, gen de lekòl ki
moutre, sa ki nesesè pou kote sa yo mache nan wout pwogrè tout bon.
Men, sa Leta dwe degaje l gaye tout kote nan peyi a, se lekòl ki va:
moutre travay tè, moutre moun metye, moutre moun travay ansanm, ak
bon jan teknik.
Nimewo 32-8:
Leta dwe fè yon jan pou tout moun ki andikape rive jwenn fòmasyon,
pou yo kapab mèt tèt yo, san yo pa sou kont moun. Menm jan tou, pou
moun ki fò a lestwòdinè.
Nimewo 32-9:
Leta ak moun ki alatèt chak zòn peyi a dwe fè mwayen pousib yo, pou
tout granmoun nan peyi a, rive konn li fen, e rive konn ekri fen.
Yo va ankouraje tout lòt moun ki soti pou yo bay konkou pou sa.
Nimewo 32-10:
Lajan yon pwofesè dew touche kòm salè, pou pi piti, dwe sifi pou bezwen
l.
Nimewo 33:
Lekòl pou tout degre konesans, dwe lib. Men, Leta gen pou li kontwole
kouman yo sèvi ak dwa sa a.
Nimewo 34:
Sof lè uyo dèyè yon moun yo bare nan men, yo pa gen dwa rantre pran
pèsonn moun anndan okenn lekòl. Okenn lapolis, okenn fòs Leta pa gen
dwa rantre anndan yon lekòl, san se pa ak pèmisyon direksyon lekòl
la.
Nimewo 34-1:
Regleman sa a, pa vo, lè se pa pou aktivite lekòl, yo sèvi ak lekòl
sa a.
Paragraf 7
Nenpòt ki moun gen dwa travay lib
Nimewo 35:
Nenpòt ki moun gen dwa travay lib. Tout sitwayen dwe nan yon travay
ki nan gou yo yon jan pou yo kapab reskonsab ni tèt yo, ni fanmi yo.
Yo dwe men, ansanm ak Leta, pou vin genyen yon sistèm ki va pèmèt
moun ki nan bezwen, jwen èd nan men Leta.
Nimewo 35-1:
Tout anplwaye, kit se anplwaye Leta, kit se pa anplwaye Leta, fèt
pou yo touche yon lajan ki kòrèk, kòm salè. Yo fèt pou yo gen rekreyasyon
nan travay yo. Chak ane, yo fèt pou yo gen vakans peye, ak yon boni,
kidon yon mwa salè an plis.
Nimewo 35-2:
Leta dwe kontwole si tout travayè travay nan menm bon kondisyon, ni
pou pwoteksyon yo, ni pou lajan yo touche kòm salè, kit se fi, kit
se gason, kit se moun marye, kit se moun ki pa marye. Kwayans yon
moun ak sa li panse, pa gen anyen pou wè ak sa.
Nimewo 35-3:
Sendika gen dwa fèt lib. Nenpòt ki travayè, kit se nan travay prive,
kit se nan travay Leta, gen dwa manm sendika k ap okipe travayè ki
nan jan de travay sa a, depi se afè travay l ap okipe.
Nimewo 35-4:
Sendika pa gen dwa nan politik, Sendika pa la pou fè lajan. Sendika
pa la pou afè relijyon. Yo pa kapab fòse pèsonn moun rantre nan sendika.
Nimewo 35-5:
Moun gen dwa fè grèv. Se lalwa ki di nan ki kondisyon.
Nimewo 35-6:
Lalwa fèt pou di ki laj yon moun dwe genyen poun li konmanse travay
pou lajan. Travay timoun ki minè ak travay moun ki kay moun sou kont
de lwa espesyal.
Paragraf 8
Moun gen dwa gen pwòp byen pa yo
Nimewo 36:
Moun gen dwa gen pwòp byen pa yo. Leta fèt pou li pwoteje dwa sa a.
Se lalwa ki deside ni nan ki kondisyon, moun gen dwa rive gen byen
ki pou yo, ni nan ki dondisyon ak jis nan ki pwen, yo gen dwa sèvi
avèk yo.
Nimewo 36-1:
Pou yo gen dwa pren pwopriyete yon moun, nan espwopriyasyon, fòk se
pou yon kòz ki nan enterè pi fò moun nan peyi a. Fòk lajistis gen
tan pye moun nan oubyen fòk lajistis gen tan mete yon lajan la, pou
moun nan oubyen pou eritye moun nan, apre espesyalis fin fiske ki
valè lajan yo fèt pou yo bay, pou pwopriyete Leta bezwen pran an.
Se lemoman yo konmanse travay ki fè yo te pran pwopriyete yon moun
nan espwopriyasyon, espwopriyasyon an konmanse vle di kichòy. Si Leta
pa kenbe premye lide ki fè, yo te bezwen pran pwopriete a, demach
pou pran pwoprieyete a, nan espwopriyasyon pa vo anyen ankò. Ni yo
pa gen dwa mete pwopriyete a, a lavant. Se remèt pou yo remèt mèt
pwopriyete a, afè l, san li pa gen anyen pou li tounen peye pou sa.
Nimewo 36-2:
Si se pou yon kòz politik, yo pa gen dwa mete byen, pwopriyete ak
kay moun, sou non Leta Ni yo pa gen dwa wete yo nan men mèt yo. Anvan
pou yo reire byen pa yon moun nan men l, fòk gen yon jijman ki fin
fèt nèt, nan yon tribinal yo rele tribinal dwa komen, sòf si gen yon
pwogram Leta pou separe tè bay abitan.
Nimewo 36-3:
Moun gen dwa gen pwòp byen pa yo, se vre. Men, yo fèt pou yo okipe
yo. Ni yo pa gen dwa sèvi ak byen sa yo, kont enterè pi fò moun nan
peyi a.
Nimewo 36-4:
Moun ki mèt yon tè, fèt pou l travay li, pou l fè bay rannman, pou
li okipe l yon jan pou dlo pa bwote tè a ale. Lalwa prevwa pinisyon
pou lè sa pa fèt.
Nimewo 36-5:
Pèsonn moun pa gen dwwa mèt bò lanmè, sous, rivyè, bouchi tèt dlo,
ak richès ki anndan vant tè a (*3, gade nòt Pòl Dejan ki parèt anba
pajwèb sa a). Tout kote sa yo, fèt pou itil tout Ayisyen. Se byen
Leta.
Nimewo 36-6:
Lalwa regle nan ki kondisyon, moun va lib chèche konnen kouman pou
yo fè richès ki anndan vant tè a, bay bon rannman. Lalwa regle nan
ki kondisyon, moun va lib fè richès ki anndan vant tè a, bay bon rannman
vre, kit min yo fon kit min yo pa fon anndan vant tè a. Lalwa regle
ki avantaj ni moun k ap travay pou min sa yo bay bon rannman, ni Leta
ki ba yo dwa fè travay sa a, dwe kapab jwenn.
Nimewo 37:
Lalwa regle nan ki kondisyon pwogram Leta pou separe tè bay abitan
yo, dwe fèt, nan avantaj tout gwoup moun kote pwogram sa a ap mache,
ni nan separe tè, ni nan kole bout tè ansanm.
Nimewo 38:
Lalwa la pou li pwoteje ni travay moun save fè, ni travay moun ki
ekri liv fè, ni travay sanba ak atis fè.
Nimewo 39:
Premye moun ki fèt pou yo jwenn dwa travay tè Leta genyen, se moun
ki rete nan seksyon kominal, kote tè sa yo ye.
Paragraf 9
Moun gen dwa jwenn bon enfòmasyon
Nimewo 40:
Leta dwe sèvi ak radyo, ak jounal, ak televizyon pou li gaye bon enfòmasyon,
an kreyòl ak an franse, sou tou sa ki an rapò ak vi peyi a. Anwetan
sa ki ta yon danje pou peyi a, Leta dwe bvay enfòmasyon sou lwa, sou
dekrè ak sou regleman li mete deyò. Menm jan tou, pou antant, kontra,
ak papye li syen ak lòt peyi.
Paragraf 10
Moun gen dwa viv an pè, nan peyi a
Nimewo 41:
Yo pa gen dwa egzile okenn sitwayen Ayisyen. Ni yo pa gen dwa fòse
okenn sitwayen Ayisyen kite peyi li, pou okenn kòz. Yo pa gen dwa
fè yon Ayisyen pa Ayisyen ankò, pou yon kòz politik. Dwa lalwa ba
li yo, yo pa gen dwa retire yo nan men l, pou yon kòz politik.
Nimewo 41-1:
Okenn Ayisyen pa bezwen viza ni pou soti nan peyi a, ni pou retounen.
Nimewo 42:
Yo pa gen dwa voye okenn sitwayen, kit li sivil, kit li militè, devan
okenn lòt jij, pase jij ki la pou sa, dapre Konstitisyon an ak lalwa.
Nimewo 42-1:
Si yo akize yon militè kòmkwa li fè krim trayi peyi li, se tribinal
yo rele tribinal dwa komen an, ki dwe jije militè sa a.
Nimewo 42-2:
Men ki kòz yon tribinal militè gen dwa jije ase:
1) Kòz militè ki fè kichòy kont sa ki nan mànyèl jistis militè a.
2) Kòz ant manm Fòs Ame d Ayiti.
3) Kòz militè pandan peyi a nan lagè.
Nimewo 42-3:
Se tribinal yo rele tribinal dwa komen, ki jije tout kòz ant sivil
ak militè, lè se nan pye travay li yon militè fè yon zak kont yon
sivil, tankou: abi, kraze zo, krim.
Nimewo 43:
Yo pa gen dwa rantre kay moun ni yo pa gen dwa pran papye moun, san
se pa pou yon rezon lalwa prevwa, ak jan lalwa di sa dwe fèt.
Nimewo 44:
Prizonye ki ap tann jijman, pa fèt pou yo ansanm ak prizonye yo deja
kondane.
Nimewo 44-1:
Moun ki nan prizon fèt pou yo jwenn menm respè lalwa mande pou tout
kretyen vivan, nan jan yo dwe sèvi avèk yo a.
Nimewo 45:
Se lalwa sèlman ki gen dwa di ni ki pinisyon yo prevwa pou yon zak,
ni nan ki ka ak nan ki kondisyon yo dwe aplike pinisyon sa.
Nimewo 46:
Lè gen krim, lè gen fòt, lè gen kontravansyon, yo pa kapab fòse yon
moun sèvi temwen kont pwòp tèt pa li oubyen kont paran l, kit se fanmi
pre (rive jis katriyèm degre), kit se fanmi paralyans (rive jis dezyèm
degre).
Nimewo 47:
Yo pa gen dwa fòse pèsonn moun leve lamen, san se pa pou yon rezon
lalwa prevwa ak jan lalwa di sa dwe fèt.
Nimewo 48:
Leta va fè yon jan pou yo mete yon kès pansyon ni pou moun ki nan
plas Leta, ni pou moun ki pas nan plas Leta. Kès sa a ap fèt ak lajan
ni patwon ni anplwaye va mete a kote pou sa, selon sa lalwa di sou
sa. Lajan pansyon, se pa yon favè yo fè moun ki travay, se yon dwa
yo genyen.
Nimewo 49:
Moun gen dwa ekri lèt lib, san pa gen kontwòl. Menm jan tout moun
gen dwa kominike lib, jan yo vle, ak lòt moun san pa gen kontwòl.
Se sèl lajistis ki ta gen dwa fè yon kontwòl, lè lalwa ba l pèmisyon
pou sa, ak jan lalwa sa kapab fèt. Men, fòk lajistis bay bon rezon
ki fè li deside pou sa fèt.
Nimewo 50:
Lè ap jije krim kote san koule ak lè y ap jije fòt pou kòz politik.
Konstitisyon an ak lalwa di, fòk gen yon jiri (*4, gade nòt Pòl Dejan
ki parèt anba pajwèb sa a)
Nimewo 51:
Yon lwa pa vo pou yon kòz yo ta jije anvan lwa sa a parèt, sòf si
se yon lwa yo rele lwa penal, e ki ta an favè moun yo akize a.
Chapit 3
Ki sa yon sitwayen dwe fè
Nimewo 52:
Lè yon moun sitwayen tout bon, li o sèvis peyi li. Chak dwa li genyen,
mare ak kichòy li dwe fè, pou l pwoteje dwa sa a.
Nimewo 52-1:
Yon sitwayen tout bon, degaje l tout jan, pou li toujou fè tou sa
li dwe fè pou Leta ak pou pèp li, ni nan jan li kondui tèt li, ni
nan sèvis peyi l, ni nan jan li sèvi ak lòt moun nan peyi a, ni nan
koze lajan. Men ki sa yon sitwayien tout bon dwe fè:
1) Li dwe respekte Konstitisyon an ak drapo peyi a.
2) Li dwe respekte lalwa.
3) Li dwe vote nan elecksyon, san yo pa fòse l.
4) Li dwe peye taks.
5) Li dwe dakò pou li sèvi kòm manm fini, nan tribinal.
6) Li dwe defann peyi l, si gen lagè.
7) Li dwe chèche konnen, epi chèche ogmante konesans li.
8) Li dwe bay konkou l nan pwòpte peyi a, nan pwoteje tè a, ak tou
sa ki alantou tè a.
9) Li dwe sansib anpil pou lajan Letqa ak pou byen Leta.
10) Li dwe respekte byen lòt moun.
11) Li dwe travay pou tout moun viv an pè.
120 Li dwe toujou prèt poun li bay konkou, lè moun an danje.
13) Li dwe respekte dwa ak libète lòt moun.
Nimewo 52-2:
Lè yon sitwayen pa fè sa l dwe fè, lalwa gen dwa pini l.
Nimewo 52-3:
Fi ak gason oblije pase nan yon pwogram ``sèvis peyi a. Lalwa regle
nan ki kondisyon pwogram sa a mache.
Katriyèm Pati Konstitisyon an
Sou: Etranje
Nimewo 53:
Lalwa regle nan ki kondisyon etranje gen dwa rantre nan peyi a, e
nan ki kondisyon yo gen dwa rete ladan l.
Nimewo 54:
Etranje ki nan peyi a, gen dwa jwenn menm pwoteksyon lalwa bay sitwayen
Ayisyen yo.
Nimewo 54-1:
Yon etranje gen tout dwa sivil li. Menm jan tou pou dwa moun genyen
kòm moun, nan peyi a, ak dwa moun genyen nan afè lajan. Etranje sou
zòd regleman lalwa mete: nan afè gen byen ak kay, nan afè gen yon
plas oubyen nan afè travay nan yon metye, nan afè komès an gwo nan
afè gen yon ajans komès, nan afè fè machandiz antre soti nan peyi
a.
Nimewo 55:
Yon etranje ki rezide ann Ayiti, gen dwa gen yon kay pou li rete.
Nimewo 55-1:
Men, yon etranje ki rezide ann Ayiti pa gen dwa gen plis pase yon
kay pou li rete, nan yon awondisman. Li pa janm gen dwa rantre nan
komès lwe kay. Lalwa prevwa de regleman espesyal pou konpayi etranje
kap okipe afè bati kay.
Nimewo 55-2:
Etranje ak konpayi etranjè ki rete ann Ayiti, gen dwa gen pwopriyete
pa yo, kit se pou pèmèt yo fè travay lalwa ba yo pèmisyon fè nan peyi
a, jan lalwa ba yo l la. Kit se pou travay tè, kit se pou komès, kit
se pou endistri, kit se pou relijyon, kit se pou poute moun sekou,
kit se pou ede moun jwenn konesans.
Nimewo 55-3:
Okenn etranje pa gen dwa gen kay ki rive sou fwontyè peyi a.
Nimewo 55-4:
Dwa yon etranje genyen, lè li rete ann Àyiti, pa vo ankò, senk (5)
ane apre etranje a pa rete nan peyi a ankò. Menm bagay tou, pou konpayi
etranjè yo, apre yo sispann fè travay, yo te ba yo pèmisyon fè nan
peyi a, selon kondisyon lalwa mete pou yo remèt byen etraje oubyen
pou yo likide yo.
Nimewo 55-5:
Lalwa pini moun ki pa obeyi regleman sa yo, ansanm ak moun ki nan
konfyolo avèk yo, pou sa.
Nimewo 56:
Lalwa regle nan ki kondisyon, yo gen dwa mete yon etranje deyò nan
peyi a lè l foure bouch li nan vi politik peyi a.
Nimewo 57:
Refijye politik gen dwa jwenn azil politik nan peyi a.
Senkyèm Pati Konstitisyon an
Sou: sa ki fè peyi d Ayiti mèt tèt li
Nimewo 58: Sa ki fè peyi d Ayiti mèt tèt li se nan tout sitwayen yo,
sa chita. Se nan men tout sitwayen yo, sa soti.
Men ki nan sikonstans chak sitwayen sèvi ak dwa sitwayen yo, dirèk:
1) Nan eleksyon prezidan Repiblik la.
2) Nan eleksyon manm lachanm.
3) Nan eleksyon manm tout lòt gwoup, lè Konstitisyon an ak lalwa mete
eleksyon pou yo chwazi yo.
Nimewo 59:
Gen twa gwoup moun, sitwayen yo mete la, pou gwoup sa yo gen dwa fè
peyi d Ayiti mache, o non sitwayen yo, kòm yon peyi ki mèt tèt li.
Se:
1) Gwoup moun ki gen pouvwa fè lwa pou peyi a.
2) Gwoup moun ki gen pouvwa dirije peyi a.
3) Gwoup moun ki gen pouwva jij nan peyi a.
Chak gwoup sa yo endepandan. Youn pa sou zòd lòt. Konstitisyon an
klè sou sa.
Nimewo 59-1:
Se sou twa (3) gwoup sa yo Leta Ayisyen chita. Se nan men twa gwoup
sivil sa yo, sitwayen yo mete tout pouvwa Leta genyen.
Nimewo 60:
Chak gwoup sa yo endepandan. Youn pa sou zòd lòt, nan travay yo chak,
yo gen pou yo fè, bò pa yo.
Nimewo 60-1:
Okenn nan twa gwoup sa yo,pa janm gen dwa bay youn nan 2 lòt yo, fè
pwòp travay pa li, pou oken rezon. Li pa gen dwa bay youn nan 2 lòt
yo fè, ni tout travay pa lik ni moso ladan. Chak gwoup fèt pou yo
rete nan wòl yo, jan Konstitisyon an ak lalwa di sa dwe fèt.
Nimewo 60-2:
Chak gwoup, sèl reskonsab pwòp travay pa yo.
Chapit 1
Peyi a divize an zòn
Pouvwa Leta pa fèt pou l chita nan men yon sèl ti pounyen moun.
Nimewo 61:
Peyi a divize an zòn. Men sa ki fòme yon zòn peyi a: seksyon kominal,
komin, depatman.
Nimewo 61-1:
Lalwa gen dwa kreye lòt zòn nan peyi a.
Paragraf 1
Seksyon kominal
Nimewo 62:
Se seksyon kominal la, ki pi piti moso, nan yon zòn peyi a, pou administrasyon
Leta a.
Nimewo 63:
Chak seksyon kominal gen yon konsèy twa (3) manm alatèt yo. Tout pèp
la nonmen twa (3) manm sa yo, nan eleksyon chak 4 an. Yo toujou gen
dwa double.
Lalwa deside kouman pou seksyon kominal la òganize ak kouman pou l
mache.
Nimewo 63-1:
Gen yon asanble seksyon kominal, ki la pou l ede konsèy administrasyon
seksyon kominal la, nan travay li.
Nimewo 64:
Leta dwe degaje l pou chak seksyon kominal rive jwenn tout mwaen pou
yo bay bon fòmasyon. Fòk tout moun nan seksyon an, kapab aprann travay
nan avantaj peyi a, nan byen viv, youn ak lòt, nan koze lajan, nan
sèvi ak richès ki nan sèvo ak nan lide pèp la.
Nimewo 65:
Men nan ki kondisyon yon moun gen dwa vin manm konsèy administrasyon
yon seksyon kominal:
1) Fòk li Ayisyen, e fòk li gen vensenk (25) ane pou pi piti.
2) Fòk li te rete de (2) ane nan seksyon kominal la, anvan eleksyon
an, e fòk li kontinye rete la toujou.
3) Fòk li gen tout dwa sivil li ak tout dwa politik li. E, fòk li
pa te janm jwenn okenn pinisyon grav oubyen okenn pinisyon pou l ta
wont nan men okenn jij.
Paragraf 2
Komin
Nimewo 66:
Chak komin fèt pou yo granmoun lakay yo, ni pou admistrasyon, ni pou
koze la jan. Chak komin peyi a, gen yon konsèy twa manm, alatèt yo.
Yo rele konsèy sa a konsèy minisipal. Tout pèp nan komin nan, nonmen
konsèy sa a, nan eleksyon.
Nimewo 66-1:
Yo rele prezidan konsèy sa a majistra kominal. Li gen majistra kominal
adjwen, pou ede l nan travay li.
Nimewo 67:
Gen yon asanble minisipal, ki la pou l ede konsèy minisipal la nan
travay li. Asanble sa a gen yon reprezantan chak seksyon kominal la
dan l, espesyalman.
Nimewo 68:
Yo nonmen manm konsèy minisipal yo nan eleksyon chak 4 ane. Yo toujou
gen dwa double.
Nimewo 69:
Lalwa deside kouman pou konsèy minisipal la òganize ak koman pou li
mache.
Nimewo 70:
Men nan ki kondisyon yon moun gen dwa vin manm konsèy minisipal:
1) Fòk li Ayisyen.
2) Fòk li deja gen vennsenk (25) ane.
3) Fòk li gen tout dwa sivil li ak tout dwa politik li.
4) Fòk li pa janm jwenn okenn pinisyon grav oubyen okenn pinisyon
pou l ta wont, nan men okenn jij.
5) Fòk li te rete omwen depi twa (3) ane nan komin nan, e fòk li fè
desizyon l pou li rete ladan l, pandan tout tan li manm konsèy minisipal
la.
Nimewo 71:
Chak konsèy minisipal gen dwa mande administrasyon santral peyi a,
ba l yon konsèy ki fòme ak teknsiyen.
Nimewo 72:
Men pou ki rezon, yon tribinal ki la pou sa, gen dwa deklare yon konsèy
minisipal vin kraze, legal:
1) Si gen twòp lese grennen.
2) Si gen vòlò.
3) Si konsèy minisipal la sou visye nan travay li.
Le moman tribinal la deklare konsèy minisipal la kraze, konsèy depatman
an, ranplase konsèy minisipal la, tousuit. Avan swasant (60) jou pase,
apre yo deklare konsèy minisipal la kraze, konsèy depatman an avèti
konsèy elektoral ki la nèt la. Se yon jan pou eleksyon kab fèt, pou
yon nouvo konsèy minisipal vin okipe travay komin nan, jis dat pwochen
eleksyon regilyè yo rive. Y a toujou fè menm jan tou, depi vin manke
youn nan manm konsèy minisipal la, pou nenpòt ki rezon.
Nimewo 73:
Se nan avantaj komin nan tou sèl, konsèy minisipal la fèt pou li okipe
byen komin an. Li rann asanble minisipal la kont, sou travay li fè.
Asanable minisipal la, bò pa li, voye rapò ba konsèy depatman an.
Nimewo 74:
Se konsèy minisipal la ki la, an premye, pou li okipe tè ak byen Leta,
nan komin nan. Yo pa gen dwa fè okenn afè ak byen osinon ak tè Leta
sa yo, san asanble minisipal la, pa di mo pa l nan sa anvan.
Paragraf 3
Awondisman
Nimewo 75: Awondisman kapab divize an divès komin, pou administrasyon
Leta a. Lalwa deside kouman pou awondisman an òganize ak kouman pou
l mache.
Paragraf 4
Depatman
Nimewo 76:
Se depatman an ki pi gran moso, nan yon zòn peyi a pou administrasyon
Leta a. Depatman an divize ann awondisman.
Nimewo 77:
Pou lalwa ak lajistis, depatman an, se tankou yon mounm ki granmoun
lakay li.
Nimewo 78:
Chak depatman gen yon konsèy twa (3) manm alatèt yo. Se asanble depatman
an ki nonmen twa (3) manm sa yo, nan eleksyon chak 4 an.
Nimewo 79:
Yo pa oblije chwazi manm konsèy depatman an, nan manm asanble depatman
an. Men nan ki kondisyon yon moun gen dwa vin manm konsèy depatman:
1) Fòk li Ayisyen e fòk li gen vennsenk (25) ane pouy piti.
2) Fòk ki rete omwen depi twa (3) ane nan depatman an, avan eleksyon
yo, e fòk li fè desizyon l poun li rete nan depatman an tout tan li
manm konsèy depatman an.
3) Fòk li gen tout dwa sivil li ak tout dwa politik li. E, fòk li
pa te janm jwenn okenn pinisyon grav, oubyen okenn pinisyon poul ta
wont, nan men okenn jij.
Nimewo 80:
Gen yon asanble depatman, ki la pou li ede konsèy depatman an nan
travay li. Asanble depatman an fòme ak yon reprezantan chak asanble
minisipal.
Nimewo 80-1:
Men ki moun ki gen dwa vin bay opinyon yo, nan reyinyon asanble deparman
an:
1) Depite ak senatè depatman an.
2) Yon reprezantan chak asosiyasyon sosyo-pwofesyonèl ak chak sendika,
nan depatman an.
3) Delege depatman an.
4) Direktè sèvis Leta, nan depatman an.
Nimewo 81:
Konsèy depatman an, mete ansanm ak administrasyon santral peyi a,
pou yo kalkile tout mwayen li va mete depatman an nan wout pwogrè.
Nimewo 82:
Lalwa deside kouman pou konsèy depatman an òganize ak kouman pou li
mache. Menm jan tou, pou asanble depatman an.
Nimewo 83:
Se nan avantaj depatman an tou sèl, konsèy depatman an fèt pou li
okipe byen depatman an. Li rann asanble depatman an kont, sou travay
li fè. Asanble depatman an, bò pa li, voye rapò bay administrasyon
santral peyi a.
Nimewo 84:
Men pou ki rezon, yon tribinal ki la pou sa, gen dwa deklare yon konsèy
depatman vin kraze, legal:
1) Si gen twòp lese grennen.
2) Si gen vòlò.
3) Si konsèy depatman an sou visye nan travayt li.
Lemoman tribinal la deklare konsèy depatman an kraze, administrasyon
santral peyi a nonmen yon komite pwovizwa. Anvan swasant (60) jou
pase, apre yo deklare konsèy depatman an kraze, administrasyon santral
peyi a avèti konsèy elektoral ki la nèt la. Se yon jan pou eleksyon
kab fèt, pou yon nouvo konsèy depatman, jis dat pwochen eleksyon regilyiè
yo rive.
Paragraf 5
Delege ak adjwen delege
Nimewo 85:
Nan chak chèflye depatman, gouvènman an nonmen yon reprezantan, yo
rele delege. Nan chak chèflye awondisman yo nonmen yon adjwen, ki
sou zòd delege a. Yo rele adjwen sa a, adjwen delege.
Nimewo 86:
Travay delege ak adjwen delege, se kontwole sèvis Leta yo epi mete
tèt ansanm ladan yol. Yo pa gen pou yo fè okenn travay lapolis, nan
mete lòd. Lalwa deside ki lòt travay delege ak adjwen delege gen pou
yo fè.
Paragraf 6
Konsèy tout depatman yo
Nimewo 87:
Gen yon konsèy tout depatman yo ki la pou li ede gouvènman an. Se
chak asanble depatman yo ki nonmen yon reprezantan nan konsèy sa a.
Nimewo 87-1:
Reprezantan yo chwazi nan manm asanble depatman yo, va fè va e vyen
ant depatman an ak gouvènman an.
Nimewo 87-2:
Konsèy tout depatman yo, va mete ansanm avèk gouvènman an, pou yo
kalkile tout mwayen ki va mete peyi a sou wout pwogrè, yon jan pou
pouvwa Leta pa chita yon sèl kote. Men sou ki sa pou yo travay pi
plis: sou jan youn sèvi ak lòt, nan peyi a, sou afè lajan, sou komès,
sou travay tè, sou endistri.
Nimewo 87-3:
Konsèy tout depatman yo gen dwa la, lè konsèy minis yo ap travay,
depi se sou yon koze yo jwenn nan nimewo 87-2a. Li gen dwa vote, depi
gen vòt.
Nimewo 87-4:
Menm jan pouvwa Leta pa fèt pou l rete nan men yon ti pounyen moun,
se kon sa tou, tout sèvis Leta pa fèt pou yo chita menm kote. Pouvwa
ak sèvis Leta fèt pou yo separe yo, yon jan pou yo nan avantaj tout
depatman yo. Menm jan tou, chak endistri pa kapab klere pou sèl grenn
je yo. Fòk gen tèt ansanm.
Nimewo 87-5:
Lalwa deside kouman pou konsèy tout depatman yo òganize ak kouman
pou yo mache. Lalwa deside tou kouben fwa konsèy tout depatman yo
fèt pou yo fè reyinyon ak konsèy minis yo.
Chapit 2
Gwoup moun ki gen pouvwa fè lwa pou peyi a
Nimewo 88:
Gwoup moun ki gen pouvwa fè lwa pou peyi a, se lachanm. Se nan men
lachanm pèp la mete pouvwa fè lwa pou peyi a. Gen lachanm depite ak
lachanm senatè, ki fòme lacham.
Paragraf 1
Depite
Nimewo 89:
Lachanm depite, se yon gwoup moun tout sitwayen yo nonmen nan eleksyon
Pèp la bay gwoup moun sa yo, pouvwa fè lwa, o non pèp la, ansanm ak
lachanm senatè.
Nimewo 90:
Chak kote k gen yon konsèy minisipal, fòme yon zòn ki kapab nonmen
yon depite nan eleksyon.
Lalwa deside konben depite ki dwe genyen kote k gen anpil anpil moun.
Men, kote sa yo pa gen dwa gen plis pase twa (3) depite. Ann atandan
yo fin mete regleman eleksyon yo dakò ak nimewo sa a, pi piti depite
pou lachanm genyen se swasanndis (70).
Nimewo 90-1:
Eleksyon depite dwe fèt nan kondisyon ak na fason lwa elektoral la
di sa dwe fèt. Pou eleksyon an bon fòk moun ki pase depite jwenn mwatye
vòt yo, plis yon lòt vòt, pou pi piti.
Nimewo 91:
Men nan ki kondisyon yon moun gen dwa vin depite lachanm:
1) Fòk li Ayisyen natif natal (*5, gade nòt Pòl Dejan ki parèt anba
pajwèb sa a). Epi fòk li pa te janm pa Ayisyen ankò.
2) Fòk li deja gen vennsenk (25) ane.
3) Fòk li gen tout dwa sivil li ak tout dwa politik li. E, fòk li
pa janm jwenn okenn pinisyon grav oubyen okenn pinisyon pou l ta wont,
nan men jij ki jije krim yo rele krim dwa komen.
4) Fòk li te rete omwen de (2) ane, youn dèyè lòt, anvan eleksyon
an, nan zòn kote li vle depite a.
5) Fòk li gen omwen yon kay nan zòn sa a, oubyen fòk li travay la,
nan yon metye ousinon nan yon endistri.
6) Fòk li gen papye ofisyèl li kòmkwa li an règ ak Leta, si li te
reskonsab lajan Leta.
Nimewo 92:
Yo nonmen depite yo nan eleksyon chak 4 an. Yo toujou gen dwa double:
Nimewo 92-1:
Depite yo rantre lachanm dezyèm lendi mwa d janvye. Lachanm depite
travay pandan 2 peryòd, chak ane. Tan sèvis depite a, konte pou yon
epòk sèvis lachanm.
Nimewo 92-2:
Premye peryòd lachanm travay, konmanse dezyèm lendi mwa d janvye,
jis dezyèm lendi mwa d me. Dezyèm peryòd la konmanse dezyèm lendi
mwa d jen, jis dezyèm lendi mwa sektanm.
Nimewo 92-3:
Se pou yo chanje tout depite lachanm chak 4 an.
Nimewo 93:
Anwetan travay fè lwa, Konstitisyon an bay lachanm depite fè, tankou
lachanm senatè, men ki sa lachanm depite gen dwa fè toujou: depi sou
chak twa (3) depite gen de (2) ki dakò pou sa, lachanm depite gen
dwa al lajistis ni pou prezidan, ni pou premye minis, ni pou minis
ni pou sekretè deta,. Jijman an ap fèt devan yon gwo tribinal espesyal,
ki la pou sa dirèk. Konsitilisyon an ak lalwa regle tout lòt travay
depite yo ta gen pou yo fè.
Paragraf 2
Senatè
Nimewo 94:
Lachanm senatè, se yon gwoup moun tout sitwayen yo nonmen nan eleksyon.
Pèp la bay gwoup moun sa oy pouvwa fè lwa, o non pèp la, ansanm ak
lachanm depite.
Nimewo 94-1:
Gen twa (3) senatè pou chak depatman.
Nimewo 94-2:
Eleksyon senatè dwe fèt nan kondisyon ak nan fason lwa elektoral la
di sa dwe fèt. Pou eleksyon an bon, fòk moun ki pase senatè jwenn
mwatye vòt yo, plis yon lòt vòt, pou pi piti, nan eleksyon ki fèt
nan chak depatman yo.
Nimewo 95:
Yo nonmen senatè yo nan eleksyon chak siz (6) an. Yo toujou gen dwa
double.
Nimewo 95-1:
Lachanm senatè toujou sou travay.
Nimewo 95-2:
Men, li kapab fè yon kanpe sòf pandan 2 peryòd travay lachanm depite
yo. Lè lachanm senatè fè yon kanpe, fò l genyen yon komite ki toujou
la, pou li regle detay tou le jou yo. Komite sa a pa gen dwa fè okenn
desizyon, sòf pou l ta mande yon reyinyon lachanm senatè. Si gen sikonstans,
gouvènman an tou, gen dwa mande yon reyinyon lachanm senatè, ata pandan
yo fè yon kanpe.
Nimewo 95-3:
Tou le dezan (2 an), yo chanje yon (1) senatè sou chak twa (3) senatè
lachanm.
Nimewo 96:
Men nan ki kondisyon yon moun gen dwa vin senatè:
1) Fòk li Ayisyen natif natal. Epi, fòk li pa te janm pa Ayisyen ankò.
2) Fòk li deja gen trant (30) ane.
3) Fòk li gen tout dwa sivil li ak tout dwa politik li. E, fòk li
pa janm jwenn okenn pinisyon grav oubyen okenn pinisyon pou l ta wont,
nan men jij ki jije krim yo rele krim dwa komen.
4) Fòk li te rete omwen kat (4) ane youn dèyè lòt, anvan eleksyon
an, nandepatman li vle senatè ladan l nan.
5) Fòk li gen omwen yon kay nan depatman an, oubyen fòk li travay
la, nan yon metye ousinon nan yon endistri.
6) Fòk li gen papye ofisyèl li kòmkwa li an règ ak Leta, si li te
reskonsab lajan Leta.
Nimewo 97:
Anwetan travay fè lwa, Konstitisyon an bay lachanm senatè fè, tankou
lachanm depite, men ki sa lachanm senatè gen dwa fè toujou:
1) Li prezante gouvènman an lis jij pou tribinal kasasyon selon sa
Konstitisyon an mande.
2) Li tounen yon gwo tribinal espesyal (*6, gade nòt Pòl Dejan ki
parèt anba pajwèb sa a).
3) Li fè tout lòt travay Konstitisyon sa a ak lalwa ba l fè.
Paragraf 3
Asanble nasyonal
Nimewo 98:
Lè de (2) gwoup moun ki gen pouvwa fè lwa pou peyi a vin fè yon sèl
gwoup, yo rele sa: ''asanble nasyonal''.
Nimewo 98-1:
Reyinyon asanble nasyonal la dwe fèt nan konmansman ak nan finisman
chak peryòd travay lachanm. Li fèt tou, chak fwa Konstitisyon an mande
sa.
Nimewo 98-2:
Sèl pouvwa asanble nasyonal la genyen, se pouvwa fè travay Konstitisyon
an ba l fè ase. Ni li pa gen dwa okipe lòt koze.
Nimewo 98-3:
Men ki wòl asanble nasyonal la genyen:
1) Se devan l, prezidan an leve lamen pou l sèmante l ap respekte
Konstitisyon an.
2) Asanble nasyonal la dwe di, si l dakò poupeyi a deklare lagè, apre
tout demachpou l agè pa deklare, kaba.
3) Li dwe di si li dakò oubyen si li pa dakò pou yo siyen antant ak
kontra ak lòt peyi.
4) Se li ki dwe mete Konstitisyon an pi anfòm, selon jan yo prevwa
sa, nan Konstitisyon an.
5) Li dwe di si li dakò lè gouvènman an ta fè desizyon l pou l al
chita yon lòt kote, selon sa yo jwenn nan premye nimewo Konstitisyon
an.
6) Li dwe deside si wi ou non, gouvènman an gen dwa deklare eta d
syèj. Li dwe deside, ansanm ak gouvènman an, ki minewo yo gen dwa
pa aplike, nan Konstitisyon an, epi pandan konben tan sa gen dwa fèt.
Li dwe bay konkou l, pou yo fòme konsèy elektoral ki la nèt la, jan
sa ekri nan nimewo 192 Konstitisyon an.
8) Se devan l, gouvènman an dwe vin bay kontrandi sou tou sa li fè,
nan konmansman chak peryòd travay lachanm.
Nimewo 99:
Se prezidan lachanm senatè ki dirije asanble nasyonal la, nan travay
li. Prezidan lachanm depite ede l kòm vis-prezidan,. Sekretè lachanm
senatè ak sekretè lachanm depite, se yo ki sekretè asanble nasyonal
la.
Nimewo 99-1:
A sipouzisyon prezidan lachnm senatè vin gen yon lekontrè, se prezidan
lachanm depite depite ki ranplase l, alatèt asanble nasyonal la. Se
vispreziean lacham senatè atò, ki vin visprezidan asanble nasyonal
la.
Nimewo 99-2:
Sizanka tou le de (2) prezidan yo ta vin gen yon lekontrè, se de (2)
visprezidan yo, ki va ranplase yo chak.
Nimewo 100:
Tout moun gen dwa asiste reyinyon asanble nasyonal la. Men, yo gen
dwa pa fè yo an piblik, depi senk (5) manm asanble a mande sa. Apre
sa, pi fò manm nan asanble a va deside si yo dwe rekonmanse reyinyon
an devan tout moun.
Nimewo 101:
Si gen ka sikonstans, gouvènman an gendwa mande pou asanble nasyonal
la fè yon reyinyon espesya, lè se pa pandan peryòd travay lachanm.
Nimewo 102:
Asanble nasyonal la pa gen dwa fè okenn reyinyon ni li pa gen dwa
fè okenn desizyon, san pi fò manm lachanm depite ak pi fò manm lachanm
senatè pa la.
Nimewo 103:
Se Pòtoprens lachanm chita. Men yo kapab tabli l menm kote ak gouvènman
an, lemoman yo ta vin tabli gouvènman an yon lòt kote.
Paragraf 4
Kouman gwoup moun ki gen pouvwa fè lwa nan peyi a dwe travay
Nimewo 104:
Peryòd travay lachanm konmanse menm jou lachanm depite ak lachanm
senatè vin fè yon sèl, pou yo fòme asanble nasyonal la.
Nimewo 105:
Lè se pa nan peryòd travay lachanm, prezidan Repiblik la gen dwa mande
lachanm yon reyinyon espesyal, si gen ka sikonstans.
Nimewo 106:
Se yon mesaj chèf gouvènman an ki esplike pou ki rezon yo mande reyinyon
sa a.
Nimewo 107:
Lè yo mande lachanmn yon reyinyon espesyal, lachanm pa gen dwa fè
okenn desizyon pou okenn lòt kòz, pase pou kòz ki fè, yo te mande
reyinyon an.
Nimewo 107-1:
Sa pa vle di yon senatè oubyen yon depite, pa gen dwa fè lachanm depite
oubyen lachanm senatè tande sa li panse sou nenpòt lòt kòz ki enterese
tout moun.
Nimewo 108:
Lachanm depite kontwole si yon depite gen dwa fè travay depite l.
Se apre kontwòl sa a, yon depite vin gen dwa fè travay depite l. Lachanm
senatè dwe fè menm jan tou, pou chak senatè, anvan pou gen dwa fè
travay senatè yo. Se sèl lachanm depite ak lachanm senatè ki gen dwa
regle diskisyon ki ta leve sou sa.
Nimewo 109:
Men ki pawòl, ni manm lachanm senatè, ni manm lachanm depite pale,
lè yo leve lamen: ''Mwen sèmante m ap fè travay pwoteje dwa pèp la
ak travay obeyi kontitisyon an, jan mwen dwe fè l la''.
Nimewo 110:
Tout moun gen dwa asiste reyinyon ni lachanm senatè ni lachanm depite.
Men, ni lachanm senatè, ni lachanm depite gen dwa pa fè reyinyon yo
an piblik, depi senk (5) senatè oubyen senk (5) depite mande sa. Apre
sa, pi fò manm ni lachanm senatè, ni lachanm depite va deside si yo
dwe rekonmanse reyinyuon an devan tout moun.
Nimewo 111:
Lachanm gen dwa fè lwa pou tout kòz ki enterese tout moun.
Nimewo 111-1:
Ni lachanm senatè ni lachanm depite, ni gouvènman an gen dwa mande
fè lwa pou yon kòz.
Nimewo 111-2:
Men, se gouvènman an tou sèl, ki gen dwa mande fè lwa pou kòz sa yo:
1) Lwa pou fikse lajan Leta gen pou l resevwa, ak lajan Leta gen pou
l depanse. Yo rele lwa sa a, lwa sou bidjè Leta.
2) Lwa pou fiske lajan chak moun dwe peye kòm enpou ak lwa pou fikse
kouman Leta dwe touche lajan enpou sa a, ak lòt lajan kontribisyon.
3) Lwa pou mete dwa sou machandiz oubyen pou ogmante dwa sa yo.
4) Lwa pou ogmante depans Leta.
Apre gouvènman an prezante demann pou fè lwa sa yo, lachanm depite
gen pou l vote yo an premye.
Nimewo 111-3:
Sizanka lachanm senatè pa antann li ak lachanm depite sou lwa yo fèk
pale de yo, nan nimewo 11-2a, yo va prezante yon lis manm ni pou lachanm
senatè, ni pou lachanm depite. Y a pran menm valè senatè ak menm valè
depite nan non ki sou lis la, pou yo fòme yon komite lachanm, ki gen
pou l regle keksyon sa a nèt.
Nimewo 111-4:
Sizanka se sou kèk lòt lwa, lachanm senatè pa antann li ak lachanm
depite, yo a ranvwaye vòt lwa sa a, pou lòt peryòd travay lachanm
nan. Si, ata apre manm lachanm yo ta vin chanje, lachanm senatè ak
lachanm depite pa antann yo sou lwa sa a toujou, yo va prezante yon
lis manm ni pou lachanm senatè, ni pou lachanm depite. Y a pran menm
valè senatè ak jenm valè depite nan non ki sou lis la, pou yo fòme
yon komite lachanm. Travay komite sa a, se tounen ekri lwa sa ak,
anvan yo mande ni lachanm senatè, ni lachanm depite, vote li. Y a
konmanse ak lachanm ki te deja premye vote lwa a, anvan, Si sa pa
bay anyen., y a kite afè lwa sa a.
Nimewo 111-5:
A sipouzisyon gwoup moun ki gen pouvwa fè lwa pou peyi a, ak gwoup
moun ki gen pouvwa dirije peyi a, pa antann yo, youn nan gwoup yo,
va poute kòz la devan yon komite ki la pou l ranje sa, jan yo ekri
l, nan nimewo 206 la.
Nimewo 111-6:
Sizanka komite a pa reyisi fè de (2) gwoup yo antan yo, l a drese
yon pwosèvèbal, kòmkwa pa gen antant. La remèt de (2) gwoup yo, pwosèvèbal
sa a. Lè fini, l a avèti tribinal kasasyon an.
Nimewo 111-7:
Anvan ui (8) jou pase, apre tribinal kasasyon an resevwa pwosèvèbal
la, tribinal kasasyon an pran kòz la sou kont li. Tout manm tibinal
kasasyon an va mete ansanm, pou yo fè yon desizyon, san tribinal kasasyon
an va mete ansanm, pou yo fè yon deesizyon, san yo pa chita sou okenn
lòt kòz. Tou le de (2) gwoup yo, oblije dakò ak desizyon tribinal
kasasyon an.
Nimewo 111-8:
Yo pa janm gen dwa kraze, ni lachanm depite, ni lacham senatè pou
okenn rezon, Ni yo pa gen dwa fòse yo sispann reyinyon yo. Ni yio
pa gen dwa fè, ni yon senatè, ni yon depite depase tan sèvis li.
Nimewo 112:
Ni lachanm senatè ni lachanm depite gen pwòp^regleman pa yo. Se dapre
regleman sa yo, yo ninmen pèsonèl ki va ede manm lachanm yo fè travay
yo. Se nan regleman sa yo, yo jwenn ki jan, ni lachanm senatè ni lachanm
depite fèt pou yo travay an òd.
Nimewo 112-1:
Depi yon senatè oubyen yon depite pa kondui tèt li byen, lachanm senatè
oubyen lachanm depite gen dwa ba l yon pinisyon. Men, fòk sou chak
twa (3) senatè oubyen sou chak twa (3) depite gen de (2) ki dakò pou
sa. Sèl sa yo pa gen dwa fè se kase l, kòm senatè oubyen kòm depite.
Nimewo 113:
Yon manm lachanm, kit li depite, kit li senatè, kapab vin pèdi dwa
depite l ousinon dwa senatè l, anvan tan sèvis li fini. Sa rive lè
yon jij tribinal dwa komen fin jije manm lachanm sa a, pendan tan
sèvis li epi lè li reve kondane l, pou yon kòz ki ta fè, yo pa ta
gen dwa chwazi moun sa a nan eleksyon.
Nimewo 114:
Anwetan sa ki ekri pi ba, nan nimewo 115 la, yo pa gen dwa manyen
manm lachanm, depi jouyo te leve lamen, kòm manm lachanm, jis jou
tan sèvis yo fini.
Nimewo 114-1:
Yo pa janm gen dwa, ni mennen yo lajistis, ni atake yo devan tribinal
pou sa yo di oubye pou jan yo vote, etan y ap fè travay manm lachanm
yo.
Nimewo 114-2:
Pandan tan sèvis yon manm lachanm, yo pa gen dwa arete l pou dèt.
Nimewo 115:
Pendan tan sèvis yon senatè oubyen yon depite, se sèl ak pèmisyon
lachanm senatè oubyen lachanm depite, yo kapab arete l pou yon krim,
pou yon fòt, oubyen pou yon kontravansyon ki sou kont jij tribinal
dwa komen, lè se pa nan men, yo bare manm lachanm sa a, pou yon kòz
ki mande yon pinisyon grav oubyen yon pinisyon pou l ta wont. Si sa
rive pandan peryòd travay lachamn, yo mennen senatè a oubyen depite
a devan lachanm senatè ousinon lacchanm depite, san pèdi tan. Si se
pa peryòld travay lachanm, y a tann konmansman pwochenn peryòd travay
lachanm anan oubyen pwochenn reynyon espesyal li.
Nimewo 116:
Ni lachanm senatè, ni lachanm depite pa gen dwa fè okenn reyinyon
ni yo pa gen dwa fè okenn desizyon san pi fò manm lachanm yo pa la.
Nimewo 117:
Pou yon desizyon lachanm vo kichòy, fòk se pi fò manm ki la, nan reyinyon
an, ki fè desizyon sa a, sòf si Konstitisyon sa a ta prevwa yon lòt
bagay.
Nimewo 118:
Ni lachanm senatè, ni lachanm depite gen dwa fè yon ankèt sou tout
kòz yo mete devan yo.
Nimewo 119:
Anvan pou yon pwojè-lwa tounen yon lwa, fòk yo vote chak nimewo ki
ladan l, youn dèyè lòt.
Nimewo 120:
Ni lachanm senatè, ni lachanm depite gen dwa fè chanjman pou yo ranje
pwojè-lwa yo mande yo vote. Yo gen dwa mete plis minewo tou. Pou chanjman
sa yo rantre nan yon pwojè-lwa, aprè lachanm depite fin asepte yo,
fòk lachanm senatè asepte menm chanjman sa yo, menm jan, oubyen okontrè,
si lachanm senatè te asepte chanjman sa yo anvan, fòk lachanm depite
vin asepte yo pou yo sa rantre nan pwojè-lwa. Anvan pou pwojè-lwa
tounen yon lwa, fòk ni pwojè lachanm senatè vote a, ni pwojè lachanm
depite vote ak menm parèy.
Nimewo 120-1:
Toutotan yo pankò fin vote yon pwojè-lwa, yo toujou kapab kite sa.
Nimewo 121:
Depi lachanm fin vote yon lwa, yo dwe voye l bay perzidan Repiblik
la, anvan yo mete lwa sa a deyò. Prezidan an gen dwa pa dakò ni ak
tout lwa a, ni ak yon pati nan lwa a.
Nimewo 121-1:
Lè sa rive, prezidan Repiblik la voye lwa a tonen lachanm senatè si
se lachanm senatè ki te vote lwa a an premye, oubyen lachanm depite,
si se lachanm depite ki te vote lwa a an permye. Li fè yo konnen sou
ki pwen li pa dakò ak lwa a. Si se lachanm senatè ki korije lwa a,
li voye l bva lachanm depite ansanm ak pwen Prezidan an pa te dakò
avèk yo a. Men jan tou, si se lachanm depite ki korije lwa a, li voye
l ba lachanm senatè.
Nimewo 121-2:
Sizanka ni lachanm senatè, ni lachanm depite vote lwa a, apre yo korije
yo tounen voye lwa a bay prezidan Repiblik la, pou li mete lwa a deyò.
Nimewo 121-3:
Sizanka lachanm senatè ki te vote lwa a an premye, pa vle chanjman
prezidan an mande, li voye l va lachanm depite, ak pwen prezidan an
pa te dakò avèk yo a. Menm jan tou, si se lachanmn depite ki te vote
lwa a an premye, li voye l ba lachanm senatè.
Nimewo 121-4:
Sizanka ni lachanm senatè, ni lachanm depite pa vle chanjman prezidan
an mande a, yo voye lwa a tounen bay prezidan an. Lè sa a, prezidan
an oblije mete lwa a deyò.
Nimewo 121-5:
Pou lachanm senatè ak lachanm depite pa asepte chanjman prezidan an
mande, fòk pi fò manm lachanm yo vote menm jan, selon sa ki ekri nan
nimewo 117 la. Lè sa am, se yon vòt sekrè ki dwe fèt ni lachanmn senatè
ni lachanm depite.
Nimewo 121-6:
Si pi fò senatè yo oubyen pi fò depite yo, pa vote kont chanjman prezidan
an mande, jan sa pale nan nimewo 121-5 lan, chanjman yo pase.
Nimewo 122:
Di jou prezidan Repiblik la resevwa yon lwa, nan men lachanm, li gen
ui (8) jou antye, pounl fè lachanm konnen, li pa dakò ak lwa sa a.
Nimewo 123:
Si prezidan Repiblik la pa mande okenn chanjman nan lwa a, anvan dèle
ki make a, fini, se pou yo pibliye lwa a, sòf si peryòd travay lachanm
nan fini anvan dèle a bout. Nan ka sa a yo ranvwaye lwa a pou pi ta.
Lè pwochenn peryòd travay lachanm nan konmanse, yo voye lwa a bay
prezidan Repiblik la, pou li kapab di si li pa dakò.
Nimewo 124:
Lè ni lachanm senatè, ni lachanm depite pa asepte yon pwojè-lwa, yo
pa gen dwa tonen prezante l pandan menm peryòd travay lachanm nan.
Nimewo 125:
Apre lachanm oubyen asanble nasyonal fin vote nenpòt lwa oubyen nenpòt
desizyon, fòk yo obeyi yo, yon fwa prezidan peyi a, fè yo parèt nan
jouanl ofisyèl Repiblik la.
Nimewo 125-1:
Yo bay lwa a yon nimewo. Yo enprime l nan yon bilten ki gen nimewo.
Non bilten an, se: ''Bilten lwa ak desizyon lachanm vote''.
Nimewo 126:
Yon lwa vin lwa tout bon jou ni lachanm senatè ni lachanm depite fin
vote l nèt.
Nimewo 127:
Pèsonn moun pa kapab monte sou tribin lachanmn pou l prezante demann.
Nimewo 128:
Se sèl gwoup moun pèp la bay pouvwa fè lwa, ki gen pouvwa esplike
sans lwa yo, yon jan pou tout moun konnen se sa oubyen se pa sa. Yo
bay esplikasyon sa yo an fòm yon lwa.
Nimewo 129:
Apre yo manm lachanm fin leve lamen kòm senatè ousinon kòm depite,
li gen dwa touche chak mwa nan men Leta, pou travay li.
Nimewo 129-1:
Yon manm lachanm pa gen dwa touche, nan okenn lòt plas sòf plas pwofesè.
Nimewo 129-2:
Nenpòt manm lachanm gen dwa rele yon manm govènman an oubyen tout
gouvènman an pou yo parèt devan lachanm. Lè sa a, manm lachanm nan
ge dwa mande keksyon sou jan administrasyon peyi a mache ak sou sa
yo fè ladan.
Nimewo 129-3:
Pou yon manm lachanm gen dwa mande keksyon, nan kondisyon sa a, fòk
gen senk (5) lòt manm lachanm senatè oubyen lachanm depite ki dakò
avè l pou sa. Apre yo mande keksyon yo, fòk lachanm senatè oubyen
lacham depite vote pou yo di si yo fè gouvènman an konfyans ousinon
si yo blame l. Pou vòt la bon, fòk pi fò manm lachanm yo, vote menm
jan.
Nimewo 129-4:
Lè lachanm blame gouvènman an pou yon pwen ki nan pwogram gouvvènman
an oubyen pou jan govènman an di l ap mennnen bak Leta a, fòk premye
minis la remèt prezidan Repiblik la demisyon gouvènman l nan.
Nimewo 129-5:
Lè sa a, prezidan an oblije asepte demisyon an. Li nonmen yon lòt
premye minis atò, jan sa make nan Konstitisyon an.
Nimewo 129-6:
Lachanm pa gen dwa fè plis pase yon vòt kon sa, nan yon ane, pou l
blame gouvènman an pou yon pwen ki nan pwogram gouvènman san oubyen
pou jan gouvènman an di l ap mennen ak Leta a.
Nimewo 130:
Si yon manm lachanm mouri anvan tan sèvis li fini, oubyen si l bay
demisyon l, oubyen si li vin pèdi dwa manm lachanm li, oubyen si l
antrave ak lajistis, oubyen si l asepte yon plas ki pa ale ak travay
manm lachanm li, fòk yo ranplase l, pou rès tan sèvis li. Si se yon
depite, konsèy elektoral ki la nèt la, va konvoke moun ki gen dwa
vote pou eleksyon fèt nan zòn li depite a, anvan yon mwa gen tan pase.
Si se yon senatè, se menm jan tou, nan depatman l.
Nimewo 130-1:
Eleksyon an dwe fèt anvan trant (30) jou pase, apre yo konvoke moun
ki gen dwa vote pou eleksyon fèt nan kote a, jan sa make nan Konstitisyon
an.
Nimewo 130-2:
Se menm bagay tou, si eleksyon pa te fèt oubyen si konsèy elektoral
ki la nèt la te deklare eleksyon ki te fèt nan yon zòn oubyen nan
plizyè zòn pa bon.
Nimewo 130-3:
Men, si plas yon manm lachanm vin vid, pandan dènye peryòd travay
lachanm oubyen apre dènye peryòd sa a, pa gen nesesite pou eleksyon
fèt pou ranplase manm lachanm sa a.
Paragraf 5
Plas ki pa ale ak travay yon manm lachanm
Nimewo 131:
Men moun yo pa gen dwa chwazi nan eleksyon pou manm lachanm:
1) Manadjè antrepriz ki okipe sèvis Leta oubyen moun ki gen kontra
ak Leta pou okipe sèvis Leta.
2) Reprezantan oubyen fonde d pouvwa moun sa yo ou sinon konpayi ak
sosyete ki fè menm mòd travay avèk moun sa yo.
3) Delege, adjwen delege, jij, konmisè gouvènman, sòf si tout moun
sa yo ta kite plas yo si (6) mwa anvan dat eleksyon an.
4) Tout lòt moun, Konstitisyon sa a oubyen lalwa deklare sitiyasyon
yo pa ale ak travay yon manm lachanm.
Nimewo 132:
Manm gouvènman ak direktè jeneral administrasyon piblik ki ta vle
yo chwazi yo nan eleksyon pou manm lachanm, fèt pou yo bay demisyon
yo, nan plas yo, enn (1) an pou pi piti anvan dat eleksyon.
Chapit 3
Gwoup moun ki gen pouvwa dirije peyi a
Nimewo 133:
Men moun ak gwoup moun ki gen pouvwa dirije peyi a:
1) Prezidan Repiblik la. Yo rele l chèf deta.
2) Premye minis l, ak gouvènman l.
Paragraf 1
Sa Prezidan Repiblik la ye
Nimewo 134:
Se tout sitwayien ki gen dwa vote, ki nonmen prezidan Repiblik la
nan eleksyon. Pou eleksyon an bon, kòd moun ki pase prezidan jwenn
mwatye vòt yo, plis yon lòt vòt, pou pi piti. Si li pa jwenn tou sa,
fòk yo rekonmanse eleksyon an, yon dezyèm fwa. Nan dezyèm eleksyon
sa a, se de (2) kandida ase ki gen dwa parèt. De (2) kandida sa yo
se yo ki te jwenn pi plis vòt nan premyi eleksyon an, apre tout lòt
yo in retire kò yo.
Nimewo 134-1:
Yo nonmen prezidan an nan eleksyon chak senk (5) an. Tan sèvis prezidan
an konmanse 7 fevriye apre dat eleksyon an. Li fini tou, 7 fevriye
apre dat eleksyon an.
Nimewo 134-2:
Eleksyon poun prezidan, fèt dènye dimanch mwa novanm, senkyèm ane
tan sèvis prezidan an.
Nimewo 134-3:
Prezidan an pa janm gen dwa double tousuit. Anvan pou l ta jwen yon
dezyèm tan sèvis kòm prezidan, fòk senk (5) ane pase pou pi piti.
Ni, pou okenn rezon, li pa gen dwa kandida pou yon twazyèm tan sèvis
kòm prezidan.
Nimewo 135:
Men nan ki kondisyon yon moun gen dwa vin prezidan Repiblik d Ayiti:
1) Fòk li Ayisyiien natif natal. Epi fòk li pa te janm pa Ayisiyen
ankò.
2) Fòk li te deja gen transenk (35) ane, jou eleksyon an.
3) Fòk li gen tout dwa sivil li ak tout dwa politik li. E., fòk li
pa janm jwenn okenn pinisyon grav oubyen okenn pinisyon pou l ta wont,
nan men jij ki jije krim yo rele krim dwa komen.
4) Fòk li gen omwen yon kay ann Ayiti, e fòk se nan peyi a li abitye
rete.
5) Fòk li te rete nan peyi a senk (5) ane, youn dèyè lòt, anvan dat
eleksyon an.
6) Fòk li gen papye ofisyèl li, kòmkwa li an règ ak Leta, si li te
reskonsab lajan Leta.
Nimewo 135-1:
Men ki paròl prezidan Repiblik la pale lè li leve lamen, an prezans
asanble nasyonal la, anvan li rantre nan travay prezidan l:
''Mwen sèmante, devan Bondye ak devan peyi a m ap obeyi tou sa ki
nan Konstitisyon an, ak tou sa ki nan lwa Repiblik d Ayiti. E,k m
ap fè tout moun obeyi yo menm jan tou. M ap respekte tout dwa pèp
Ayisyen genyen. E, m ap fè tout moun respekte yo menm jan tou. M ap
fè tou sa m kapab pou pèp peyi d Ayiti toujou rete yon gran pèp, pou
li toujou mèt lakay li, e pou li pa janm pèdi pi piti a''.
Paragraf 2
Sa Prezidan Repiblik la dwe fè
Nimewo 136:
Prezidan Repiblik d Ayiti, kidon chèf deta a anchaje fè respekte Konstitisyon
an, yon jan pou tou sa ki nan Konstitisyon an fèt vre, e pou regleman
Leta kenbe fèm. Travay lim se kontwole si tout sèvis Leta yo ak administrasyon
piblik la mache korèk, pou Leta toujou soutni pwotokòl Leta li.
Nimewo 137:
Prezidan an chwazi yon premye minis nan pati politik ki gen pi fò
manm lachanm yo ladan l, Si pa gen okenn pati poukitik ki gen pi fò
manm lachanm yo ladan l' prezidan Repiblik la mande prezidan lachanm
senatè ak prezidan lachanm depite, sa yo panse, anvan li chwazi premye
minis li. Tout jan, lachanm gen pou l deklare si li dakò ak premye
minis sa a.
Nimewo 137-1:
Prezidan an kase premye minis la, lè premye minis la vin ba l demisyon
gouvènman an.
Nimewo 138:
Youn nan wòl prezidan Repiblik la se fè yon jan pou pèp Ayisyen toujou
mèt lakay li, e pou li pa janm pèdi pi piti moso nan tè peyi d Ayiti.
Nimewo 139:
Men lòt bagay ki sou kont li toujou: tout antant, tout kontra tout
regleman ak lòt peyi. Se li ki fè yo. Li ki siyen yo. Se li ki voye
yo bay asanble nasyonal la, pou asanble nasyona deklare si li dakò
ak yo.
Nimewo 139-1:
Se li ki siyien lèt nominasyon anbasadè ak reprezantan peyi a, aletranje.
Se li ki resevwa anbasadè peyi etranje, lè yo vin prezante lèt nominasyon
yo. Se li ki bay konsil peyi etranje, pèmisyon fè travay konsil yo,
ann Ayiti.
Nimewo 140:
Se li ki deklare lagè. Se li ki siyen antant pou fè lapè. Men, fòk
asanble nasyonal la deklare li dakò ak sa.
Nimewo 141:
Se li ki nonmen kòmandan an chèf lame. Se li ki nonmen kòmandan an
chèf lapolis. Se li ki nonmen anbasadè ak konsil jeneral. Men, fòk
lachanm senatè dakò ak nominasyon sa yo, avan pou prezidan an fè desisyon
l, nan reyinyon konsèy minis yo.
Nimewo 142:
Se li ki nonme tout direktè jeneral nan adninistrayon piblik la. Se
li ki nonmen delege ak adjwen delege pou depatman ak awondisman. Pou
nominasyon sa yo, prezidan an fè desizyon l nan reyinyon konsèy minis
yo. Se prezidan Repiblik la tou ki nonmenmanm konsèy administrasyon
Sèvis Leta ki endepandan yo. Men fòk Lachanm Senatè dakò ak nominasyo
sa yo anvan.
Nimewo 143:
Prezidan Repiblik la pote non chèf lame. Men, se lpa janm li menm
pèsonèl ki konmmande lame.
Nimewo 144:
Prezidan an fè mete so Repiblik d Ayiti sou tout lwa yo, pou l sa
fè yo parèt, nan dèle ki make nan Konstitisyon an. Anvan dèle a bout,
li gen dwa fè lachanm konnen li pa dakò ak yon lwa.
Nimewo 145:
Prezidan an dwe kontwole si yo obeyi tout desizyon lajistis fè, jan
sa ekri nan lalwa.
Nimewo 146:
Prezidan an gen dwa fè yon moun lajistis kondanem gras. Li gen dwa
chanje pinisyon yon moun tou, depi jijman an te fini nèt. Men, sa
pa vo pou moun gwo tribinal espesyal Konstitisyon sa a prevwa, kondane
yo.
Nimewo 147:
Prezidan an pa janm kapab efase fòt yon moun,, sòf pou yon kòz politik,
jan sa make nan lalwa.
Nimewo 148:
Sizanka prezidan an vin twouve li pa kapab fè travay prezidan l, dezoutwa
jou, se konsèy minis yo, sou direksyon premye minis la ki va gen pouvwa
dirije peyi a, ann atandan.
Nimewo 149:
Sizanka plas prezidan Repiblik la vin vid, pou nenpòt ki rezon se
prezidan tribinal kasasyon an ki monte prezidan pwovizwa Repiblik
la. Si plas przidan tribinal kasasyon an te vid, se vis-prezidan tribinal
kasasyon an ki monte, Si plas vis-prezidan an te vid, se jij ki pi
ansye kòm jij tribinal kasasyon an, ki monte. E, se kon sa jij tribinal
kasasyon yo ta monte, youn dèyè lòt. Asanble Nasyonal la enstale prezidan
pwovizwa a nan plas li, apre premye minis la konvoke yon reyinyon
asanble nasyonal la, jan lwa di sa dwe fèt.
Jan sa ekri nan Konstitisyon an ak nan lwa elektoral la, vòt pou eleksyon
nouvo preezidan, ki va gen yo nnouvo tan sèvis senk (5) ane a, dwe
fèt karannsenk (45) jou, poun pi ta, apre plas prezidan an vin vid.
Nimewo 149-1:
Prezidan pwovizwa a, pa janm gen dwa kandida nan eleksyon nouvo prezidan
ki gen pou l fèt la.
Nimewo 150:
Prezidan Repiblik la pa gen lòt pouvwa pase pouvwa Konstitisyon an
ba li.
Nimewo 151:
Chak ane, nan konmansman premye peryòd travay lachanm, prezidan Repiblik
la esplike jan sitiyasyon peyi a ye, nan yon diskou li fè pou lachanm.
Pa fèt pou gen okenn diskisyon lachanm apre diskou sa a.
Nimewo 152:
Apre prezidan Repiblik la fin leve lamen kòm prezidan, li gen dwa
touche chak mwa, nan kès Leta, pou travay li.
Nimewo 153:
Kay ofisyèl kote prezidan Repiblik la fèt pou li rete a, se palè nasyonal
la, nan kapital la, sòf si yon ka sikonstans ta fè yo vin tabli gouvènman
peyi a yon lòt kote.
Nimewo 154:
Se prezidan Repiblik la ki dirije reyinyon konsèy minis yo.
paragraf 3
Sa gouvènman ye
Nimewo 155:
Gouvènman an fòme ak premye minis, minis, ak sekretè deta.
Nimewo 156:
Tout keksyon ki gade politik peyi a, sou reskonsab gouvènman an. Gouvènman
an gen kont pou l rann lachanm, jan sa make nan Konstitisyon an.
Nimewo 157:
Men nan ki kondisyon yo gen dwa nonmen yon moun premye minis:
1) Fòk li Ayisyen natif natal. Epi, fòk li pate janm pa Ayisyen ankò.
2) Fòk li deja gen trant (30) ane.
3) Fòk li gen tout dwa sivil li ak tout dwa politik li, E, fòk li
pa janm jwenn okenn pinisyon grav oubyen okenn pinisyon pou l ta wont,
nan men jij ki jije krim yo rele krim dwa komen.
4) Fòk li gen omwen yon kay ann Ayiti, oubyen fòk li gen yon travay
nan peyi a.
5) Fòk li te rete omwen senk (5) ane youn dèyè lòt, nan peyi a.
6) Fòk li gen papye ofisyèl li kòmkwa li an règ ak Leta, si li te
reskonsab lajan Leta.
Paragraf 4
Sa premye minis la gen dwa fè
Nimewo 158:
Se ansanm ak prezidan an premye minis la chwazi manm kabinè minis
li. Apre sa, li dwe parèt devan lachanm pou li mande si lachanm fè
l konfyans sou jan li di li pral mennnen bak Leta a. Vòt la fèt an
piblik. Pou vòt la bon, fòk pi fò manm ni lachanm senatè, ni lacham
depite, vote menm jan. Si, dapre vòt la, lachanm senatè oubyen lachanm
depite, pa fè premye minis la konfyans, yo dwe rekonmanse demach yo.
|