Message de paix du Président Jean-Bertrand Aristide,
à la nation haïtienne après l’échec du coup d’État
tenté par des commandos armés contre le Palais National

Palais national, 17 décembre 2001


Pèp Ayisyen,

16 Desanm 1990, nou te ekri yon bèl paj listwa: istwa demokrasi, istwa lapè.

16 Desanm 2001, yè, nou selebre bèl viktwa demokrasi a ki pou pèmèt tout Pèp la viv anpè.

Jodi a m fyè pou m wè ki jan nou menm Pèp Ayisyen nou sot ekri yon lòt bèl paj listwa nan lannwit 16 pou rive 17 Desanm 2001. Pèmèt mwen bese byen ba devan chak viktim yo pandan m ap fè solidarite avèk paran yo.

Nan non Nasyon an, m di: chapo ba pou nou menm Pèp Ayisyen.

Onè Respè pou Polis la, ki avèk detèminasyon kanpe lannwit lan, kontinye kanpe pou pwoteje demokrasi a, pou pwoteje lapè a.

Onè Respè pou nou tout Pèp Ayisyen ki kanpe avèk polis la a travè tout Polis la pou pwoteje demokrasi a ki se wout lapè a.

Onè Respè pou nou menm pandan m ap pale la a ki kanpe devan BARIKAD LAPÈ pou bare teyoris yo, pou bare kriminèl ki vle asasinen demokrasi a pou nou pa viv nan lapè.

M sot siyonnen yon bon pati nan Pòtoprens, mwen wè ak je m ki kantite barikad lapè nou mete pou anpeche teoris kouri sove e touye plis moun. Nou fè sa paske nou kwè nan peyi nou, Nou fè sa paske nou kwè nan demokrasi, Nou fè sa paske nou se bon jan pitit: Dessalines, Toussaint Louverture ak zansèt nou yo, nou brav !

Dessalines te di : se moun ki brav ki pou ret bò kote l. E, m fyè pou m kanpe nan mitan nou paske nou montre nou brav ! Nou se patizan non vyolans, Nou se patizan lapè. E n ap defann non vyolans lan, n ap defann lapè a jan nou kòmanse fè l la, nou pral kontinye fè l.

Lè yon Pèp pa gen manje pou l manje, li pa ka viv nan latwoublay tout lajounen, tout lannwit pou se Kou Deta.

Lè yon Pèp pa genyen travay, li pa gen kay, li pa nòmal pou zam teoris ki te pèsekite l nan kou Deta 30 Septanm 1991, kontinye pèsekite l. Nan 28 Jiyè 2001, e nan lannwit 17 pou rive 17 Desanm 2001.

M remèsye tout Manm nan Kominote Entènasyonal la ki kòmanse byen bonè anvan l fè jou, eksprime solidarite yo avèk Prezidan an. E a travè Prezidan an avèk nou menm Pèp Ayisyen, M remèsye tout moun ki a letranje k voye solidarite yo. M remèsye tout moun ki ta bezwen rantre an kontak dirèk avè m, men k poko gen mwayen. E davans m remèsye nou. Paske jès sa yo montre Pèp Ayisyen pa poukont li nan batay pasifik l ap mennen pou pwoteje demokrasi a, pou pwoteje wout k ap ba nou : Jistis, Transparans, Patisipasyon an.

Jodi a 17 Desanm, lè m gade Polis la nan je, m di l : Bravo. Bravo ! paske w montre ou pa tankou Lame d Ayiti. Lame d Ayiti fè anviwon 32 Kou Deta ki fè san koule, kadav tonbe. E dènye Kou Deta 1991 lan se chen k t ap manje kadav frè n ak sè n nan Site Solèy.

Jodi a la Polis la kanpe avèk Pèp la pou l kwape Kou Deta. E nou sot fè l, nou sot fè l an vanyan gason, an vanyan fanm. Tout Wo Kòmannman Polis la Uni. E tout Polis la Uni avèk Wo Kòmannman an. M sot felisite Wo Kòmannman an e m felisite tout Polisye yo. Tout Ajan Sekirite ki isit nan Palè Nasyonal montre gen gason nan kay la, montre ki jan yo brav! Pou defann lapè, pou defann la demokrasi. Onè Respè pou nou. Nou se bon jan pitit zansèt nou yo.

Lapè a li frajil, chak fwa l menase se pou n kontinye pwoteje l, kontinye defann li. Plis Pèp la fè youn avèk Polis la, plis n ap kontinye pwoteje lapè a pou peyi a mache dwat ! sout wout demokrasi a. Tank n ap mache dwat sou wout demokrasi a, se tank n ap di Pèp la: kontinye mobilize pasifikman. Nan 4 kwen peyi a, kontinye mobilize pasifikman. Respekte dwa la Près, Respekte dwa Pati Politik, Respekte dwa chak sitwayen, Respekte dwa tout moun san distenksyon.

Lè peyi a menase anba Kou Deta se tout pitit peyi a k pou bay la men pou nou kapab anpeche nou retounen kote n soti a. Twòp san koule deja akoz de Kou Deta. Kounye a m bezwen tout pitit peyi a; kòm Prezidan tout pitit peyi a pou ansanm nou santi nou pi solidè youn ak lòt. Paske lè peyi n an danje; c’est une affaire de nation, c’est une affaire de patrie. Au-delà des différences idéologiques, au-delà des différences de parti, au-delà des différences de secteur ou de classe, les bras sont ouverts pour accueillir tous les fils et toutes les filles de la nation pour qu’ensemble comme nos héros, nous soyons unis et debouts défendant la nation. La nation a besoin de nous, c’est nous qui devons protéger la paix, cette paix indispensable pour l’avenir d’Haïti.

Jodi a pandan nou kanpe, pandan m pase men nan kou nou, m ap di nou : drapo lapè a fè l flote toupatou. Chak ayisyen nou wè ki vle kanpe avè n pou pwoteje lapè sa a ba l la men, kenbe men l, pa gade koulè l, pa gade sektè l ladan l lan, gade si l kont Kou Deta. Nou sot ranvèse yon kou Deta, c’est la fierté nationale. Nou sot ranvèse yon kou Deta c’est la fierté de toute une nation. Nou sot ranvèse yon kou Deta, c’est nous Haïtiens, Haïtiennes qui l’avons réalisé en communion d’esprit. Men, se pa fini, se pa fini ! gen poutchis ki anfuit, genyen ki nan zòn fwontyè a, genyen nou sot pran, genyen ki la nan Palè a vivan, genyen k kadav, gen lòt n ap pousiv yo kòm teoris ki te vle chavire demokrasi a. E n ap kontinye ini pou n pouswiv avèk lalwa nan men nou anba drapo lapè a, tout kriminèl teoris ki vle fè n al nan mawon.

Je le dis et je le redis !: Pèp Ayisyen pa pral nan mawon ankò. Pwen ! pwen ba ! Pèp Ayisyen pa pral nan mawon ankò, nou fè 3 zan nan mawon, 91-94, se fini!

Ayisyen, Ayisyèn, debou ! Ayisyen, Ayisyèn,debou e ini pou pwoteje lapè, zafè retounen nan mawon an pa gen sa pyès!. Sòti anba kabann, sòti nan koridò pasifikman youn kenbe men lòt pou n pwoteje nasyon an. Nou pa lach, nou pap ni met ajenou, ni al kache nan twou. Lè nou fè youn, lè n anpil ki fè youn, lè Polis la ak Pèp la, peyizan yo avèk tout òganizasyon yo, tout sektè yo san distenksyon, lè nou ini konsa, lè sa a pitit peyi a l ap viv nan kè poze olye pou l ta retwouve l nan san pou l al nan mawon.

C’est l’appelle patriotique que je lance à vous tous Haïtiens, Haïtiennes. Nou te deside pou n viv lib sou yon tè diyite, nou chwazi pou n pa al nan mawon et je vous interpelle patriotiquement. Soyons tous debout pour qu’aucun Haïtien,aucune Haïtienne n’éprouve le besoin de se cacher. M mande tout jounalis pou yo santi yo lib, pou yo viv lib, pou yo pale lib elibè. M mande tout Pèp Ayisyen pwoteje jounalis yo, mache men nan men av`ek yo pou libète sa a noute fè gras a 116 Desanm 1990 la, pou l toujou fè tout la Près la santi l byen.

Kondoleyans pou tout sitwayen ki ta retwouve yo viktim yon fason ou yon lòt, nou te kondane vyolans yo, nou rekondane yo. Kèlkeswa vyolans lan, nou kondane l e nou kondane l san rezèv. Je suis un messager de paix. Je veux la paix, la paix pour tous les Haïtiens et toutes les Haïtiennes sans distinction. Aussi, donnons-nous la main pour frayer ce chemin de paix qui garantit l’avenir de notre nation.

Se pou toupatou nan 9 kwen peyi a pou tout moun santi yo kanpe men nan men pou yo veye anwo ! veye anba ! pou bare tout teoris, tout nouvo poutchis ak barikad lapè. Se teoris yo k pou pè, se pa nou menm ayisyen k pou pè. Se teoris yo k pou chèche kache. Se pa nou menm Pèp Ayisyen ki pou rantre nan kache. Aswè a, m mande pou gen veye patriyotik toupatou pou pwoteje lapè a.

Demen, m mande pou nou kontinye kale je n sitou moun k ap viv sou fwontyè a. Aktyèlman pandan m ap pale la a genyen nan poutchis ki te rantre isit la nan Palè a ki nan mawon nan zòn fwontyè a. Genyen k oblije kouri an kalson paske sòlda ki brav ; men ki pa s`olda Lame d Ayiti, men ki se Polisye sitwayen, yo akonpli devwa yo nan chèche met men sou yo. Genyen nou pran, gen lòt ki nan mawon. Ede nou jwenn yo, tout enfòmasyon nou menm Pèp la nou genyen, bay la Polis li. Kèlkeswa kote nou rankontre yon Polisye, se frè nou, ba l la men, l ap ba w la men paske Polis la la pou l pwoteje ak sèvi. E nan moman sa a kote nou fyè lè nou wè bèl solidarite ki egziste ant Pèp la ak Polis la, nou ankouraje Pèp la kontinye bay Polis la tout enf`omasyon nou jwenn konsènan tout kriminèl k ap chèche kouri pou yo pa kenbe yo, pou yo pa pale, pou yo pa di verite yo gen ou verite yo konnen sou Kou Deta sa a nou ranvèse a. Nou te pran 3 zan, soti 1991 pou rive 1994, pou te ranvèse Kou Deta a. Jodi a nou kontan lè nou wè nou pa pran 3 jou pou n ranvèse l. Men n ap pi kontan toujou lè solidarite sa a ki egziste a kontinye ranfòse pou nou pa retwouve n anfas lòt Kou Deta pou n al oblije ranvèse yo ankò.

28 Jiyè, gen anpil moun ki te konprann sa k t ap pase, men gen lòt ki pat konprann ou ki pat ka konprann ou ki pat vle konprann sa k pase nan lannwit 16 pou rive 17 la, li klè ! pa gen ezitasyon ladann. S on Kou Deta nou ranvèse vit e se pou Kou Deta a pa retounen ankò ki fè m mande pou tout Popilasyon an kanpe pasifikman, defann demokrasi a pasifikman.

Anpil Ayisyen, Ayisyèn ki nan Dizyèm Depatman an, yo eksprime solidarite yo. E nan non tout Nasyon an, mwen ba nou akolad patriyotik. Paske lakay se lakay, lè gen pwoblèm bò isit se pwoblèm nou tout ki nan Dizyèm Depatman an.

Kòm nou menm bò isit nou pa lach, nou tout Pèp Ayisyen, n ap kontinye fè youn avèk tout zanmi nou genyen isit kòm lòtbò dlo pou pwoteje Viktwa 16 Desanm 90 la, ki pase nan 16 Desanm 2001 e nou pral gen okazyon wè ofi amezi n ap avanse lè lapè nan tèt, lapè nan vant lan ap rive pi byen lè revandikasyon Popilè yo ap jwenn plis satisfaksyon, lè bèl Ayiti nou vle bati a va parèt pi klè devan n.

Vous savez, nous qui avions été à l’école et qui avions appris l’histoire d’Haïti, nous sommes en train d’écrire notre histoire, l’histoire d’Haïti. Ce n’est pas une histoire apprise pour être oubliée, c’est une histoire que nous sommes en train d’écrire. E san tout ayisyen koule pou ekri istwa sa a. Se san mati, nou bese devan yo, nou salye yo. E tout ayisyen kanpe avèk san patriyotik la nan venn yo pou depase les différences idéologiques ou de partis politiques, pour qu’ensemble, dans le respect des droits fondamentaux, dans le respect de la Constitution, dans le respect des droits de la personne, de tous les droits de tous et de toutes sans distinction aucune. Je vous admire, car c’est avec vous et en communion avec nos héros que nous allons continuer à écrire notre histoire.

Qu’il est beau d’être uni quand on écrit son histoire !

Que c’est Grand de retrouver des Haïtiens et des Haïtiennes capables d’écrire l’histoire d’Haïti pour prolonger la ligne de dignité tracée par nos ancêtres ! Je vous admire, Je vous félicite. Pour le drapeau, pour la patrie, marchons unis pacifiquement, protégeons tous les droits pour que la nouvelle génération, un jour, s’incline devant la génération de l’an 2001 en proclamant que nous sommes tous dignes fils et filles de la Nation haïtienne.

Vive Haïti ! Viv lapè pou tout Ayisyen, pou tout Ayisyèn san distenksyon.

Mèsi.


(Source: Palais National, Port-au-Prince)

 

 

Début de la page

 


| Main Page| |General Information | |Government and Society| |Links on the Web |
| Business and Economy | |Tourism and Travel | |Visa Regulations | |Documentation |

©2003 Copyright Embassy of the Republic of Haiti