Mesaj Prezidan Aristide 21 mas 2001

Pèp Ayisyen,

Pou Peyi a viv an pè, fòk li chita sou lalwa.
Moun ki vIe lapè pa gen dwa vyole Iwa Peyi a.
E Leta pap sitire pèsonn pase lwa Peyi a anba pye.
Lapè ak lajistis se 2 wou bisiklèt demokrasi a.

Konsa, aprè 2 avètisman Gouvènman an bay moun
Ki an kontravansyon ak atik 217, 218 kòd penal la
Paske yo aji kòm si te gen 2 gouvènman nan Peyi a,
Men sa Prezidan an di :

1. Paske nou vle lapè, nou kondane san rezèv tout zak vyolans yo.

2. Soufrans ak pwotestasyon inosan ki viktim yo rive nan kè m.
Doulè youn nan nou se doulè nou tout.

3. Wòl lapolis se pwoteje ak sèvi,
Donk, nan pwoteje dwa tout moun san distenksyon,
Lapolis ap arete tout koupab ki chwazi tire zam pou fè san koule.

4. Avèk anpil respè, m mande tout sitwayen
Vide sajès ak lapè tou patou.
Kòm lapè ak enpinite pa mache ansanm,
Se pou otorite lajistis yo vanse
Nan pran responsabilite pa yo.
Lalwa se lalwa.

5. Ak menm respè a, m mande tout pati politik Kontinye defann dwa nou pasifikman san n pa tonbe Nan menas vèbal ou vyolans fizik. 6. Kòm toujou, nan respè youn pou lòt
2 bra m louvri pou resevwa tout pati politik
Ki swete rankontre ak Prezidan Peyi a.
Bon dyalòg ap mennen n dirèk dirèk
Nan deblokay politik ak deblokay ekonomik
Atik 4 konstitisyon an fè n sonje nou se frè ak sè.
Antann pou n antann nou

7. En l'an 63 avant notre ère,
Pour avoir déjoué la conjuration de Catilina,
Cicéron a connu un succès politique notoire.
Aujourd'hui, par le dialogue et le respect de la loi,
Nous vivifions l'unité nationale, les libertés fondamentales,
Le respect des droits humains, la tolérance et la paix sociale.

Ak espwa n ap swiv wout la pè sa a
Bradsou bradsa,
Pèmèt mwen felisite n davans.

Wout lapè a konn parêt long,
Men nou pap janm kanpe
Paske se sèl li kap mennen n
Nan yon delivrans total kapital.

Mèsi.

 

 

Début de la page

 


| Main Page| |General Information | |Government and Society| |Links on the Web |
| Business and Economy | |Tourism and Travel | |Visa Regulations | |Documentation |

©2003 Copyright Embassy of the Republic of Haiti