DISKOU
PREZIDAN REPIBLIK LA
NAN OKAZYON SELEBRASYON
195 LANE ENDEPANDANS PEYI D AYITI
PREMYE JANVYE 1999
NAN GONAYIV
Monsieur
le Premier Ministre et chef du prochain Gouvernement,
Messieurs les membres du Gouvernement démissionnaire,
Monsieur le Président de la Cour de Cassation,
Monsieur le Président de l'Assemblée Nationale, Honorables Sénateurs
et Députés,
Monsieur le Doyen du Corps diplomatique, distingués représentants de
la communauté internationale,
Mesdames, Messieurs représentants des grands corps de l'Etat,
Autorités civiles du Département de l'Artibonite,
Autorités civiles des Gonaïves,
Amis Artibonitiens,
Pèp Ayisyen an Ayiti, Pèp Ayisyen nan peyi vwazen tankou lòt bò dlo.
Premye janvye 1804 - premye janvye 1999! Nan 5 kan, sa pwal fè 200 lane
depi sou plas sa a, nan Gonayiv, zansèt nou yo deklare apre anpil batay
Sen Domeng vin Ayiti. Nan 5 kan, sa pwal fè 200 zan nou kreye yon nouvèl
nasyon.
An jeneral,
gen de dat espesyal nan istwa yon evenman kote yo chwazi pou fè sa yo
rele yon bilan. Pa ekzanp, lè evenman an gen 10 zan, lè 1 gen 25 kan,
50 tan, 100 tan, e, tankou endepandans nou an pwal genyen 200 zan.
Pa ekzanp,
10 desanm ki sot pase la a, 10 desanm 1998 la, se te senkantyèm anivèsè
Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun. Avan jou 10 desanm nan, jou fèt la menm,
apre fèt la, nou wè lemond antye mobilize pou pale sou evenman an, nan
radyo, nan televizyon, nan jounal. Sou tout la tè a, nan lemond antye
yo fè deba, yo analize lanvè, landwat, tèt klè, tèt frèt sans evenman
sa a ki se Deklarasyon Inivésèl Dwa Moun. Nan okazyon sa a, Prezidan Lafrans
la ki te envite yon pakèt gwo chabrak lakay li deklare "se pa posib pou
nan yon peyi rich tankou Lafrans gen si tèlman moun k ap viv nan malsite".
Li pa gonfle lestomak li pou 1 di 'tout bagay ap mache byen lakay mwen".
Antank prezidan li di "men sa k pa p mache nan peyi m, e se pa posib pou
sa kontinye konsa".
Nan menm
okazyon sa a, selebrasyon anivèsè Deklarasyon Inivèsèl Dwa moun, Misye
James Gustav Speth ki se alatèt PNUD, Pwogram Nasyonzini Pou Devlopman,
deplore wè kantite moun sou latè k ap viv nan malsite.
Se chak
ane PNUD pibliye yon rapò pou gade ki pwogrè ki fèt nan divès peyi. Chak
ane li deplore, chak ane PNUD konstate distans ki separe peyi rich ak
peyi pòv ap ogmante pi plis. Chak ane yo fè lòt pwopozisyon pou amelyore
sitiyasyon an e yo deplore ankò ane pwochèn. Sa vle di vrè kesyon an pa
janm poze. Doktè PNUD yo poko met men sou vre maladi a, kidonk, malad
la pa ka trete.
Rapò PNUD
ane sa a konstate Ayiti se youn nan peyi sou latè ki pi malad, li klase
nan 159vyèm pozisyon sou 174 peyi. N ap poze kesyon : èske se konsa yon
moun rete li malad? Eske tout maladi pa gen yon kòz?
Pa ekzanp,
si ou gen kansè poumon paske ou fimen, se pa ni premye sigarèt la, ni
premye pòch sigarèt la, ni premye kilo sigarèt la ki ba w kansè. Se anpil,
anpil ane fimen ki fè ou vin malad. Tout moun tande pale de maladi SIDA.
Si yon moun gen maladi Sida, se pa an lè ou atrap li. Ni se pa jou ou
atrap viris la maladi a devlope. Maladi a konn pran anpil ane pou l devlope.
Tout maladi
gen yon istwa. Si Ayiti gen yon maladi ekonomik jodi a, poukisa pou n
pè al gade nan istwa peyi a pou nou dekouvri kòz maladi a. Eske rezon
diplomatik kapab anpeche nou di yon verite istorik pou n dekouvri rasin
ekonomik maladi Ayiti a? Eske rezon diplomatik ka anpeche nou di: "Yon
bon pati richès Lafrans makònen ak povrete Ayiti? Lafrans kolonyal eksplwate
peyi sa a pandan plis lane ke peyi a endepandan. Pandan tout lane sa yo
se pran Sendomeng pote an Frans. Apre 1804, lè Sendomeng vin Ayiti, se
menm kout baton an, menm afè a. Lafrans enpoze Ayiti pou yo rekonèt endepandans
li yon dèt 150 milyon fran lò. Lè nou di sa, èske nou akize dirijan franse
ki opouvwa an Frans jodi a? Nou sèten yo pa ka dakò ak kolonyalism. Nou
mande yo senpleman pou yo rekonèt responsabilite istorik Lafrans nan malsite
istorik Ayiti epi, ansanm, nou ka chita pou ede yo korije enjistis istorik
sa a.
Anpil moun
kòmanse ap di Preval toujou ap repete menm bagay yo, bagay ki chita sou
sa k te pase lontan alòske se reyalite jounen jodi a ki enterese nou.
M toujou tande y ap di depi 1986, yon Pèp ki pa konn ki kote 1 soti li
pa konn ki kote 1 pwale. E, a moun ki di n ap repete menm bagay yo, petèt
sa pa fè yo plezi, m ap di yo 2 bagay :
1e) PNUD,
Bank Mondyal, FMI, yo menm tou yo toujou ap repete menm bagay. "Gen
twòp mizè sou latè"! Men, yo poko janm jwenn bon repons la pou gen mwens
mizè sou latè a.
2e) E,
sa k pi grav, yon bon pòsyon Ayisyen toujou ap repete menm bagay: "Ayiti
chak jou, chak ane pwal, nan twou pi fon". Y ap repete: "Bagay yo te
pi bon anvan". Si 2 moun ap fè yon kous epi gen youn ki pati ak 2 pwa
senkant, youn mare nan chak pye l, se nòmal pou a chak pa gen youn nan
moun yo, sa k gen pye l mare ki sanble l ap fè bak, menm lè li vanse.
2 boulèt pwa senkant nan pye Ayiti rele kolonyalism ak dèt lendepandans.
Swadizan dèt sa a, se prèske tout vi nou antan ke Pèp nou fè n ap peye
l. Tout kafe nou te vann sèvi pou peye dèt sa a. Mete sou sa, se bwa
tankou kanpèch, gayak, akajou nou koupe pou n ekspòte pa pakèt ki ede
nou peye dèt sa a.
Jodi a y
ap pale de mondyalizasyon tankou yon bagay ki tou nouvo. Premye mondyalizasyon
an se kolonyalism, neokolonyalism ak enperyalism la ki reyalize 1. Ki
pi gwo mondyalizasyon ki ta ka reyalize lè moun ki soti sou kontinan Ewòp
al chèche nèg jous sou kontinan Afrik pou mennen yo sou kontinan Amerik
vin bourike pou voye richès sou kontinan Ewòp ankò!
Se premye
mondyalizasyon sa a ki fondal natal eksplikasyon divizyon sou latè a jodi
a ant peyi devlope ak peyi sou devlope yo. Si PNUD ak lòt ògnizasyon Nasyonzini
yo vle poze vre kesyon yo, se konsa pou yo poze 1. E si yo pa vle poze
1 konsa, e kòm siman l ap difisil pou yo pou yo poze 1 konsa, fòk peyi
sou devlope yo, peyi ki sibi kolonyalism ak enperyalism lan chita ansanm
pou yo poze 1 konsa. Sa pa vle di y ap jwenn rezilta. Omwen, pwoblèm nan
va klè pou Pèp peyi rich yo ki souvan gen dlo nan je devan malsite peyi
pòv yo. Genyen ladan yo ki siman sensè lè nou wè yo sou televizyon y ap
montre ti moun ki grangou nan peyi tyèmond yo pou sansibilize kè konpatriyòt
yo pou fè maraton yon dola, 2 dola pou bay kout men. Repons la pa chita
la. Repons la chita nan yon vre solidarite ant ansyen peyi kolonize yo,
ansyen peyi ki te sibi enperyalism la ak ansyen peyi kolon e peyi enperyalis
yo.
Lè pwoblèm
nan poze konsa, li va klè pou Pèp tyèmond yo ki va konprann poukisa yo
nan eta sa a. Se pa Bondye ki voye malediksyon sou nou. Malediksyon nou,
li chita nan istwa nou. Ayisyen, men youn nan kòz ki fè alavèy 2004 nou
nan eta sa a.
Dezyèm kòz
fondamantal ki fè nou nan eta sa a se paske apre 1804, kat la mal bat
anndan peyi a. Yon ti pòsyon pran pifò richès la pou yo e pifò moun rete
bèk chèch.
Kidonk,
kat la mal bat onivo mondyal, kat la mal bat anndan peyi a, fòk kat
la rebat.
16 ak 17
desanm ki sot pase a, nan okazyon rasanbleman nasyonal peyizan pou refòm
agrè a, Prezidan Groupman Ti Peyizan Nòdès yo di yon pawòl ki konsekan
anpil. Men sa 1 di: "Nou menm peyizan Nòdès, tè a se pou nou. Ou vle vin
envesti, nou pa gen pwoblèm, vin pale avèk nou. Nou menm peyizan Nòdès,
plaj yo se pou nou, ou vle vin envesti nan tourism, nou pa gen pwoblèm,
vin pale avèk nou. Ou vle vin envesti nan zòn franch, nou pa gen pwoblèm,
vin pale avèk nou. Jodi a, nou dakò pou n chita bò tab la pou n pale avè
w, men nou pa dakò ankò pou n bourike pou ou".
Lè n reflechi
sou pawòl sa yo n ap mande nou èske se pa la verite pawòl devlopman peyi
a chita. Reflechi sou sa. Reflechi sou sa jodi a pou, nan 5 an, alokazyon
selebrasyon lendepandans nou, premye janvye 2004, nou pa chita ap deplore
Ayiti pa vanse.
Premye janvye
1804 nou deklare Ayiti endepandan, sa vle di kolon pa ladan, sa vle di
Ayiti pou Ayisyen. Sa vle di kolon pa ladann, men, nou sot di 1, yo kontinye
ponpe richès peyi a kanmenm. Sa vle di Ayiti pou Ayisyen, men tout Ayisyen
pa t egalego nan lendepandans la.
16 desanm
1990, Pèp Ayisyen di 1 ap rebat kat la. Rebat kat la pa fasil. Li tèlman
pa fasil, lè kat la kòmanse rebat, Lame d Ayiti fè koudeta pou eseye bwouye
jwèt la ankò. Jodi a, lame a kraze. Listwa di nou, an 1909, reprezantan
ameriken an Ayiti voye yon rapò bay Depatman Deta e rapò a di: "Enstitisyon
yo rele Lame d Ayiti a, enstitisyon militè a, se yon kansè pou Ayiti".
An 1909! "Enstitisyon sa a yo ta dwe kraze l paske li reprezante yon danje
pèmanan pou tout bon gouvènman. Sepandan, li enposib pou nenpòt ki prezidan
ta rive kraze l ou rive chanje l paske moun k ap pwofite de sistèm nan
tèlman opoze a sa e opozisyon sa a t ap mennen yon koudeta". E byen, M.
Furniss, (se konsa reprezantan Depatman Deta a te rele) sa ou te wè ki
te dwe fèt depi 1909 la, nou tann jiskan 1995 pou li rive fèt.
Jodi a,
tout kondisyon kreye pou Ayiti ak Pèp Ayisyen an rebat kat la.
Monsieur
l'Ambassadeur de France, vous comprendrez que, pour que le Peuple haïtien
reprenne espoir en lui-même, il doit connaître et comprendre son histoire.
Monsieur
l'Ambassadeur des Etats-Unis, il est nécessaire que le Peuple haïtien
sache que La Tortue, La Gonâve et d'autres territoires étaient couverts
de forêts lorsqu'après 1915, sous l'occupation, ils ont été donnés en
concession à des compagnies américaines. Il est nécessaire que votre
Peuple et le nôtre sachent combien l'effort de guerre d'Haïti par l'introduction
du cryptostegia, pour produire le caoutchouc, a causé du tort à notre
agriculture.
Cependant,
à côté de ce passé douloureux, l'histoire récente nous a certainement
apporté des motifs de satisfaction. Comment le Peuple haïtien pourrait-il
oublier cette solidarité de la communauté internationale face au coup
d'état et pour le retour de la démocratie? Nous vous en remercions encore
une fois.
Pou nou
korije istwa a, pou n kòmanse korije istwa a, men kèk mezi bòn volonte
n ap pwopoze kominote entènasyonal la :
1- Eliminasyon
tout dèt Ayiti : dèt bitateral ak dèt li genyen pou tout lòt enstitisyon
yo. Li ta bon pou sa fèt an 1999 pou lè, an 2000, venteinyèm syèk la
louvri, yo jwenn yon peyi san dèt.
2- Nou
pwopoze kreyasyon yon "fon nasyonal pou rebwazman peyi a" kote, pami
lòt sous, Ayisyen k ap viv lòt bò dlo ta ka gen posibilite peye taks
yo dwe lòt bò dirèkteman nan fon sa a. Yon fon nasyonal pou rebwazman
kote Ayisyen k ap travay lòtbò gen posibilite olye yo peye taks yo lòtbò
pou yo peye 1 dirèkteman nan fon rebwazmen nasyonal la. Sa va pèmèt
nou rebwaze e konpanse pou tout akajou, gayak, kanpèch ak tout pyebwa
presye ki pati lòt bò dlo pandan tout syèk sa yo.
Pèp Ayisyen,
nan okazyon premye janvye, mwen mande pou nou kontinye òganize nou. Oganize,
mobilize nan disiplin. Oganize nou, mobilize nou tankou peyizan yo ap
fè sa pou refòm agrè a. Peyizan yo, Gouvènman an dèyè nou, l'ap akonpaye
nou. Refòm agrè a se pa kontwole tè a sèlman. Se kontwole angrè, semans,
kredi. Nan Latibonit, nou deja rive fè sa, se kontwole tou transfòmasyon
ak komèsyalizasyon pwodiksyon agrikòl nou. Nan Segen, plantè kafe yo deja
rive fè l e, nan Latibonit, n ap mete moulen pou n kòmanse kontwole transfòmasyon
an e pita komèsyalizasyon an.
Anplwaye
Leta, fè plis efò pou travay nou fèt pi byen.
Komèsan
ak endistriyèl Ayisyen tankou etranje, fè plis efò pou peye taks nou pou
Leta kontinye bay plis sèvis, lekòl, wout, dlo, elatriye. Ankouraje kontinye
envesti nan peyi a. Nou pa bezwen pè. Tande vwa peyizan Nòdès la, se vwa
tout Pèp Ayisyen an ki di w "vin pale avè m". Pèp Ayisyen an, li vle asosye
avè w. Se sèl jan pou nou genyen yon vrè devlopman san fòskote, yon vrè
devlopman k ap pwofite tout moun.
Endepandans
politik Pèp la, ki vle di Pèp la k ap bay dizon 1 nan zafè politik peyi
l, endependans ekonomik Pèp la, ki vle di repatisyon richès peyi a yon
fason pou tout moun jwenn, se ekzijans Pèp Ayisyen an e se nan sans sa
a li te vote 16 desanm 1990 la. Se sa kap pèmèt an 2004 nou kòmanse wè
peyi a debloke. Sa mande pou Gouvènman an kenbe priyorite l yo, pou Leta
a kenbe priyorite l yo, men sa kòmanse fèt, fòk sa kontinye fèt nan konsiltasyon,
nan dizon sere ak Pèp la. Priyorite yo rete menm :
-
Ogmantasyon
pwodiksyon nasyonal la a travè refòm agrè a ak devlopman tourism
la.
-
Desantralizasyon
administrasyon piblik la, desantralizasyon sèvis yo dekwa pou chak
zòn ka pwofite richès pa l e ka pwofite richès k ap pwodwi nan rès
peyi a.
-
Refòm
anndan administrasyon piblik la pou ogmante kalite sèvis Leta a
dwe tout sitwayen e pou Leta a kapab jere pi byen.
-
Ogmantasyon
resèt Leta a, a travè rekouvreman taks, lit kont kontreband, lit
kont koripsyon nan Leta a limenm dekwa pou nou rive fè plis lekòl,
plis wout, plis lopital.
-
Fòk
nou ranfòse Polis Nasyonal la pou li kapab vin pi pwofesyonèl e
asire sekirite chak sitwayen.
-
Edikasyon
: pou n travay pou ogmantasyon nivo ledikasyon nasyonal la nan kontinye
bati lekòl, kontinye fè fòmasyon pwofesè, mete sou pye lòt filyè
fòmasyon pwofesyonèl.
Pèp Ayisyen,
Chers invités de la Communauté internationale,
Jodi a,
n ap selebre 195 lane depi Sendomeng vin Ayiti. Mwen swete travay tèt
ansanm pou tout Ayisyen rive jwi endepandans la tout bon vre rive fèt.
Mwen swete nou tout yon lane lespwa, men yon lane travay di, travay di
nan tèt kole pou Ayiti resi vanse.
Mèsi.
René Préval
Président de la République
(Source
: Bureau de Presse de la Présidence)
|