Monsieur le Premier Ministre et chef du prochain Gouvernement,
Messieurs les membres du Gouvernement démissionnaire,
Monsieur le Président de la Cour de Cassation,
Monsieur le Président de l'Assemblée Nationale, Honorables Sénateurs et Députés,
Monsieur le Doyen du Corps diplomatique, distingués représentants de la communauté internationale,
Mesdames, Messieurs représentants des grands corps de l'Etat,
Autorités civiles du Département de l'Artibonite,
Autorités civiles des Gonaïves,
Amis Artibonitiens,
Pèp Ayisyen an Ayiti, Pèp Ayisyen nan peyi vwazen tankou lòt bò dlo.
Premye janvye 1804 - premye janvye 1999! Nan 5 kan, sa pwal fè 200 lane depi
sou plas sa a, nan Gonayiv, zansèt nou yo deklare apre anpil batay Sen Domeng
vin Ayiti. Nan 5 kan, sa pwal fè 200 zan nou kreye yon nouvèl nasyon.
An jeneral, gen de dat espesyal nan istwa yon evenman kote yo chwazi pou fè sa yo rele yon bilan. Pa ekzanp, lè evenman an gen 10 zan, lè 1 gen 25 kan, 50 tan, 100 tan, e, tankou endepandans nou an pwal genyen 200 zan.
Pa ekzanp, 10 desanm ki sot pase la a, 10 desanm 1998 la, se te senkantyèm anivèsè Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun. Avan jou 10 desanm nan, jou fèt la menm, apre fèt la, nou wè lemond antye mobilize pou pale sou evenman an, nan radyo, nan televizyon, nan jounal. Sou tout la tè a, nan lemond antye yo fè deba, yo analize lanvè, landwat, tèt klè, tèt frèt sans evenman sa a ki se Deklarasyon Inivésèl Dwa Moun. Nan okazyon sa a, Prezidan Lafrans la ki te envite yon pakèt gwo chabrak lakay li deklare "se pa posib pou nan yon peyi rich tankou Lafrans gen si tèlman moun k ap viv nan malsite". Li pa gonfle lestomak li pou 1 di 'tout bagay ap mache byen lakay mwen". Antank prezidan li di "men sa k pa p mache nan peyi m, e se pa posib pou sa kontinye konsa".
Nan menm okazyon sa a, selebrasyon anivèsè Deklarasyon Inivèsèl Dwa moun, Misye James Gustav Speth ki se alatèt PNUD, Pwogram Nasyonzini Pou Devlopman, deplore wè kantite moun sou latè k ap viv nan malsite.
Se chak ane PNUD pibliye yon rapò pou gade ki pwogrè ki fèt nan divès peyi. Chak ane li deplore, chak ane PNUD konstate distans ki separe peyi rich ak peyi pòv ap ogmante pi plis. Chak ane yo fè lòt pwopozisyon pou amelyore sitiyasyon an e yo deplore ankò ane pwochèn. Sa vle di vrè kesyon an pa janm poze. Doktè PNUD yo poko met men sou vre maladi a, kidonk, malad la pa ka trete.
Rapò PNUD ane sa a konstate Ayiti se youn nan peyi sou latè ki pi malad, li klase nan 159vyèm pozisyon sou 174 peyi. N ap poze kesyon : èske se konsa yon moun rete li malad? Eske tout maladi pa gen yon kòz?
Pa ekzanp, si ou gen kansè poumon paske ou fimen, se pa ni premye sigarèt la, ni premye pòch sigarèt la, ni premye kilo sigarèt la ki ba w kansè. Se anpil, anpil ane fimen ki fè ou vin malad. Tout moun tande pale de maladi SIDA. Si yon moun gen maladi Sida, se pa an lè ou atrap li. Ni se pa jou ou atrap viris la maladi a devlope. Maladi a konn pran anpil ane pou l devlope.
Tout maladi gen yon istwa. Si Ayiti gen yon maladi ekonomik jodi a, poukisa pou n pè al gade nan istwa peyi a pou nou dekouvri kòz maladi a. Eske rezon diplomatik kapab anpeche nou di yon verite istorik pou n dekouvri rasin ekonomik maladi Ayiti a? Eske rezon diplomatik ka anpeche nou di: "Yon bon pati richès Lafrans makònen ak povrete Ayiti? Lafrans kolonyal eksplwate peyi sa a pandan plis lane ke peyi a endepandan. Pandan tout lane sa yo se pran Sendomeng pote an Frans. Apre 1804, lè Sendomeng vin Ayiti, se menm kout baton an, menm afè a. Lafrans enpoze Ayiti pou yo rekonèt endepandans li yon dèt 150 milyon fran lò. Lè nou di sa, èske nou akize dirijan franse ki opouvwa an Frans jodi a? Nou sèten yo pa ka dakò ak kolonyalism. Nou mande yo senpleman pou yo rekonèt responsabilite istorik Lafrans nan malsite istorik Ayiti epi, ansanm, nou ka chita pou ede yo korije enjistis istorik sa a.
Anpil moun kòmanse ap di Preval toujou ap repete menm bagay yo, bagay ki chita sou sa k te pase lontan alòske se reyalite jounen jodi a ki enterese nou. M toujou tande y ap di depi 1986, yon Pèp ki pa konn ki kote 1 soti li pa konn ki kote 1 pwale. E, a moun ki di n ap repete menm bagay yo, petèt sa pa fè yo plezi, m ap di yo 2 bagay :
1e) PNUD, Bank Mondyal, FMI, yo menm tou yo toujou ap repete menm bagay. "Gen twòp mizè sou latè"! Men, yo poko janm jwenn bon repons la pou gen mwens mizè sou latè a.
2e) E, sa k pi grav, yon bon pòsyon Ayisyen toujou ap repete menm bagay: "Ayiti chak jou, chak ane pwal, nan twou pi fon". Y ap repete: "Bagay yo te pi bon anvan". Si 2 moun ap fè yon kous epi gen youn ki pati ak 2 pwa senkant, youn mare nan chak pye l, se nòmal pou a chak pa gen youn nan moun yo, sa k gen pye l mare ki sanble l ap fè bak, menm lè li vanse. 2 boulèt pwa senkant nan pye Ayiti rele kolonyalism ak dèt lendepandans. Swadizan dèt sa a, se prèske tout vi nou antan ke Pèp nou fè n ap peye l. Tout kafe nou te vann sèvi pou peye dèt sa a. Mete sou sa, se bwa tankou kanpèch, gayak, akajou nou koupe pou n ekspòte pa pakèt ki ede nou peye dèt sa a.
Jodi a y ap pale de mondyalizasyon tankou yon bagay ki tou nouvo. Premye mondyalizasyon an se kolonyalism, neokolonyalism ak enperyalism la ki reyalize 1. Ki pi gwo mondyalizasyon ki ta ka reyalize lè moun ki soti sou kontinan Ewòp al chèche nèg jous sou kontinan Afrik pou mennen yo sou kontinan Amerik vin bourike pou voye richès sou kontinan Ewòp ankò!
Se premye mondyalizasyon sa a ki fondal natal eksplikasyon divizyon sou latè a jodi a ant peyi devlope ak peyi sou devlope yo. Si PNUD ak lòt ògnizasyon Nasyonzini yo vle poze vre kesyon yo, se konsa pou yo poze 1. E si yo pa vle poze 1 konsa, e kòm siman l ap difisil pou yo pou yo poze 1 konsa, fòk peyi sou devlope yo, peyi ki sibi kolonyalism ak enperyalism lan chita ansanm pou yo poze 1 konsa. Sa pa vle di y ap jwenn rezilta. Omwen, pwoblèm nan va klè pou Pèp peyi rich yo ki souvan gen dlo nan je devan malsite peyi pòv yo. Genyen ladan yo ki siman sensè lè nou wè yo sou televizyon y ap montre ti moun ki grangou nan peyi tyèmond yo pou sansibilize kè konpatriyòt yo pou fè maraton yon dola, 2 dola pou bay kout men. Repons la pa chita la. Repons la chita nan yon vre solidarite ant ansyen peyi kolonize yo, ansyen peyi ki te sibi enperyalism la ak ansyen peyi kolon e peyi enperyalis yo.
Lè pwoblèm nan poze konsa, li va klè pou Pèp tyèmond yo ki va konprann poukisa yo nan eta sa a. Se pa Bondye ki voye malediksyon sou nou. Malediksyon nou, li chita nan istwa nou. Ayisyen, men youn nan kòz ki fè alavèy 2004 nou nan eta sa a.
Dezyèm kòz fondamantal ki fè nou nan eta sa a se paske apre 1804, kat la mal bat anndan peyi a. Yon ti pòsyon pran pifò richès la pou yo e pifò moun rete bèk chèch.
Kidonk, kat la mal bat onivo mondyal, kat la mal bat anndan peyi a, fòk kat la rebat.
16 ak 17 desanm ki sot pase a, nan okazyon rasanbleman nasyonal peyizan pou refòm agrè a, Prezidan Groupman Ti Peyizan Nòdès yo di yon pawòl ki konsekan anpil. Men sa 1 di: "Nou menm peyizan Nòdès, tè a se pou nou. Ou vle vin envesti, nou pa gen pwoblèm, vin pale avèk nou. Nou menm peyizan Nòdès, plaj yo se pou nou, ou vle vin envesti nan tourism, nou pa gen pwoblèm, vin pale avèk nou. Ou vle vin envesti nan zòn franch, nou pa gen pwoblèm, vin pale avèk nou. Jodi a, nou dakò pou n chita bò tab la pou n pale avè w, men nou pa dakò ankò pou n bourike pou ou".
Lè n reflechi sou pawòl sa yo n ap mande nou èske se pa la verite pawòl devlopman peyi a chita. Reflechi sou sa. Reflechi sou sa jodi a pou, nan 5 an, alokazyon selebrasyon lendepandans nou, premye janvye 2004, nou pa chita ap deplore Ayiti pa vanse.
Premye janvye 1804 nou deklare Ayiti endepandan, sa vle di kolon pa ladan, sa vle di Ayiti pou Ayisyen. Sa vle di kolon pa ladann, men, nou sot di 1, yo kontinye ponpe richès peyi a kanmenm. Sa vle di Ayiti pou Ayisyen, men tout Ayisyen pa t egalego nan lendepandans la.
16 desanm 1990, Pèp Ayisyen di 1 ap rebat kat la. Rebat kat la pa fasil. Li tèlman pa fasil, lè kat la kòmanse rebat, Lame d Ayiti fè koudeta pou eseye bwouye jwèt la ankò. Jodi a, lame a kraze. Listwa di nou, an 1909, reprezantan ameriken an Ayiti voye yon rapò bay Depatman Deta e rapò a di: "Enstitisyon yo rele Lame d Ayiti a, enstitisyon militè a, se yon kansè pou Ayiti". An 1909! "Enstitisyon sa a yo ta dwe kraze l paske li reprezante yon danje pèmanan pou tout bon gouvènman. Sepandan, li enposib pou nenpòt ki prezidan ta rive kraze l ou rive chanje l paske moun k ap pwofite de sistèm nan tèlman opoze a sa e opozisyon sa a t ap mennen yon koudeta". E byen, M. Furniss, (se konsa reprezantan Depatman Deta a te rele) sa ou te wè ki te dwe fèt depi 1909 la, nou tann jiskan 1995 pou li rive fèt.
Jodi a, tout kondisyon kreye pou Ayiti ak Pèp Ayisyen an rebat kat la.
Monsieur l'Ambassadeur de France, vous comprendrez que, pour que le Peuple haïtien reprenne espoir en lui-même, il doit connaître et comprendre son histoire.
Monsieur l'Ambassadeur des Etats-Unis, il est nécessaire que le Peuple haïtien sache que La Tortue, La Gonâve et d'autres territoires étaient couverts de forêts lorsqu'après 1915, sous l'occupation, ils ont été donnés en concession à des compagnies américaines. Il est nécessaire que votre Peuple et le nôtre sachent combien l'effort de guerre d'Haïti par l'introduction du cryptostegia, pour produire le caoutchouc, a causé du tort à notre agriculture.
Cependant, à côté de ce passé douloureux, l'histoire récente nous a certainement apporté des motifs de satisfaction. Comment le Peuple haïtien pourrait-il oublier cette solidarité de la communauté internationale face au coup d'état et pour le retour de la démocratie? Nous vous en remercions encore une fois.
Pou nou korije istwa a, pou n kòmanse korije istwa a, men kèk mezi bòn volonte n ap pwopoze kominote entènasyonal la :
1- Eliminasyon tout dèt Ayiti : dèt bitateral ak dèt li genyen pou tout lòt enstitisyon yo. Li ta bon pou sa fèt an 1999 pou lè, an 2000, venteinyèm syèk la louvri, yo jwenn yon peyi san dèt.
2- Nou pwopoze kreyasyon yon "fon nasyonal pou rebwazman peyi a" kote, pami lòt sous, Ayisyen k ap viv lòt bò dlo ta ka gen posibilite peye taks yo dwe lòt bò dirèkteman nan fon sa a. Yon fon nasyonal pou rebwazman kote Ayisyen k ap travay lòtbò gen posibilite olye yo peye taks yo lòtbò pou yo peye 1 dirèkteman nan fon rebwazmen nasyonal la. Sa va pèmèt nou rebwaze e konpanse pou tout akajou, gayak, kanpèch ak tout pyebwa presye ki pati lòt bò dlo pandan tout syèk sa yo.
Pèp Ayisyen, nan okazyon premye janvye, mwen mande pou nou kontinye òganize nou. Oganize, mobilize nan disiplin. Oganize nou, mobilize nou tankou peyizan yo ap fè sa pou refòm agrè a. Peyizan yo, Gouvènman an dèyè nou, l'ap akonpaye nou. Refòm agrè a se pa kontwole tè a sèlman. Se kontwole angrè, semans, kredi. Nan Latibonit, nou deja rive fè sa, se kontwole tou transfòmasyon ak komèsyalizasyon pwodiksyon agrikòl nou. Nan Segen, plantè kafe yo deja rive fè l e, nan Latibonit, n ap mete moulen pou n kòmanse kontwole transfòmasyon an e pita komèsyalizasyon an.
Anplwaye Leta, fè plis efò pou travay nou fèt pi byen.
Komèsan ak endistriyèl Ayisyen tankou etranje, fè plis efò pou peye taks nou pou Leta kontinye bay plis sèvis, lekòl, wout, dlo, elatriye. Ankouraje kontinye envesti nan peyi a. Nou pa bezwen pè. Tande vwa peyizan Nòdès la, se vwa tout Pèp Ayisyen an ki di w "vin pale avè m". Pèp Ayisyen an, li vle asosye avè w. Se sèl jan pou nou genyen yon vrè devlopman san fòskote, yon vrè devlopman k ap pwofite tout moun.
Endepandans politik Pèp la, ki vle di Pèp la k ap bay dizon 1 nan zafè politik peyi l, endependans ekonomik Pèp la, ki vle di repatisyon richès peyi a yon fason pou tout moun jwenn, se ekzijans Pèp Ayisyen an e se nan sans sa a li te vote 16 desanm 1990 la. Se sa kap pèmèt an 2004 nou kòmanse wè peyi a debloke. Sa mande pou Gouvènman an kenbe priyorite l yo, pou Leta a kenbe priyorite l yo, men sa kòmanse fèt, fòk sa kontinye fèt nan konsiltasyon, nan dizon sere ak Pèp la. Priyorite yo rete menm :
Ogmantasyon pwodiksyon nasyonal la a travè refòm agrè a ak devlopman tourism la.
Desantralizasyon administrasyon piblik la, desantralizasyon sèvis yo dekwa pou chak zòn ka pwofite richès pa l e ka pwofite richès k ap pwodwi nan rès peyi a.
Refòm anndan administrasyon piblik la pou ogmante kalite sèvis Leta a dwe tout sitwayen e pou Leta a kapab jere pi byen.
Ogmantasyon resèt Leta a, a travè rekouvreman taks, lit kont kontreband, lit kont koripsyon nan Leta a limenm dekwa pou nou rive fè plis lekòl, plis wout, plis lopital.
Fòk nou ranfòse Polis Nasyonal la pou li kapab vin pi pwofesyonèl e asire sekirite chak sitwayen.
Edikasyon : pou n travay pou ogmantasyon nivo ledikasyon nasyonal la nan kontinye bati lekòl, kontinye fè fòmasyon pwofesè, mete sou pye lòt filyè fòmasyon pwofesyonèl.
Pèp Ayisyen, Chers invités de la Communauté internationale,
Jodi a, n ap selebre 195 lane depi Sendomeng vin Ayiti. Mwen swete travay tèt ansanm pou tout Ayisyen rive jwi endepandans la tout bon vre rive fèt. Mwen swete nou tout yon lane lespwa, men yon lane travay di, travay di nan tèt kole pou Ayiti resi vanse.
Mèsi.
René Préval
Président de la République
(Source : Bureau de Presse de la Présidence)
©2003 Copyright Embassy of the Republic of Haiti