Pwen Près Prezidan Repiblik la, M. René Préval sou Kesyon Premye Anivèse Detansyon nan Peyi Etazini Ansyen Sekretè Deta Defans Peyi a M. Patrick Elie

Palè Nasyonal, 23 avril 1997

 

 

Prezidan Préval:

Jodi a fè en nan depi kanmarad nou Patrick Elie nan prizon Ozetazini. Pandan en an mwen pa janm pale. Men kòm Dany [ansyen manm Fòs Polis Enterime Major Toussaint] ki se kanmarad nou tou fè yon pikèt devan Palè Nasyonal, mwen rele li pou eksplike li pozisyon pa nou fas a ka a. Tanke yon moun ki nan men lajistis ameriken kote se a Egzekitif ayisyen w ap adrese ou, mwen pa kwè se bon vwa a ou pran pou libere Patrick.

Gen anpil moun ki, pa amitye, pa emosyon, men ki pa konnen ka a egzakteman, ap aji pou frape nan yon pòt ki pa bon pòt la. M ap raple fè yo. Fè yo sèke Patrick Elie arete sou plent Madanm Raymonde Belot li te frape. Kidonk, Gouvènman ayisyen pa gen anyen pou li wè ladann.

Dezyèmman, nan okazyon arestasyon li, Gouvènman ameriken pote yon seri chaj kont li parapò a izipasyon de tit: li te gen yon paspò diplomatik, fo adrès, eksetera. Kidonk, gen 2 eleman nan kesyon an. Se yon plent pèsonèl e, yon plent Gouvènman ameriken. Madanm Belot anleve plent li e, Gouvènman ameriken kenbe plent pa li a.

Lè lajistis ameriken gen pwoblèm ak prezidan peyi pa li, prezidan sa a sètoblije pran avoka pou defann tèt li. Kidonk, se yon bagay ki ekstrèmman senp: si ou nan men lajistis ameriken, se pa nan Penitansye Nasyonal ou ye se lot bò dlo ou enkasere epi se yon plent Gouvènman ameriken, ou byen yon sitwayen ameriken, yon enstans ameriken, gen kont ou. Sè1 solisyon an, se pran yon avoka ki pou al devan tribinal ameriken pou defann kòz ou. Vwala listwa.

R.F. Junior (Radyo Mètwopòl) :

... pou peye avoka pou misye?

Prezidan Préval :

Pa egzanp depi lè Dany te gen pwoblèm, gouvènman ameriken an te rele yon avoka ki t al sou ka a epi tou kote nou te mande konsil la pou aji sou ka a. Demèm lè Patrick te gen pwoblèm nou te gen avoka ki te ale tou swit.

Daprè ransèyman mwen pou lemoman, kote se li menm ki deside asire defans li ki rann bagay yo pi difisil. Paske daprè mwen menm, pito ou gen yon òm demetye yon espesyalis k ap defann ou olye se ou menm ki pa òm de metye nan kesyon lajistis.

Yon Jounalis :

Prezidan Préval, genyen manm nan Komite pou Liberasyon Patrick Elie ki te ekri yon Nòt pou Laprès e ki te menm mete reskonsablite fè fèmen M. Patrick Elie anndan prizon sou ou. Eske jodi a ou ka di nou pozisyon ou gen fas a arestasyon M. Patrick Elie, e, èske Gouvènman an li menm ap mennen demach pou rive a liberasyon M. Patrick Elie?

Prezidan Préval :

Patrick Elie se yon zanmi mwen. Pitit li se fiyèl ansyen madanm mwen. Nou te nan kad Fred Coriolan ansanm an 86, nou te nan Onè, Respè pou Konstitisyon an ansanm, li te Manm Kabinè mwen e, mwen pa gen ankenn pwoblèm pèsonèl ak Patrick Elie, mwen pa gen ankenn pwoblèm politik ak Patrick Elie. Mwen eksplike ou istorik kesyon an. Se yon endividi ki pote yon plent kont li pou vwadfè. E, nan okazyon arestasyon li, Gouvènman ameriken pòt yon plent kont li pou vyolasyon 2 lwa federal ameriken.

Yon Lòt Jounalis :

Prezidan Préval, kontrèman a sa ou sot di la a, nan divès entèvansyon M. Patrick Elie te fè pandan li nan prizon kote li fè konnen se ta yon pwoblèm politik li ta gen ak Gouvènman ayisyen an. E, li te eksplike pwoblèm li te gen ak anbasadè Jean Casimir epi tou li te di li te gen yon pwoblèm tou ak Fritz Longchamp. Kidonk, kontrèman ak sa ou sot di la a, nou wè gen yon bagay. Nou ta renmen pou ou ta fè plis limyè sou dosye sa a pou nou.

Prezidan Préval :

M ap repete pou ou; ni Jean Casimir, ni Fritz Longchamp, ni Gouvènman ayisyèn an pa pote plent kont Patrick Elie. Plent ki genyen aktyè1man kont Patrick Elie se yon pwosè Patrick Elie kont Gouvènman ameriken.

Ankò yon Jounalis :

Nan sans sa a, èske 1 ap rete nan prizon nèt ale ou dimwens ki sa k ap fèt? Èske se li menm ki fè demach pèsonèl li? Se yon sitwayen, li gen dwa tou pou li jwenn pwoteksyon Gouvènman pa li, pou li rive jwenn liberasyon li kanmenm.

Prezidan Préval :

Tou sa Gouvènman ayisyen kapab fè nan ka yon ayisyen ki arete nan yon lòt peyi, se ba li asistans si li aksepte li. Men Dany la a. Depi jou yo rele mwen pou di mwen yo bloke li 1òtbò, imedyatman mwen rele konsil jeneral nou an nan Miyami pou li al wè sa ki pase e mwen rele avoka nou lòtbò pou al wè sa ki pase. Egal konsa, piske li kolabore ak lajistis, epi li soti.

Yon Jounalis :

Prezidan Préval, n ap chanje sijè yon ti moman ...

Prezidan Préval :

Non, mwen pap chanje sijè. Se sou sijè sa a m ap rete.

Jounalis la :

Yo ba ou pote reskonsablite paske Gouvènman an poko gen chanjman ki fèt ladann..

Prezidan Préval :

Mwen di ou: mwen pap chanje sijè, se sou sijè sa a m ap rete! Paske mwen pa pral pale sou li ankò. Mwen fè en nan kote mwen pat pale sou li. Kwè mwen, se yon zanmi, mwen ta vle li sot nan prizon. Pandan en nan mwen pe, mwen pa di anyen.

Mwen pa ta ka kite Dany kanpe deyò a san mwen pa ba li yon eksplikasyon. E, mwen estime jodi a kote fòk mwen bay yon eksplikasyon piblik pou tout zanmi Patrick konnen egzakteman sitiyasyon an pou yo frape nan bon pòt la si yo vle li soti. Bon pòt la se pa nan Penitansye li ye, se nan prizon Wachintonn sou plent Gouvènman ameriken. Se pa sou plent Gouvènman ayisyen, se pa sou plent mwen menm, se pa sou plent Longchamp, se pa sou plent Casimir.

Yon lòt Jounalis :

Nou konnen Majò Dany Toussaint te nan prizon tou, petèt mwen pa konn si li te gen chans rankontre ak Patrick Elie. Se kòman misye ye nan prizon an, eta moral li sitou sa?

Dany Toussaint :

Bon, nou pat nan menm prizon paske mwen te Miyami e Patrick Elie Wachintonn. Nou pat gen chans rankontre ditou. Bon, mwen edifye sou jan mwen pale ak Prezidan Préval. Nou pral kounye a eseye frape nan bon pòt la pou pale avèk Patrick pou li aksepte jwenn yon avoka pou defann li kòrèkteman e, kontinye sipòte li tankou n ap sipòte li jodi a.

Yon Jounalis :

Prezidan Préval, èske ou konte rann vizit a M. Patrick Elie nan prizon an?

Prezidan Préval :

Ki sa sa ap sèvi? Se liberasyon li nou bezwen. Pa vre? Si pou li libere, se pou li chèche yon avoka, yon bon avoka ki pou defann li. C'est de ça qu'il s'agit. Mwen menm m ap di yon bagay. Gen yon seri moun ki pa konn ka a kote 1è ou pale avèk yo, yo vin konprann. Gen yon seri moun k ap fè politik avèk ka sa a. Mwen menm mwen pa ka pran yon zanmi mwen pou m ap fè politik avèk li.

Michel Jean-Claude :

Nou ta renmen mande M. Dany Toussaint, apa rankont sa a ou sot fè ak Chèf Deta peyi a, M. René Préval, ki jan mobilizasyon ou konte fè yon fason pou sitwayen Patrick Elie kapab jwenn liberasyon li?

Dany Toussaint :

Gen yon komite jistis pou Patrick Elie k ap jere zafè Patrick Elie a. Mwen menm depi lè mwen tounen sot Ozetazini, premye bagay mwen di: nou pral mache pou liberasyon Patrick Elie.

Jodi a fè Patrick Elie en nan. Mwen te vin devan Palè a kote malerezman, se paske se la a Kapitèn Fritz Pierre-Louis kote Kapitèn Fritz Pierre-Louis menm mwen te vin adrese mwen jodi a. Paske mwen pa wè klè, mwen pat janm wè klè nan bagay yo. Erezman Fritz Pierre- Louis fè mwen wè pi klè pase sa mwen te vin mande li ki se: sa k ap fèt avèk Patrick Elie? S ak pase lè nou fin goumen pou demokrasi se arete, se nan prizon pou yo mete nou?

Paske mwen konnen Patrick Elie 30 septanm kote se bis li ki ta ka la a ou byen se bis pa mwen. Kidonk, se devan Fritz Pierre-Louis mwen te vin pale kòm kanmarad konba nou. Kidonk, jodi a fè Patrick Elie en nan e petèt li pa konnen tou, e mwen te voye mesaj la ba li pou tou fè li konnen mwen te pase 2 jou tou nan prizon. Kidonk, bagay la di 1è ou nan prizon. Kidonk, pou mobilizasyon se Komite a ki pral jere sa.

Yon Jounalis :

Aprè eksplikasyon Prezidan Préval fin ba ou, ou di ou konprann ka a, èske ou pre pou pale ak moun ki nan Komite k ap jere kesyon Patrick Elie a pou kapab konvenk yo, frape nan bon pòt la jan ou te di talè a?

Dany Toussaint :

Premyeman, sa mwen fè la a se yon bagay pèsonèl; Patrick Elie se zanmi nou, Patrick Elie se kanmarad nou, se konpayon konba mwen. Kidonk, ou ta wè anpil moun deyò si yo t ap mobilize pou monte devan Palè.

Dayè se youn nan bagay mwen pat vle ditou. Se sa ki fè mwen chwazi mwen menm sèl pou te vini (sekirite dabò) pou evite derapaj e pou evite enfiltrasyon pou moun pa vin pwofite fè bagay pa yo. Paske mwen gen pou devwa pou mwen rete fidè1 e lwayal ak Prezidan mwen dabò epi zanmi mwen answit ki: René Préval.

Kidonk, mwen panse pou al pale ak komite a jan Prezidan an sot pale avèk mwen an si lefo, si gen nan yo ki kab aranje yon chita tande ak Prezidan an li ta va eksplike yo jan li eksplike mwen an e konvenk yo. Men se pa mwen menm ki pral konvenk yo paske 1è ou fin pran yon bagay w al transmèt li, li gen dwa defòme. Men lè ou tande li an premye men, l ap pi bon.

Prezidan Préval :

Le 7 avril, mwen rankontre fanmi Patrick Elie. Papa 1, 2 tant li, yon kouzen li, 2 kouzin li ak mari yo ki te fè apeprè 9 ou 10 moun, e avoka Gouvènman ayisyen. Nou analize sitiyasyon an, e m panse si komite pou liberasyon Patrick Elie a deside rankontre m, m ap rankontre yo pou m eksplike yo sitiyasyon an jan 1 ye. Lè yon moun se lajistis ameriken ou gen afè avèk li, menm si w rele ki moun Ozetazini, nenpòt ki moun, menm si se Prezidan Ameriken, se avoka 1 pran pou soti 1, pou defann li. Se vwa sa a pou nou pran, se pa vwa pran lari epi boule kawoutchou an Ayiti k ap fè lajistis Ameriken pa jije yon moun li arete.

Mesye dam, mèsi bokou.

 

 

Début de la page


| Main Page| |General Information | |Government and Society| |Links on the Web |
| Business and Economy | |Tourism and Travel | |Visa Regulations | |Documentation |

©2003 Copyright Embassy of the Republic of Haiti