ENTÈVIYOU PREZIDAN REPIBLIK LA
SOU KRIZ ELEKTORAL LA AK GOUVÈNMANTAL LA
PALÈ
NASYONAL
14 DESANM 1998
JOUNALIS LA :
Prezidan
PREVAL, ou te rankontre maten lendi 14 desanm nan avèk manm Sektè
Sendikal la ak Manm Sektè Patwonal la. Èske nou kapab konnen ki sa
k soti nan rankont sa a?
PREZIDAN
PREVAL :
Maten
an, 14 desanm, mwen rankontre Sektè Sendikal la ak Sektè Patwonal
la ansanm. Se te sou inisyativ yo menm yo pran pou wè nan ki mezi
yo menm yo kapab, ansanm, ede a rezolisyon kriz la. Se yon bon bagay.
Sosyete Sivil la, nan tout konpozant li, enterese 1 ak sa k ap pase
nan vi politik peyi 1.
Men,
fò m di se pa lendi 14 desamn nan selman nou rankontre, ni nonplis
se pa depi lè Sektè Sendikal la ak Patwonal la pran inisyativ la ke
nou rankontre. Depi kriz la kòmanse, mwen menm, mwen te pran inisyativ
rankontre diferan Sektè, pami lèkèl Sektè Sendikal la, kote si memwa
mwen bon, mwen rankontre KLED 22 jen nan lamatine, ansanm Sektè Patwonal
la nan lasware. Le 23 jen, mwen te rankontre Sektè Sendikal la. Konsa
tou, mwen rankontre Legliz Katolik, Legliz Pwotestan ak diferan lòt
aktè Sosyete Sivil la.
Donk,
se yon inisyativ mwen te pran ki releye pa yon inisyativ Sektè Sendikal
la ak Patwonal la pran ansanm. Ankò yon fwa, mwen bat bravo pou inisyativ
sa a pou 2 kriz ki gen nan peyi a (kriz elektoral la ak Gouvènmantal
la) pou yo ede a rezolisyon yo.
O depa,
sa m ta ka di, sè ke kriz sa yo revele yon pwoblèm trè pwofon. Se
yon pwoblèm konstitisyonèl. Si n ap pran kesyon elektoral la: sanble
Konstitisyon an kreye yon Enstitisyon endepandan ki Egzekitif, Lejislatif
ak Jidisyè an matyè elektoral. Sa vle di, an tèm eleksyon, se li ki
pwopoze, se li ki òganize, se li ki jije. Mwen panse, la a, gen yon
refleksyon k pou fèt. Malerezman, mwen pa konn si n ap gen tan fè
1 avan fen karannsizyèm nan pou yo jwenn yon Enstans ki pou tranche
lè gen yon kontestasyon an matyè elektoral jan sa fèt nan sèten peyi.
Dezyèmman,
nan ka kriz gouvènmantal la, m kwè Nasyon an, desidè politik yo, yo
devanegalman yon pwoblèm konstitisyonèl ki mande refleksyon. Nan peyi
kote ki genyen yon Palman ki gen pou mete yon Premye Minis, ki gen
pou kontwole Minis yo, il est prévu dans la Constitution qu'en cas
de blocage, gen de vwa de sòti de kriz ki pa inik tankou isit. Pa
egzanp, ou pran an Frans, an Wisi (Russie), kote lè gen yon blokaj,
lè Palman an nan konpozisyon l pa ka soti yon Egzekitif, Prezidan
peyi sa a ki se "le garant de la bonne marche des Institutions et
de la stabilité de ces Institutions", li gen rekou a disolisyon Chanm
yo pou fòme yon nouvèl majorite e jwenn posiblite pou mete yon Gouvènman
ki reflete nouvèl majorite sa a.
Malerezman,
Konstitisyon nou an, li kite nou yon grenn solisyon. Li pa gen altènativ
ladann. Yon grenn solisyon ki se jwenn yon majorite. Ò! depi byento
20 mwa, nou pri nan limit solisyon inik sa a. Donk se moman pou ansanm
Nasyon an, ansanm desidè yo reflechi sou de modalite sòti de kriz
e nan kad kriz elektoral e nan kad kriz gouvènmantal.
JOUNALIS
LA :
Konsènan
Kriz Gouvèmnantal la Prezidan, lè nou konsidere rankont ki te gen
avèk diferan sektè sa yo, èske nou pre daprè ou menm a yon solisyon
kriz la?
PREZIDAN
PREVAL :
Ou poze
m yon kesyon sou kriz gouvènmantal la, ou konnen nou nan yon rejim
kote chak pouvwa yo genyen limit yo e gen atribisyon pa yo. Le Président
de la République, lè gen yon kriz gouvènmantal, gen yon Gouvènman
demisyonè ou ki resevwa yon vòt non-konfyans, li fèt pou 1 chèche
nan sen pati majoritè a yon Premye Minis, ou, si pa gen pati majorite,
li konsilte Prezidan Chanm Depite a ak Prezidan Sena a pou, an konsètasyon
avèk yo, li gade kijan echikye politik la ye anndan Chanm yo, ki jan
rapò fòs yo ye anndan Chanm yo pou li pwopoze yon Premye Minis.
Evidamman,
tout moun konnen depi kriz la komanse avec le départ de Rosny Smarth,
d'abord sa démission, ensuite son abandon de poste (anti-constitutionnel),
Prezidan Repiblik la, sa fè 4 fwa li deziye yon Premye Minis. Se te
dabò Mr. Ericq Pierre, yon teknokrat, yon demokrat konpetan ki se
Reprezantan Ayiti nan BID. Nou konnen nan ki kondisyon li pat jwenn
ratifikasyon l. Answit, mwen deziye 2 fwa Mr. [Hervé] Denis. Nou konnen
tou malgre yon vòt a majorite "wi", li pa reyisi travèse faz ratifikasyon
1.
Mentnan,
m ap raple tout moun, pandan y ap di ou sèten moun gen enterè di kòm
kwa Prezidan an vle kriz la dire, m ap raple tout moun, Jacques Edouard
Alexis, aktyèl Premye Minis deziye e Minis Edikasyon, mwen deziye
l depi 12 jiyè. Out, septanm, oktòb, novanm, e men nou nan desanm!
Sa vle di nou sou 5 mwa. Nan ki faz nou ye nan ratifikasyon M. Jacques
Edouard Alexis?
Chanm
dè Depite a sot vote pou ba l dechaj. Sa vle di se premye zak legal
ki fèt nan pwosesis ratifikasyon l. Gen 5 etap ankò ki pou franchi.
Sa vle di Sena a gen pou reyini pou yo vote sou dechaj la. Dezyèm
etap, men, nou toujou nan preliminè kesyon an, nou toujou nan preyanbil
kesyon an, nou toujou nan atik ki pale kondisyon pou ratifikasyon
yon Premye Minis. Donk, si Sena a voie, sa fè dezyèm etap la, ret
4 lòt. Fòk kounye a Lachanm-bas ratifye Jacques Edouard Alexis kòm
Preniye Minis. Answit, fò lòt Chanm nan ratifye l kòm Premye Minis.
Answit, fòk chak Kò yo ratifye "à la majorité absolue" Deklarasyon
Politik Jeneral li. Sa vle di, apre vòt sou kondisyonalite, e se la
nou ye apre 5 mwa, nou rete 5 etap ankò pou franchi. Nou an desanm.
M kwè
Popilasyon an, Nasyon an, va jije pou wè nan 2 patnè ki kontribye
pou met anplas yon Gouvènman, kiyès ki prese e kiyès ki pa prese.
JOUNALIS
LA :
Paralèlman
a kriz gouvènmantal la, gen yon pwoblèm politik tou ki poze Prezidan.
Èske yon solisyon a kriz gouvènmantal la ta lye a yon solisyon a kriz
politik la tou?
PREZIDAN
PREVAL :
Genyen
akote kriz gouvènmantal la, ou, di mwen, sa k kreye kriz gouvènmantal
la, nou konnen se kriz elektoral la. Mwen ta di, si n ap obsève eleksyon
ki fèt nan peyi a, depi lane 90 jiska dènye eleksyon yo, nou wè yon
doub fenomèn. De jou an jou, Pati Politik pa al nan eleksyon. Alòske
an 90, tout moun t ap bouskile yo pou y al nan eleksyon, jodi a, nou
wè nan dènye eleksyon yo apa de ou twa endepandan, se te sa n ta rele
Sektè Lavalas la ki t al nan eleksyon.
Paralèlman
a non-patisipasyon ansanm Pati Politik ki t al an 90 yo, nou wè tou
vin gen yon dezafeksyon bò kote Popilasyon an. An 90, nou soti a nou
ta ka di 100% patisipasyon. Dènye eleksyon yo, yo di nou, tonbe ant
5, 6, 7% patisipasyon.
Mwen
kwè pou estabilite Enstitisyon yo, lejitimite Enstitisyon yo, mwen
menm ki gen responsablite asire estabilite e lejitimite sa a, mwen
fèt pou m fè tout jefò m pou gen kondisyon pou Enstitisyon sa yo gen
lejitimite. Sètadi: moun al vote, Pati Politik ki vle patisipe. E,
youn nan kondisyon, m pa di se sèl kondisyon, youn nan kondisyon pou
sa rive fèt, fòk gen yon C.E.P ki kredib e lajman aksepte.
Nan
yon sitiyasyon divizyon, dechiman, dezafeksyon Popilè pou eleksyon,
m kwè il faut prendre le temps de trouver le consensus nécessaire.
Il ne s'agit pas de met sou pye yon C.E.P. Il s'agit de met sou pye
yon C.E.P kredib. E, met sou pye yon C.E.P kredib mande negosyasyon
ant de pozisyon tre divèjan o depa.
L'affaire
du C.E.P est une affaire très sensible. M ap raple tout moun lit politik
la tèlman. vin apr, nou poko janm gen yon C.E.P ki fè 2 tou eleksyon
a chak eleksyon. A chak eleksyon gen kontestasyon e kontestasyon yo
toujou pote sou konpozisyon e sou fonksyònman C.E.P a. Sa ki fè a
chak tou eleksyon, nou oblije chanje C.E.P. Sa pa vle di C.E.P a pa
bon. Sa vle di Pati Politik yo pa janm satisfè, a tò ou a rezon, de
jan C.E.P a ap fonksyone. Là, ce n'est pas seulement au deuxième tour
ou pral wè kontestasyon, c'est déjà au premier tour. Donc, il faut
faire les négociations nécessaires.
Opinyon
pa mwen, sèke lè eleksyon 6 avril yo te vin bloke, yo te bloke pou
ki sa? Yo te bloke parce qu'au deuxième tour te genyen yon sèl kandida
san pyès kandida anfas li. Mwen pa panse nan kondisyon sa yo yon eleksyon
konsa kapab pote dè Enstitisyon estab piske yo konteste o depa e trè
fòtman konteste. Donk se sa k fè dezyèm tou a pat rive fèt.
Mentnan
kòm dezyèm tou a pat rive fèt paske se te yon grenn kandida k te genyen,
il faut trouver les autres candidats. C'est-à-dire, il faut se mettre
d'accord avec les autres partis politiques.
Pozisyon
pa m, c'est que il faut un C.E.P ki soti nan yon diskisyon avèk pati
politik yo, avèk sosyete sivil la. Se pou sa mwen deja rankontre Legliz
Pwotestan, Legliz Katolik, Kou Kasasyon, Depite, Senatè, Peyizan,
Sendika pou mwen te pwopoze yo yon C.E.P Pwovizwa e nou te nan estad
pou n te jwenn fòmil pou fòme C.E.P a quand les Assemblées vin reklame
pou met sou pye yon C.E.P Pèmanan.
Asanble
yo enpôtan. Yo se emanasyon yon vòt. Yo reklame daprè lakonstitisyon
pou yo fòme yon C.E.P Pèmanan e ça a pris du temps pou m diskite avèk
yo, pou m fè yo wè difikilte yon C.E.P. Pèmanan ki soti nan yon eleksyon
ki te gen otan pwoblèm ladan l. Se pa ni youn, ni 2 diskisyon. Nou
oblije fè 6 jou diskisyon de 9 vè dimaten a 6 zè diswa avèk A.D, AZÈK,
D.V, C.D. eksetera pou, nou kwè nou rive fè li, konvenk yo pou met
sou pye yon C.E.P Pwovizwa. Nou pa ka jwenn yon konsansis san n pa
pale avèk tout moun e pale pran tan. Si nou vle fè yon bon eleksyon,
fòk nou rive a yon C.E.P konsansis e se pou sa bagay yo trennen konsa.
Les
Associations Patronales et Syndicales bay dat. Mwen pa abitye bay
dat passe ou gen dwa bay tèt ou dè echeyans, men... Men pa pral bay
tèt mwen iltimatòm. W a remake sou Gouvènman sa a pa gen afich ki
make "ici bientôt". Paske bagay yo difisil, lè ou di "ici bientôt"
ou pa konn ki lè byento a ye. Gen yon Kriz Gouvènmantal, sa fé 20
mwa. Depi ane pase, mwen tande yo te di yo ta pral bay yon kado nwèl
nan mete sou pye yon Gouvènman- Gen yon dezyèm nwèl ki rive, donk,
ann pa fè twòp pwomès, ann travay pito. Paske, sa fè 20 mwa m ap travay
avèk ansanm aktè yo pou m jwenn yon solisyon.
M espere
an desanm n ap kapab avanse nan met sou pye C.E.P a. Pwopozisyon pa
m, en ce qu'il s'agit du C.E.P, m ap rezime 1. C'est un C.E.P Provisoire
de Consensus. Pa gen ankenn fòmil C.E.P nan konstitisyon an. Si gen
yon diskisyon pou C.E.P sa a soti, se dwe Pwovizwa a. Te gen yon fòmil
an 1987, men fòmil sa a te koresponn a yon moman politik kote aksyon
jounalis te trè fò. Kounye a sitiyasyon an diféran, kote yo te mande
Dwa Imen pou pwononse 1. Kounye a tout moun konnen anpil Òganizasyon
dwa imen lye a dè pati politik. Donk, sitiyasyon an chanje, kontèks
la chanje, fòk nou adapte nou politikman a kontèks la an twouvan yon
fòmil ki reponn a kontèks la.
Donk:
1-
yon C.E.P Pwovizwa de konsansis.
2-
Le consensus doit se faire entre les organisations de la Société
Civile, les Collectivités et les Partis Politiques.
3-
Mwen pwopoze yon C.E.P sou modèl Konstitisyon an mande pou C.E.P
Pèmanan an fèt, pa depatman. Gen 9 moun (Konseye), gen 9 depatman.
Mwen pwopoze pou chak depatman reprezante au sein du Conseil Electoral
Provisoire de consensus.
Mentnan,
e se sa mwen di sendika yo avèk patwona a maten an, il reste à trouver
la formule. Paske jan m sot di talè a 87 pa 98, done politik yo
chanje, pèsepsyon yo genyen de chak Fòs Politik yo chanje, pèsepsyon
yo gen de Sosyete Sivil la, chanje.
Donc,
tout en félicitant l'initiative de la Société Civile à travers les
Associations Patronales et Syndicales, tou an swetan lòt moun rantre
nan konsètasyon, sa a, toutan konsedan nou prese, twò prese pa fè
jou louvri. Pito nou mize, nou pote bon komisyon.
Pou
mwen menm, ankò yon fwa, mwen dekrete lapèmanans e, se pa jodi a
mwen dekrete lapèmanans. M pa pale pou chak pawòl mwen di pa al
fije ankò les positions, radikalize les positions. M pito pran ladiplomasi
diskrèt pou moun ki pa vle chita youn a lòt mwen fè travay navèt
sa a pou nou kapab rive jwenn yon solisyon dirab, valab ki bon pou
peyi a.
JOUNALIS
LA :
Mèsi
Prezidan.
©2003 Copyright
Embassy of the Republic of Haiti