ENTÈVIYOU PREZIDAN
REPIBLIK LA
SOU KRIZ ELEKTORAL LA AK GOUVÈNMANTAL LA
PALÈ
NASYONAL
14 DESANM 1998
JOUNALIS LA :
Prezidan
PREVAL, ou te rankontre maten lendi 14 desanm nan avèk manm Sektè Sendikal
la ak Manm Sektè Patwonal la. Èske nou kapab konnen ki sa k soti nan
rankont sa a?
PREZIDAN PREVAL :
Maten an, 14 desanm, mwen rankontre Sektè Sendikal la ak Sektè Patwonal
la ansanm. Se te sou inisyativ yo menm yo pran pou wè nan ki mezi yo
menm yo kapab, ansanm, ede a rezolisyon kriz la. Se yon bon bagay. Sosyete
Sivil la, nan tout konpozant li, enterese 1 ak sa k ap pase nan vi politik
peyi 1.
Men, fò m di se pa lendi 14 desamn nan selman nou rankontre, ni nonplis
se pa depi lè Sektè Sendikal la ak Patwonal la pran inisyativ la ke
nou rankontre. Depi kriz la kòmanse, mwen menm, mwen te pran inisyativ
rankontre diferan Sektè, pami lèkèl Sektè Sendikal la, kote si memwa
mwen bon, mwen rankontre KLED 22 jen nan lamatine, ansanm Sektè Patwonal
la nan lasware. Le 23 jen, mwen te rankontre Sektè Sendikal la. Konsa
tou, mwen rankontre Legliz Katolik, Legliz Pwotestan ak diferan lòt
aktè Sosyete Sivil la.
Donk, se yon inisyativ mwen te pran ki releye pa yon inisyativ Sektè
Sendikal la ak Patwonal la pran ansanm. Ankò yon fwa, mwen bat bravo
pou inisyativ sa a pou 2 kriz ki gen nan peyi a (kriz elektoral la ak
Gouvènmantal la) pou yo ede a rezolisyon yo.
O depa, sa m ta ka di, sè ke kriz sa yo revele yon pwoblèm trè pwofon.
Se yon pwoblèm konstitisyonèl. Si n ap pran kesyon elektoral la: sanble
Konstitisyon an kreye yon Enstitisyon endepandan ki Egzekitif, Lejislatif
ak Jidisyè an matyè elektoral. Sa vle di, an tèm eleksyon, se li ki
pwopoze, se li ki òganize, se li ki jije. Mwen panse, la a, gen yon
refleksyon k pou fèt. Malerezman, mwen pa konn si n ap gen tan fè 1
avan fen karannsizyèm nan pou yo jwenn yon Enstans ki pou tranche lè
gen yon kontestasyon an matyè elektoral jan sa fèt nan sèten peyi.
Dezyèmman, nan ka kriz gouvènmantal la, m kwè Nasyon an, desidè politik
yo, yo devanegalman yon pwoblèm konstitisyonèl ki mande refleksyon.
Nan peyi kote ki genyen yon Palman ki gen pou mete yon Premye Minis,
ki gen pou kontwole Minis yo, il est prévu dans la Constitution qu'en
cas de blocage, gen de vwa de sòti de kriz ki pa inik tankou isit. Pa
egzanp, ou pran an Frans, an Wisi (Russie), kote lè gen yon blokaj,
lè Palman an nan konpozisyon l pa ka soti yon Egzekitif, Prezidan peyi
sa a ki se "le garant de la bonne marche des Institutions et de la stabilité
de ces Institutions", li gen rekou a disolisyon Chanm yo pou fòme yon
nouvèl majorite e jwenn posiblite pou mete yon Gouvènman ki reflete
nouvèl majorite sa a.
Malerezman, Konstitisyon nou an, li kite nou yon grenn solisyon. Li
pa gen altènativ ladann. Yon grenn solisyon ki se jwenn yon majorite.
Ò! depi byento 20 mwa, nou pri nan limit solisyon inik sa a. Donk se
moman pou ansanm Nasyon an, ansanm desidè yo reflechi sou de modalite
sòti de kriz e nan kad kriz elektoral e nan kad kriz gouvènmantal.
JOUNALIS LA :
Konsènan Kriz Gouvèmnantal la Prezidan, lè nou konsidere rankont ki
te gen avèk diferan sektè sa yo, èske nou pre daprè ou menm a yon solisyon
kriz la?
PREZIDAN PREVAL :
Ou poze m yon kesyon sou kriz gouvènmantal la, ou konnen nou nan yon
rejim kote chak pouvwa yo genyen limit yo e gen atribisyon pa yo. Le
Président de la République, lè gen yon kriz gouvènmantal, gen yon Gouvènman
demisyonè ou ki resevwa yon vòt non-konfyans, li fèt pou 1 chèche nan
sen pati majoritè a yon Premye Minis, ou, si pa gen pati majorite, li
konsilte Prezidan Chanm Depite a ak Prezidan Sena a pou, an konsètasyon
avèk yo, li gade kijan echikye politik la ye anndan Chanm yo, ki jan
rapò fòs yo ye anndan Chanm yo pou li pwopoze yon Premye Minis.
Evidamman, tout moun konnen depi kriz la komanse avec le départ de Rosny
Smarth, d'abord sa démission, ensuite son abandon de poste (anti-constitutionnel),
Prezidan Repiblik la, sa fè 4 fwa li deziye yon Premye Minis. Se te
dabò Mr. Ericq Pierre, yon teknokrat, yon demokrat konpetan ki se Reprezantan
Ayiti nan BID. Nou konnen nan ki kondisyon li pat jwenn ratifikasyon
l. Answit, mwen deziye 2 fwa Mr. [Hervé] Denis. Nou konnen tou malgre
yon vòt a majorite "wi", li pa reyisi travèse faz ratifikasyon 1.
Mentnan, m ap raple tout moun, pandan y ap di ou sèten moun gen enterè
di kòm kwa Prezidan an vle kriz la dire, m ap raple tout moun, Jacques
Edouard Alexis, aktyèl Premye Minis deziye e Minis Edikasyon, mwen deziye
l depi 12 jiyè. Out, septanm, oktòb, novanm, e men nou nan desanm! Sa
vle di nou sou 5 mwa. Nan ki faz nou ye nan ratifikasyon M. Jacques
Edouard Alexis?
Chanm dè Depite a sot vote pou ba l dechaj. Sa vle di se premye zak
legal ki fèt nan pwosesis ratifikasyon l. Gen 5 etap ankò ki pou franchi.
Sa vle di Sena a gen pou reyini pou yo vote sou dechaj la. Dezyèm etap,
men, nou toujou nan preliminè kesyon an, nou toujou nan preyanbil kesyon
an, nou toujou nan atik ki pale kondisyon pou ratifikasyon yon Premye
Minis. Donk, si Sena a voie, sa fè dezyèm etap la, ret 4 lòt. Fòk kounye
a Lachanm-bas ratifye Jacques Edouard Alexis kòm Preniye Minis. Answit,
fò lòt Chanm nan ratifye l kòm Premye Minis. Answit, fòk chak Kò yo
ratifye "à la majorité absolue" Deklarasyon Politik Jeneral li. Sa vle
di, apre vòt sou kondisyonalite, e se la nou ye apre 5 mwa, nou rete
5 etap ankò pou franchi. Nou an desanm.
M kwè Popilasyon an, Nasyon an, va jije pou wè nan 2 patnè ki kontribye
pou met anplas yon Gouvènman, kiyès ki prese e kiyès ki pa prese.
JOUNALIS LA :
Paralèlman
a kriz gouvènmantal la, gen yon pwoblèm politik tou ki poze Prezidan.
Èske yon solisyon a kriz gouvènmantal la ta lye a yon solisyon a kriz
politik la tou?
PREZIDAN PREVAL :
Genyen akote kriz gouvènmantal la, ou, di mwen, sa k kreye kriz gouvènmantal
la, nou konnen se kriz elektoral la. Mwen ta di, si n ap obsève eleksyon
ki fèt nan peyi a, depi lane 90 jiska dènye eleksyon yo, nou wè yon
doub fenomèn. De jou an jou, Pati Politik pa al nan eleksyon. Alòske
an 90, tout moun t ap bouskile yo pou y al nan eleksyon, jodi a, nou
wè nan dènye eleksyon yo apa de ou twa endepandan, se te sa n ta rele
Sektè Lavalas la ki t al nan eleksyon.
Paralèlman a non-patisipasyon ansanm Pati Politik ki t al an 90 yo,
nou wè tou vin gen yon dezafeksyon bò kote Popilasyon an. An 90, nou
soti a nou ta ka di 100% patisipasyon. Dènye eleksyon yo, yo di nou,
tonbe ant 5, 6, 7% patisipasyon.
Mwen kwè pou estabilite Enstitisyon yo, lejitimite Enstitisyon yo, mwen
menm ki gen responsablite asire estabilite e lejitimite sa a, mwen fèt
pou m fè tout jefò m pou gen kondisyon pou Enstitisyon sa yo gen lejitimite.
Sètadi: moun al vote, Pati Politik ki vle patisipe. E, youn nan kondisyon,
m pa di se sèl kondisyon, youn nan kondisyon pou sa rive fèt, fòk gen
yon C.E.P ki kredib e lajman aksepte.
Nan yon sitiyasyon divizyon, dechiman, dezafeksyon Popilè pou eleksyon,
m kwè il faut prendre le temps de trouver le consensus nécessaire. Il
ne s'agit pas de met sou pye yon C.E.P. Il s'agit de met sou pye yon
C.E.P kredib. E, met sou pye yon C.E.P kredib mande negosyasyon ant
de pozisyon tre divèjan o depa.
L'affaire du C.E.P est une affaire très sensible. M ap raple tout moun
lit politik la tèlman. vin apr, nou poko janm gen yon C.E.P ki fè 2
tou eleksyon a chak eleksyon. A chak eleksyon gen kontestasyon e kontestasyon
yo toujou pote sou konpozisyon e sou fonksyònman C.E.P a. Sa ki fè a
chak tou eleksyon, nou oblije chanje C.E.P. Sa pa vle di C.E.P a pa
bon. Sa vle di Pati Politik yo pa janm satisfè, a tò ou a rezon, de
jan C.E.P a ap fonksyone. Là, ce n'est pas seulement au deuxième tour
ou pral wè kontestasyon, c'est déjà au premier tour. Donc, il faut faire
les négociations nécessaires.
Opinyon pa mwen, sèke lè eleksyon 6 avril yo te vin bloke, yo te bloke
pou ki sa? Yo te bloke parce qu'au deuxième tour te genyen yon sèl kandida
san pyès kandida anfas li. Mwen pa panse nan kondisyon sa yo yon eleksyon
konsa kapab pote dè Enstitisyon estab piske yo konteste o depa e trè
fòtman konteste. Donk se sa k fè dezyèm tou a pat rive fèt.
Mentnan kòm dezyèm tou a pat rive fèt paske se te yon grenn kandida
k te genyen, il faut trouver les autres candidats. C'est-à-dire, il
faut se mettre d'accord avec les autres partis politiques.
Pozisyon pa m, c'est que il faut un C.E.P ki soti nan yon diskisyon
avèk pati politik yo, avèk sosyete sivil la. Se pou sa mwen deja rankontre
Legliz Pwotestan, Legliz Katolik, Kou Kasasyon, Depite, Senatè, Peyizan,
Sendika pou mwen te pwopoze yo yon C.E.P Pwovizwa e nou te nan estad
pou n te jwenn fòmil pou fòme C.E.P a quand les Assemblées vin reklame
pou met sou pye yon C.E.P Pèmanan.
Asanble yo enpôtan. Yo se emanasyon yon vòt. Yo reklame daprè lakonstitisyon
pou yo fòme yon C.E.P Pèmanan e ça a pris du temps pou m diskite avèk
yo, pou m fè yo wè difikilte yon C.E.P. Pèmanan ki soti nan yon eleksyon
ki te gen otan pwoblèm ladan l. Se pa ni youn, ni 2 diskisyon. Nou oblije
fè 6 jou diskisyon de 9 vè dimaten a 6 zè diswa avèk A.D, AZÈK, D.V,
C.D. eksetera pou, nou kwè nou rive fè li, konvenk yo pou met sou pye
yon C.E.P Pwovizwa. Nou pa ka jwenn yon konsansis san n pa pale avèk
tout moun e pale pran tan. Si nou vle fè yon bon eleksyon, fòk nou rive
a yon C.E.P konsansis e se pou sa bagay yo trennen konsa.
Les Associations Patronales et Syndicales bay dat. Mwen pa abitye bay
dat passe ou gen dwa bay tèt ou dè echeyans, men... Men pa pral bay
tèt mwen iltimatòm. W a remake sou Gouvènman sa a pa gen afich ki make
"ici bientôt". Paske bagay yo difisil, lè ou di "ici bientôt" ou pa
konn ki lè byento a ye. Gen yon Kriz Gouvènmantal, sa fé 20 mwa. Depi
ane pase, mwen tande yo te di yo ta pral bay yon kado nwèl nan mete
sou pye yon Gouvènman- Gen yon dezyèm nwèl ki rive, donk, ann pa fè
twòp pwomès, ann travay pito. Paske, sa fè 20 mwa m ap travay avèk ansanm
aktè yo pou m jwenn yon solisyon.
M espere an desanm n ap kapab avanse nan met sou pye C.E.P a. Pwopozisyon
pa m, en ce qu'il s'agit du C.E.P, m ap rezime 1. C'est un C.E.P Provisoire
de Consensus. Pa gen ankenn fòmil C.E.P nan konstitisyon an. Si gen
yon diskisyon pou C.E.P sa a soti, se dwe Pwovizwa a. Te gen yon fòmil
an 1987, men fòmil sa a te koresponn a yon moman politik kote aksyon
jounalis te trè fò. Kounye a sitiyasyon an diféran, kote yo te mande
Dwa Imen pou pwononse 1. Kounye a tout moun konnen anpil Òganizasyon
dwa imen lye a dè pati politik. Donk, sitiyasyon an chanje, kontèks
la chanje, fòk nou adapte nou politikman a kontèks la an twouvan yon
fòmil ki reponn a kontèks la.
Donk:
1- yon C.E.P Pwovizwa de konsansis.
2- Le consensus doit se faire entre les organisations de la Société
Civile, les Collectivités et les Partis Politiques.
3- Mwen pwopoze yon C.E.P sou modèl Konstitisyon an mande pou C.E.P
Pèmanan an fèt, pa depatman. Gen 9 moun (Konseye), gen 9 depatman.
Mwen pwopoze pou chak depatman reprezante au sein du Conseil Electoral
Provisoire de consensus.
Mentnan, e se sa mwen di sendika yo avèk patwona a maten an, il reste
à trouver la formule. Paske jan m sot di talè a 87 pa 98, done politik
yo chanje, pèsepsyon yo genyen de chak Fòs Politik yo chanje, pèsepsyon
yo gen de Sosyete Sivil la, chanje.
Donc, tout en félicitant l'initiative de la Société Civile à travers
les Associations Patronales et Syndicales, tou an swetan lòt moun
rantre nan konsètasyon, sa a, toutan konsedan nou prese, twò prese
pa fè jou louvri. Pito nou mize, nou pote bon komisyon.
Pou mwen menm, ankò yon fwa, mwen dekrete lapèmanans e, se pa jodi
a mwen dekrete lapèmanans. M pa pale pou chak pawòl mwen di pa al
fije ankò les positions, radikalize les positions. M pito pran ladiplomasi
diskrèt pou moun ki pa vle chita youn a lòt mwen fè travay navèt sa
a pou nou kapab rive jwenn yon solisyon dirab, valab ki bon pou peyi
a.
JOUNALIS
LA :
Mèsi
Prezidan.