news crest

JOUNEN ENTÈNASYONAL LANG AK KILTI KREYÒL

Pou selebre jounen lang ak kilti kreyòl lan, Anbasad Ayiti nan peyi Etazini pran plezi pataje “Ayiti se”, yon mizik kote Mikaben chante richès lakay.   

Pawòl Ayiti se – Mikaben

[Verse 1]

Ayiti se bèl lanmè, se bèl montay ak bèl rivyè

Se bèl plaj ak pye kokoye

Bèl peyisaj ak bèl koulè

Ayiti se sant kafe k’ap monte nan nen m le maten

Se sant lawouze k fèk poze

Pou flè dizè ka boujonnen

Ayti se Basen ble, Kaskad Pichon avèk Sodo

Se Akaden, La Sitadèl, se Labadi ak Marigo

Ayiti se Lavale, se Pòsali ak Zabriko

Se mòn Lasèl, Pik Makaya

Se Mamlad ak mòn Pil Bowo

Ayiti s’on dous makòs, se yon ponyen pistach griye

S’on ji kole ki pou banm fòs

S’on boutèy kola byen glase

Ayiti s’on bon griyo, s’on bon fritay, on bon taso

S’on bon legim avèk sirik, s’on bon diri avèk lalo

Ayiti s’on bon bouyon, s’on soup joumou ak tout piman

S’on bon kasav avèk manba

Ou ka tranpe nan akasan

Ayiti s’on bon donmbwèy k’ap marinen n’on bon sòs pwa

S’on bwa kockon, on bon kleren

Ayiti s’on bon Kafe diswa

[Chorus 2x]

Ayiti cheri pou jan mwen renmen w

Mwen vin depose ti kè mwen nan men w

Ayiti cheri pou jan m’adore w

Pa gen anyen k’ap jan m fè mwen kite w

[Verse 2]

Ayiti s’on bèl mizik, s’on bann a pye, s’on twoubadou

S’on son kata seremoni, yon son kwachi, yon son tanbou

Ayiti se tè ogou, se tè zansèt kite pou nou

Se la lesklavaj t’aboli

S’on tè libète ak vodou

Ayiti se festival, se ti sourit, se fèt chanpèt

S’animasyon nan Kanaval

Se yon ti zil k pa janm frèt

Ayiti se yon bezig, s’on domino, s’on bon twasèt

S’on reveyon kote ki gen bouyon

Se la k gen kenbe tèt

Ayiti se yon konbit peyizan kap sèkle latè

Se ti machann yo kap desann

Pou y’al goumen ak lavi chè

Ayiti se timoun yo k’ap reve de yon bèl avni

Se dlo rigòl la k’ap desann

Pa konn kote l pral ateri

Ayiti se anba tant lan depi apre 12 janvye

Se labou k lev’on move sant chak lè on ti lapli fin tonbe

Ayiti se sou beton’an pou konn “La vrai Réalité”

Se youn ki tris mwen gras a Dye

Se pa li sel man n’ka chante

[Chorus 2x]

[Verse 3]

Ayiti se yon manman ki konn sa yo rele doulè

On fanm ki djanm, on fanm vanyan

Menm si l konnen li pa parfè

Ayiti se yon bèl fanm ki menm si l pase anpli mizè

Li toujou f’on jan l renje kò l

Pou tout piti li toujou fyè

Ayiti se tout bagay sa yo ki fè ke nou renmen w

E menm si wout la long konnen n’ap toujou la pou n kenbe men w

Ayiti cheri w mèt kwè m

Pa gen anyen k’ap fè m kite w

M’ap toujou la pou ou cheri

Kite mizik sa dòlote w

Pap janm Kite w